Istwa, kont kreyòl nan karayib la⚓
Prezantasyon⚓
Sa elèv yo ap rive fè
Konprann yon mesaj ou tande, yon tèks ou li epi pran la pawòl kòmsadwa
Li, konprann epi entèprete divès kalite tèks
Ekri tout kalite tèks pou bay yon dizon
Konesans, abilite, kapasite, atitid
Tande, li, konprann yon tèks naratif ki gen pou wè ak kilti peyi Dayiti ak rejyon karayib la
Idantifye pèsonaj nan yon tèks, kote istwa sòti
Di yon lòt jan/rezime/kòmante yon istwa ou li oubyen ou tande
Rakonte yon istwa ou viv oubyen ou envante
Sa elèv yo dwe konnen
Elèv yo dwe metrize kèk règ gramè nan lang lan. Yo dwe kapab fè fraz senp. Daprè kourikoulòm 6zyèm ane fondamental la, elèv yo dwe respekte kòman moun pran lapawòl, poze kesyon, mande yon enfòmasyon. Yo kapab di tou yon lòt jan : yon mesaj, yon konsiy oubyen yon lòd yo resevwa.
Estrateji aprantisaj
Pou pèmèt elèv yo tande, li, ekri epi konprann yon tèks naratif, n ap itilize estrateji ak teknik aprantisaj sa yo :
lekti endividyèl, lekti kolektif
obsèvasyon jan yon tèks naratif òganize
chèche lide prensipal chak paragraf
rezime yon tèks
fich lekti
egzèsis gramè, òtograf, vokabilè.
Dekoupaj an seyans
Seyans (Tit ak dire) | Tèm : plas seyans lan nan sekans lan ak deskripsyon Li, tande, konprann yon tèks naratif epi travay sou alfabè kreyòl la (òtograf) : son, siy, vwayèl, konsòn, demi vwayèl ; gramè, tip ak fòm fraz, makè tan. |
---|---|
Seyans 1 (1è) Lekti ak konpreyansyon | Seyans sa ap pèmèt elèv yo rapòte nan lòd yon tèks (kont) yo tande oubyen yo li, pandan y ap konsève tout dewoulman ki pèmèt yo konprann yon evènman. Y ap kapab idantifye tit, tip tèks la, lide prensipal, lide segondè ki degaje ladann epi idantifye diferan pèsonaj yo. Elèv yo ap pakab reprann tèks la alekri nan pwòp mo pa yo. |
Seyans 2 (2è) Estrikti yon tèks naratif | Nan seyans sa a, elèv yo ap konnen kisa yon tèks naratif ye. Y ap kapab idantifye mwayen/teknik pou yo rekonèt yon tèks naratif pami lòt tip tèks yo. Y ap kapab rakonte aloral epi alekri yon istwa pandan y ap respekte teknik yo. |
Seyans 3 (2è) Gramè : tip ak fòm fraz | Tèks Bouki machann sann nan ap pèmèt elèv yo dekouvri nan seyans sa a, kat (4) tip fraz ki egziste nan kreyòl la : deklaratif, enperatif, eksklamatif ak entèwogatif. Y ap konnen nan ki ton pou yo li chak tip fraz yo epi ki siy ponktiyasyon ki mache ak yo. Elèv yo ap itilize menm tèks sa a pou yo idantifye epi ekri, twa (3) fòm fraz ki egziste nan kreyòl la : afimatif, negatif ak anfatik. |
Seyans 4 (1è) Gramè : makè tan/idantifye vèb konjige yo | Nan seyans sa a, tèks paryaj Malis la ap pèmèt elèv yo li, konprann, idantifye, diferansye epi itilize makè tan yo: pase, prezan, fiti ak kondisyonèl. Y ap idantifye tou vèb konjige yo. |
Seyans 5 (1è) Òtograf : alfabè kreyòl | Nan seyans sa a, elèv yo ap kapab metrize alfabè kreyòl la, y ap rekonèt vwayèl ak konsòn ki egziste nan lang lan ; Y ap gen pou idantifye diferans ki egziste ant vwayèl oral, nazal ak demi vwayèl epi konsòn oral ak nazal ; Y ap gen pou yo metrize tou, grafèm ak fonèm yo. |
Seyans 6 (3è) Mini pwojè : konkou tèks naratif | Nan seyans sa a, chak gwoup elèv ap gen pou prezante yon tèks naratif yo envante. Pwojè a se yon konkou, mèt la ap defini kritè yo (wè anèks) pandan l ap raple estrikti tèks naratif la epi presize pou elèv yo respekte règ gramè yo kòmsadwa. |
Sipò
Sixto, M. (dat). Ti sentaniz (ekstrè), Kopivit-laksyon –sosyal
Tardieu, G.M. epi P. Nicolas, (2008). Paryaj Malis la, kopivit-lasyon-sosyal
Tardieu, G.M. epi P. Nicolas, (2008). Bouki machann sann nan, kopivit-lasyon-sosyal
Tardieu, G.M. (2010). Gramè kreyòl : 7èm, 8èm, 9èm ane fondamantal nouvo segondè, kopivit- laksyon sosyal
Aktivite pou evalyasyon dyagnostik : diferansye mo avèk fraz epi fich idantite
Aktivite pou alfabè kreyòl
Òtograf, Flè Dizè (ekstrè). Jean-Claude martineau
Aktivite pou estrikti tèks naratif
Jan pou evalye elèv yo
Premye evalyasyon: dyagnostik
Mèt la ap gen pou li verifye, nan materyèl didaktik ki nan anèks la aktivite 1 epi 2, kapasite elèv yo genyen pou fè diferans ant mo ak fraz. Epi konprann yon konsiy yo resevwa.
Evalyasyon final:
Elèv yo ap ekri yon istwa kite rive yo. Nan tèks sa a, yo dwe respekte estrikti yon tèks naratif. Yo dwe montre aklè tout teknik, estrikti/dewoulman yon tèks naratif. Nan tèks y ap pwodui a, y ap gen pou respekte tip fraz tankou: deklaratif, enperatif, eksklamatif ak entèwogatif; Y ap gen pou yo itilize tou, fòm fraz tankou (afimatif, negatif epi anfatik).
Narasyon, se yon jan literè ki mande metriz makè tan yo epi ekri mo yo kòmsadwa. Sekans sa a ap pèmèt elèv yo pratike yo, metrize yo, aplike yo nan yon tèks
Endikatè
Elèv yo ap kapab li pandan y ap respekte ton chak fraz.
Elèv yo ap kapab ekri fraz nan tip ak fòm yo kòmsadwa.
Elèv yo ap kapab fè diferans ant yon tèks naratif ak lòt tip tèks yo.
Elèv yo ap kapab ekri mo yo kòmsadwa daprè règ ekriti lang kreyòl la.
Aktivite an plis
Nan ribrik sa a, mèt la kapab itilize aktivite siplemantè ki nan anèks la pou pèmèt elèv ki gen difikilte yo konprann.
Mèt la kapab itilize tèks Maurice Sixto a (Ti Sentaniz) pou fè aktivite nan nenpòt seyans .
Adaptasyon pou elèv ki gen bezwen apa
Anseyan ki gen elèv ki gen bezwen apa sou responsablite li, dwe enfòme sou pwoblèm nan, konsa l ap kapab prepare li an konsekans. Anseyan an dwe enskri nan ajennda li, tan pou li fè aktivite siplemantè, evalyasyon endividyèl epi elabore avèk espesyalis yo yon pwogram etid adapte ak bezwen elèv la.
Mèt la dwe genyen yon plan entèvansyon ki dekri (eksplike) sèvis li/yo bay elèv la tankou tan travay yo fè anplis avèk li, jan elèv la entegre l andedan lekòl la …
Anseyan kapab mande elèv la reyalize yon fich sentèz sou narasyon
Mèt la ap pran swen pou li ede elèv la korije tèks li a pou anpeche li ekri P pou B epi M pou N
Konsèy pou pwofesè yo
Sekans sa a pale sou kont (tèks naratif) kilti kreyòl. Pou mèt la reyalize seyans yo, li kapab itilize kont kèk otè tankou : Gerard Marie tardieu, Paule Nicolas… Otè sa yo ekri anpil kont kreyòl ayisyen. Li kapab itilize tou kèlke ekstrè lodyans Maurice Sixto tankou : Lea kokoye, Ti Sentaniz... Lodyansè sa a dekri anviwònman ak sosyete ayisyen an avèk anpil koulè. Li kapab itilize tou manyèl eskolè setyèm (7èm) ane fondamantal yo ki rakonte kèlke istwa nan kreyòl lòt peyi nan karayib la tankou : Matinik, Gwadloup.
Seyans1 : konprann/tande epi li yon tèks⚓
Tan1 : Evalyasyon dyagnostik/tande istwa
Mèt la ap kòmanse seyans lan avèk aktivite evalyasyon dyagnostik la. L ap distribiye tèks kont paryaj Malis la. L ap mande elèv nan klas la pou yo li istwa endividyèlman ak anpil atansyon. L ap mande yon elèv ki vle, fè lekti a pou klas la. Mèt la ap mande elèv yo fè kòmantè sou tèks la, y ap di sa yo konprann. Mèt la ap korije jan elèv yo li a si sa nesesè.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap reyalize aktivite evalyasyon dyagnostik la. Y ap ranpli fich idantite a epi y ap fè aktivite pou diferansye mo ak fraz.
Elèv yo ap li istwa endividyèlman.
Gwoup Klas la ap koute lekti yon kamarad yo ak anpil atansyon. Y ap fè kòmantè sou tèks la, y ap di sa yo konprann.
Tan 2 : Idantifye ide ak pèsonaj ki nan tèks la
Mèt la ap mande elèv yo idantifye tit tèks la. L ap site 4 tip tèks yo (naratif, agimantatif, deskriptif ak enfòmatif) epi lap mande elèv yo pou chèche siyifikasyon yo nan yon diksyonè oubyen nan yon tablèt nimerik. Lap mande yo tou idantifye lide prensipal, segondè epi diferan pèsonaj ki nan tèks la.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap idantifye tit, tip, lide prensipal, lide segondè ak pèsonaj ki nan tèks la. Elèv yo ap chèche nan yon diksyonè oubyen nan yon tablèt nimerik 4 tip tèks yo. Y ap di ki tip tèks paryaj Malis la ye daprè definisyon yo. Y ap chèche nan tèks la ide prensipal, ide segondè ak diferan pèsonaj ki nan tèks la.
Tan 3 : Rapòte istwa
Mèt la ap mande kèlke elèv ki vle, pou reprann istwa yo soti tande a nan pwòp mo pa yo.
Sa elèv la ap fè
Kèlke elèv ap rakonte istwa yo soti tande a nan pwòp mo pa yo. Lòt elèv ap kapab entèveni pou ajoute pati ki manke yo si sa nesesè.
Tan 4 : Rapòte istwa alekri
Mèt la ap mande chak elèv ekri (reprann) nan kaye yo istwa yo soti tande a epi kèlke elèv ki vle ap li pou klas la istwa yo soti ekri a.
Mèt la ap pote koreksyon si sa nesesè
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap ekri istwa yo soti tande a epi kèlke elèv ap li tèks yo a pou klas la.
Pwodiksyon
Seyans 1 an ap pèmèt chak elèv kapab li, konprann epi reprann yon tèks naratif. Pandan aktivite sa a, elèv yo ap kapab rapòte aloral epi alekri yon tèks naratif. Chak elèv ap fè lekti endividyèl tèks mèt la pwopoze a epi pote yon ekout atantif lè lòt kamarad yo ap li oubyen ap rapòte nan pwòp mo pa yo. Aktivite sa a ap pèmèt yo tou, kapab idantifye tit ak tip tèks la, lide prensipal, lide segondè ak pèsonaj nan yon tèks epi rapòte alekri istwa yo soti tande ak li a. Elèv yo dwe kapab reprann tèks la pandan y ap respekte lòd istwa ekri a.
Tras ekri elèv la :
Tèks naratif
Yon tèks naratif se yon tèks literè ki rakonte yon istwa reyèl oubyen imajinè. Nan istwa sa a, nou jwenn lide prensipal, lide segondè ak pèsonaj yo.
Lide prensipal se plizyè lide k ap vire otou yon sijè
Lide segondè se ide ki enpòtan andedan paragraf yo ki konpoze tèks la.
Istwa a gen plizyè etap ladan n.
Pèsonaj yo kapab moun, bèt oubyen objè ki jwe yon wòl nan istwa a.
Evalyasyon
Mèt la kapab mande elèv yo pou yo eksplike aloral kisa yon tèks naratif ye. Li kapab bay yon lis non ki divize an de (2) pati youn pou moun epi youn pou bèt. Elèv yo ap gen pou idantifye epi soulinye non moun ki nan paryaj Malis la epi antoure non bèt yo. Li kapab mande tou pou elèv yo fè diferans ant lide prensipal ak lide segondè nan yon tèks. Li kapab bay yon tèks epi mande elèv yo pou yo idantifye diferan pèsonaj yo.
Remedyasyon
Nan ribrik sa a, mèt la kapab itilize yon lòt tèks k ap pèmèt li mezire si elèv yo konprann kisa ki yon tit, tip, lide prensipal, ide segondè ak pèsonaj nan yon tèks. Mèt la kapab itilize tou zouti teknolojik yo pou pèmèt li jwenn solisyon. [Animation en ligne]
Seyans 2 : estrikti yon tèks naratif⚓
Tan1: Idantifye diferan pati nan yon tèks naratif
Mèt l ap mande elèv yo fè 3 oubyen 4 gwoup, y ap reli tèks paryaj Malis la epi di an konbyen pati li divize. Lè tout gwoup fin reponn, mèt la ap pote presizyon oubyen koreksyon si sa nesesè
Sa elèv la ap fè
Chak gwoup elèv ap di konbyen pati yo jwenn epi eksplike poukisa se konsa yo divize tèks la.
Tan2 : Desine yon chema ki reprezante yon tèks naratif
Mèt l ap trase yon chema sou tablo a ki reprezante 5 pati nan tèks naratif la, aprèsa l ap distribiye yon tèks ki eksplike tèks naratif la.
Sa elèv la ap fè
Chak gwoup elèv ap trase chema a nan kaye yo. Y ap plase chak eleman tèks naratif yo nan plas ki koresponn ak yo. Y ap poze kesyon si nesesè.
Tan 3 : Ekri diferan pati yon tèks naratif
Mèt la mande elèv yo li tèks estrikti naratif la epi eksplike li daprè kont paryaj Malis la. L ap mande elèv yo itilize paragraf yo pou montre ki kote chak pati kòmanse epi ki kote chak pati fini.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap li tèks la, y ap di kisa yon tèks naratif ye epi nan kont paryaj Malis la, elèv yo ap itilize paragraf ki ladann yo pou montre ki kote chak pati kòmanse epi ki kote chak pati fini.
Tan 4 : Prezante chak pati ki genyen nan yon tèks naratif
Elèv yo ap li tèks la, y ap di kisa yon tèks naratif ye epi nan kont paryaj Malis la, elèv yo ap itilize paragraf ki ladann yo pou montre ki kote chak pati kòmanse epi ki kote chak pati fini.
Pwodiksyon
Seyans 2 a, se yon aktivite k ap pèmèt chak elèv idantifye estrikti yon tèks naratif. L ap pèmèt yo fè yon plan pou ekri epi trase yon chema ki reprezante estrikti tèks naratif. L ap pèmèt yo ekri tou yon tèks naratif pandan y ap respekte 5 pilye tèks la : sitiyasyon inisyal, eleman deklanchè, peripesi, rezilta epi sitiyasyon final.
Tras ekri elèv la :
Estrikti tèks naratif la
Tèks naratif la se yon tèks literè, li toujou kenbe menm estrikti a kèlkeswa istwa y ap rakonte a, li chita sou senk (5) pilye :
1. Sitiyasyon inisyal : Tout aktivite ap dewoule tankou dabitid, se yon tan nan istwa ki prezante kèk detay pètinan avan peripesi yo kòmanse. Pou byen ekri yon tèks naratif, fòk ou ka reponn ak kesyon sa yo : kiyès ? ki kote ? kilè ? kisa pèsonaj yo ap fè ?
2. Eleman deklanchè: se evènman oubyen aksyon ki deranje abitid lavi pèsonaj yo
3. Peripesi: Se dewoulman istwa a. Se tout aksyon ak reyaksyon pèsonaj yo poze/genyen pou kapab rejwenn sitiyasyon inisyal la. Etap sa a montre aklè tout sa pèsonaj yo panse, di epi fè pou eseye rezoud pwoblèm nan.
4. Rezilta : Se nan moman sa a pèsonaj yo ap jwenn solisyon epi mete fen ak peripesi yo. Se yon moman glwa, lavi pèsonaj yo ap reprann ekilib yo.
Sitiyasyon final : Nan peryòd sa a, tout aktivite retounen nan nòmal yo. Naratè a (moun ki ekri istwa) ap rakonte kijan lavi pral dewoule kouneya aprè tout konsekans li genyen sou lavi pèsonaj yo.
Evalyasyon
Nan seyans sa a, mèt la kapab mande elèv yo site epi eksplike estrikti yon tèks naratif. L ap li yon pati nan yon tèks naratif, epi elèv yo ap idantifye ki pati li ye. Mèt la dwe asirel elèv yo konprann epi mande yo pou yo bay kèk egzanp peripesi. Li kapab ekri sou tablo a an dezòd tout pati ki genyen nan esktrikti tèks naratif la epi mande yo pou yo mete yo nan lòd. Mèt la kapab chèche sou sit entènet, videyo ki rakonte yon istwa (tèks naratif). Elèv yo ap gen pou idantifye diferan pati ki genyen nan videyo a.
Remedyason
Nan bilan sa a, mèt la kapab itilize materyèl odyo vizyèl ki apwopriye ak estrikti tèks naratif. Li kapab itilize lòt tèks naratif ki rakonte lòt istwa oubyen fè elèv yo rakonte yon istwa reyèl ki rive yo, san bliye pilye yo. Li kapab mande yo tou ekri sitiyasyon inisyal ak eleman deklanchè yon tèks yo envante.
Seyans 3 : tip ak fòm fraz⚓
Tan 1 Gramè : tip fraz
Mèt l ap mande elèv yo li endividyèlman tèks Bouki machann sann nan, repere epi soulinye diferan tip fraz sa yo : deklaratif, entèwogatif, enperatif epi esklamatif.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap pran tèks Bouki machann sann nan pou yo fè aktivite a : y ap li, repere epi soulinye tip fraz yo.
Tan 2 : Siy ponktiyasyon yo
Mèt l ap mande elèv yo kisa yo remake sou tip fraz yo, l ap mande konbyen tip fraz ki genyen, epi mande yo ki eleman ak ki siy ponktiyasyon ki pèmèt yo idantifye tip fraz yo.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap reponn kesyon mèt la epi y ap rapòte nan kaye yo, yon fraz ki reprezante chak tip ki genyen nan tèks la.
Tan 3 : Fòm fraz
Mèt l ap mande chak elèv pou di daprè yo menm, kisa fòm fraz ye. L ap mande yo pou yo idantifye epi antoure divès fòm fraz sa yo : afimatif, negatif ak anfatik.
Sa elèv la ap fè
Chak elèv ap retounen nan tèks la epi y ap di kisa yon fòm fraz ye. Y ap idantifye epi antoure divès fòm fraz yo.
Tan 4 : Ekri tèks sou tip ak fòm fraz
Mèt l ap mande pou elèv yo ekri yon tèks 250 mo ki respekte epi itilize tip ak fòm fraz kòmsadwa. L ap chwazi kelke elèv pou li pwodiksyon yo a. Mèt l ap korije si sa nesesè.
Sa elèv la ap fè
Chak elèv ap gen pou yo ekri yon tèks 250 mo ki respekte epi itilize tip ak fòm fraz kòmsadwa. Kèlke elèv ap li tèks yo a. y ap korije si sa nesesè.
Pwodiksyon
Nan Seyans 3 a, elèv yo ap kapab idantifye nan yon tèks, tip ak fòm fraz. Y ap kapab plase tou nan yon tèks siy ponktiyasyon nan plas ki koresponn ak yo. Y ap kapab ekri kòmsadwa yon tèks ki rasanble tip ak fòm fraz epi siy ponktiyasyon yo.
Tras ekri elèv la : Tip ak fòm fraz
Tip fraz: Yon fraz gen de pati ladanl: yon pati obligatwa ak yon pati fakiltatif. Tip obligatwa: deklaratif, entèwogatif, enperatif ak eksklamatif. Men, fraz sa yo paka mache ansanm. Tip fakiltatif: se fòm fraz yo: Afimativ, negativ ak anfatik. Fraz dekalarativ oubyen fraz deklare: nou itilize tip fraz sa a, pou nou bay yon enfòmasyon. Egzanp: Elèv la jwenn tout egzèsis la. Fraz entèwogativ oubyen fraz kesyon: nou itilize li pou nou poze kesyon. Genyen de tip entèwogasyon: Entèwogasyon total : Se lè kesyon an chita sou tout pati nan fraz la, epi repons la se wi oubyen non. Egzanp : Èske Abigayèl sòti lekòl deja? Entèwogasyon pasyèl : Se lè kesyon an chita sou yon pati nan fraz la, epi repons lan pap ka wi oubyen non. Egzanp: Kijan ou ye? Fraz enperativ : Nou itilize li pou nou pase lòd. Egzanp: Al fèmen pòt klas la. Fraz eksklamativ: Nou itilize li pou nou montre yon emosyon. Egzanp : Achitekti Mangonèz yo bèl anpil !
Fòm fraz : Fòm fraz yo se tip fakiltatif yo ye : Afimativ, negativ, ak anfatik. Tout kapab mache ak tip obligatwa yo. Fòm afimativ: yon fraz afimativ kore enfomasyon li pote yo. Egzanp : Seleksyon nasyonal ayisyen an genyen match la. Fòm negativ : fraz negativ la se kontrè fraz afimativ la. Li toujou genyen pa devan pilye a (vèb). Egzanp: Komite anseyan elèv 7tyèm ane yo pa òganize konkou chan kreyòl. Fòm anfatik : pwosede pou mete yon eleman an valè, pou atire atansyon. Gen plizyè fason pou fè anfaz. Li konpoze ak konbinezon Se + ki; Fòm anfatik la kapab mete sou sijè, sou Konpleman objè (KO) ak sou pilye. Nou kapab reyalize fòm anfatik la ak tout tip fraz yo: Fraz deklarativ : Li renmen peyi a. Egzanp anfaz : Se + ki : Se li ki renmen peyi a. Sijè : Li menm, li renmen peyi a. K.O: Peyi a, li renmen li. Pilye : Renmen, li renmen peyi a.
Evalyasyon
Nan seyans sa a mèt la kapab mande elèv yo, pou yo ekri yon tèks kote y ap itilize tip ak fòm fraz. Li kapab pwopoze yon ansanm egzèsis tankou konplete fraz yo ak tip ak fòm ki koresponn ak yo pandan yo ap sonje mete siy ponktiyasyon ki koresponn ak yo. Mèt la kapab bay yon tèks epi mande pou yo plase siy ponktiyasyon yo nan bon plas la.
Remedyasyon
Mèt la kapab bay elèv yo reyalize kèk egzèsis ki pwopoze nan aktivite siplemantè yo. Li kapab itilize tou, yon liv gramè kreyòl ki pèmèt yo konprann pi byen nosyon tip ak fòm fraz. Epi li ka itilize yon tèks pou fè travay la.
Seyans 4 : Makè tan⚓
Tan 1 : Gramè / dantifye makè tan yo
Mèt l ap mande elèv yo pran tèks naratif paryaj Malis la epi y ap repere makè tan yo epi fè lis vèb ki itilize nan tèks la.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap fè yon lekti endividyèl epi y ap soulinye an vèt tan prezan yo, an wouj tan pase yo, an jòn tan fiti yo epi kondisyonèl an ble. Elèv yo ap relve lis vèb ki nan tèks la
Tan 2 : Kapab ekri makè tan yo nan fraz
Mèt l ap mande elèv yo idantifye konbyen makè tan ki genyen epi lap mande pou chak elèv rapòte nan kaye yo, yon fraz nan chak tip tan ki genyen nan tèks la.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap reponn kesyon mèt la epi y ap rapòte nan kaye yo, yon fraz nan chak tip tan ki genyen nan tèks la.
Tan 3 : Ekri yon tèks sou makè tan
Mèt l ap mande elèv yo fè 3 oubyen 4 gwoup. L ap mande yo ekri yon tèks naratif 250 mo ki respekte makè tan yo. L ap pote eklèsisman si nèsesè.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap fè gwoup 3 oubyen 4. Y ap ekri yon tèks naratif 250 mo ki respekte makè tan yo. Elèv yo ap poze kesyon si nesesè. Chak gwoup elèv ap prezante tèks yo ekri a.
Tan4 : Idantifye santiman Malis
Mèt l ap mande elèv yo idantifye epi ekri santiman Malis genyen nan tèks la
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap idantifye epi ekri santiman Malis nan tèks la
Pwodiksyon
Nan seyans sa a, elèv yo ap kapab idantifye makè tan : pase, prezan, fiti ak kondisyonèl. Y ap kapab rekonèt nan yon tèks makè tan yo, vèb yo, epi itilize yo alekri. Y ap kapab idantifye tou emosyon nan yon tèks.
Trace écrite de l’élève/Tras ekri elèv la : Makè tan
Pou ekri yon fraz, ou bezwen yon makè tan pou eksplike si aksyon an prezan (ap), pase (te),fiti (pral) epi kondisyonèl (ta).
Te : pou montre aksyon an pase deja (pase).
Egzanp : se Bouki ki te sòti ak kay la.
Ap : pou montre aksyon an ap fèt nan moman n ap pale a (prezan)
Egzanp : Malis ap manje kabrit la.
Pral : pou montre aksyon an poko fèt (fiti)
Egzanp : Malis ap pral montre w kote w ap dòmi.
Ta : makè tan kondisyonèl se tout sa ou anvi fè.
Egzanp : Malis ta mete Bouki deyò nan bèl kay la.
Evalyasyon
Mèt la kapab mande pou elèv yo fè diferans ant makè tan prezan, pase, fiti epi kondisyonèl. Li kapab distribye yon tèks kout ki ekri nan tan pase, l ap mande elèv yo pou yo reprann tèks la nan lòt tan yo. Li kapab mande yo, pou yo ekri yon tèks kote y ap itilize makè tan yo. Li kapab bay pwòp egzèsis pa li epi mande elèv yo pou yo reponn ak yo. Li kapab pwopoze yon ansanm egzèsis tankou konplete fraz yo ak makè tan ki koresponn ak yo.
Remedyasyon
Mèt la kapab itilize platfòm ki pwopoze egzèsis k ap pemèt elèv yo retounen sou nosyon makè tan. Li kapab itilize tou, egzèsis ki nan aktivite siplemantè yo. Pou pèmèt elèv yo konprann pi byen nosyon santiman, mèt la kapab itilize tèks Ti Sentaniz ki nan anèks la.
Seyans 5 : Alfabè kreyòl⚓
tan 1 : Alfabè kreyòl
Mèt l ap prezante tèks alfabè kreyòl ayisyen an (Anèks), l ap mande elèv yo pou yo li tèks la epi aji sou li pandan l ap poze kesyon.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap li tèks alfabè kreyòl ayisyen an avèk anpil atansyon.
Y ap reponn kesyon mèt la.
tan2 : Idantifye konsòn ak vwayèl ki nan lang kreyòl la
Mèt l ap prezante yon dokiman sou alfabè kreyòl la. L ap mande elèv yo pou yo reyalize premye aktivite ki sou paj la. L ap mande yo pou yo separe konsòn ak vwayèl.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap fòme gwoup yo epi yap travay nan kaye yo. Y ap divize vwayèl ak konsòn ki nan alfabè Kreyòl la.
tan 3 : Fè diferans ant son oral ak son nazal ki gen nan lang kreyòl la
Mèt l ap mande pou chak gwoup yo fè diferans ant vwayèl /konsòn oral ak vwayèl/konsòn nazal. Y ap itilize dezyèm aktivite ki sou paj la.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap rekopye nan kaye yo, vwayèl oral ak nazal ak konsòn oral ak nazal epi y ap eksplike diferans yo fè nan pwononsyasyon yo.
Tan 4 : Demi vwayèl/ son ak siy ki nan lang kreyòl la
Nan aktivite 4, 5, 6 la, mèt l ap mande elèv yo pou idantifye, eksplike kisa demi vwayèl/semi vwayèl ye (aktivite 4). L ap mande gwoup elèv yo fè diferans ant son ak siy ki gen nan lang kreyòl la (aktivite 5). Aprèsa, l ap pote presizyon sou repons elèv yo bay. Nan aktivite 6 la, elèv yo ap gen pou yo vinn prezante siy ak son yo devan gwoup klas la.
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap idantifye epi eksplike kisa demi vwayèl la ye. Elèv yo ap fè diferans ant son ak siy ki gen nan lang kreyòl la. Chak gwoup elèv ap prezante devan klas la, siy ak son nan lang kreyòl la.
Pwodiksyon
Nan seyans sa a, elèv yo ap konnen byen alfabè kreyòl ayisyen an. Y ap kapab fè diferans ant grafèm, fonèm, son nazal ak son oral (konsòn, vwayèl) epi demi vwayèl.
Trace écrite de l’élève/lTras ekri elèv la : Alfabè kreyòl
Alfabè kreyòl ayisyen an genyen 32 grafèm: A, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, I, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z.
Grafèm : Siy òtograf nou sèvi pou nou ekri yon son (fonèm). Se tout lèt oswa konbinezon lèt ki reprezante yon fonèm. Egzanp : Lèt d reprezante fonèm /d/ nan mo tankou « danje ». Fonèm : Se inite son ki pèmèt ou diferansye yon lèt parapò ak yon lòt lèt. Egzanp : /a/, /b/, /k/, /t/.
Alfabè kreyòl la divize an de pati : vwayèl ak konsòn. Vwayèl oral : Se lè pwonosyasyon lèt yo fèt san blokaj, yo se : a, e, è, i, o, ò, ou, ui. Vwayèl nazal : Pwonosyasyon an fèt avèk blokaj, son an sòti nan nen, yo se : an, en, on, oun. Demi vwayèl : Se yon son ki la pou separe de vwayèl. Se de eleman sèlman yo ye : w ak y. Konsòn oral : se lè pwonosyasyon lèt yo fèt san blokaj, yo se : b, ch, d, f, g, h, j, k, l, p, r, s, t, v, z. Konsòn nazal : Pwonosyasyon an fèt avèk blokaj, son an sòti dirèkteman nan nen, yo se : m, n, ng.
Evalyasyon
Mèt la kapab mande elèv yo li yon tèks epi fè yo soulinye son nazal aprèsa antoure son oral yo epi fè yon kwa anba demi vwayèl yo. Mèt la kapab mande pou elèv yo ekri yon pwezi oubyen yon chan ki fè resòti tout son ki gen nan alfabè kreyòl la. Li kapab bay yo tou yon dikte ki ap pèmèt li mezire nivo metriz òtograf elèv yo (Anèks).
Remedyasyon
Mèt la kapab itilize materyèl odyo vizyèl k ap pèmèt elèv yo tande chan ak pwezi sou alfabè kreyòl ayisyen an. Li kapab itilize menm teknik lan pou elèv yo tande son oral ak son nazal epi demi vwayèl. Li kapab itilize platfòm ak tèks pou kontinye aktivite a.
Seyans 6 : UP/ konkou tèks naratif⚓
Tan 1 : Eksplikasyon konkou a
Enpòtan : Ekspoze/konkou a ap fèt sou 2 seyans. Yon seyans pou eksplike epi konprann travay la epi yon seyans pou konkou a menm. Mèt la ap mande pou elèv yo reflechi sou yon istwa imajinè tankou paryaj Malis la. L ap bay konsiy (kritè nan anèks la) pou ekri tèks la kòmsadwa
Sa elèv la ap fè
Elèv yo ap mete yo an gwoup twa oubyen kat epi reflechi sou yon istwa imajinè tankou paryaj Malis la. Elèv yo ap koute eksplikasyon yo ak anpil atansyon. Elèv yo ap poze kesyon epi fè sijesyon.
Tan 2 : Apresyasyon ekspoze yo
Jou ekspoze a, mèt la ap mande pou tout gwoup kole ekspoze yo sou miray la. L ap distribiye nimewo pou prezantasyon yo kapab fèt nan lòd epi l ap mande klas la pou al gade ekspoze yo sou miray la.
Sa elèv la ap fè
Chak gwoup ap kole ekspoze yo sou miray la. Y ap ekspoze daprè nimewo yo. Tout elèv ap gade/ apresye ekspoze youn lòt.
Tan3 : Prezantasyon / evalyasyon
Mèt la ap mande pou gwoup yo prezante travay yo youn aprè lòt. L ap mande pou gwoup yo jije travay lòt gwoup yo, y ap gen pou di fòs ak feblès ekspoze yo epi l ap mande pou chak gwoup bay yon nòt daprè kritè a sou dis pandan mèt la ap jije travay yo aloral epi alekri
Sa elèv la ap fè
Chak gwoup ap prezante travay yo daprè kritè ki nan anèks la epi y ap gen pou di fòs ak feblès chak ekspoze epi bay yon nòt.
Tan 4 : Prim
Mèt la ap mande de gwoup ki gen plis pwen yo pou yo pase devan epi remèt prim yo bay de gwoup ki kalifye yo.
Sa elèv la ap fè
De gwoup ki gen plis pwen yo ap pase devan epi resevwa prim yo.
Pwodiksyon
Seyans sa a pèmèt elèv yo aplike tout nosyon yo aprann nan sekans 1 an. Konkou tèks naratif la ap pèmèt yo ekri yon tèks naratif san difikilte epi itilize kòmsadwa òtograf kreyòl la, tip ak fòm fraz, makè tan yo.
Anèks⚓
Tèks 1 - PARYAJ MALIS LA
Krik? Krak! - Vwala, apre dènye priyè yo te òganize pou defen Grann Dodo, yo voye chache Mèt Jebouche, notè bouk la. Msye rasanble tout fanmi an pou l li testaman Grann Dodo. Notè a esplike tout bagay byen esplike epi li bay chak moun sa Grann Dodo te kite pou yo.
Kifè, se Bouki ki te sòti ak kay la kòm se limenm ki te pigran. Malis limenm, sòti ak ti chanmòt la nan fon lakou a kote li te rete ak Bouki a. Sa pat fèl plezi ditou. Men, li pa di anyen, li rete byen trankil ak yon bèl souri. Apre sa, chak fwa li pase devan bèl ti kay la, kèl fèl mal paske se kay sa a li ta vle ki pou li.
Li tap chache yon jan pou wè si li pa ta wete bèl kay sa a nan men Bouki. Pou sa li di Bouki l ap fè yon paryaj ak li : chak katrè di-maten youn dwe bay lòt yon kout baton. Sa k va genyen an va pran kay lòt la.
Bouki di : Malis, mwen akchepte, konpè. Chi m genyen, m ap pran bèl chanmòt ou a, chi che ou, m ap ba w kay mwen an.
- Oke ! se mwen k ap premye ba w kout baton an demen maten.
Lè kòk chante, Malis al frape kay Bouki ki sòti tèt li deyò. Malis ba l yon ti kou tou piti. Bouki di konsa:
-Podyab ou pa gen fòs. M ap genyen w.
Men Malis te konn sa l pra l fè, nou pral wè. Kon l jou, Malis al kote konpè Kochon :
- Konpè Kochon, tanpri souple, rann mwen yon ti sèvis. Marenn mwen malad, vin dòmi avèm.
- Pa gen pwoblèm, Malis.
Konpè Kochon rive nan aprèmidi. Ti Malis fèl kouche devan an nan premye pyès la. Lè katrè rive, Bouki frape : « Men machann lèt la ».
Malis di Kochon, kòm li devan, la pran lèt la pou li. Kochon sòti, Bouki banm ! Konpè Kochon mouri. Malis ak tout marenn li pran l, yo manje l.
Demen se te tou pa Malis. Apredemen, Malis ale kote Kabrit, li chante l menm bagay li te di konpè Kochon. Li mete l dòmi menm kote a ; se li tou ki resevwa kout baton Bouki a sou tèt li. Menmjan ak kochon, Malis te manje kabrit.
Chak jou se konsa. Men gen yon lè, Malis pa jwenn lòt bèt sòf makak. Menm jan ak lòt yo, Makak di l ap vin size tapan. Li te setè, li pot ko rive. Marenn Malis di l: «Jan makak malen, l ap fè yo kenbe nou.Nevètrant, Makak parèt.
- Bonswa, ou gentan refè kòmè?
- Non, mwen poko non, men Bondye bon, ma leve.
Malis ap pral montre w kote w ap dòmi.
- Nou pa bezwen deranje nou non. Dayè mwen pa janm dòmi sou kabann ; banm yon dra, m ap degajem.
Apre sa, y al dòmi. Kou li katrè, Bouki frape :
- Men machann lèt la wi.
Malis di konpè Makak pran lèt la pou li, tanpri. Makak pa reponn. Malis ensiste, Makak reponn :
- Mwen jis anwo epi se mwen ki pou desann al ouvri ? Nou menm ki anba, al pran lèt la non, mezanmi !
Malis pito pèdi pase li ta sòti. Li rele :
- Tonton Bouki, ou genyen paryaj la, kay la pou ou, ou mèt ale. Epi ou menm Makak, se konsa ou te vin ede moun. Ma kenbe w pi devan. Mete w deyò lakay mwen.
Nan apremidi, Bouki vin di Malis li mèt kenbe ti chanmòt la pou li, paske li pa kab viv nan de kay anmenmtan. Se sa Malis te bezwen an. Men, a la nonm sòt se Tonton Bouki.
Odyans sila a te gaye nan bouk la. Se konsa lèm parèt vin fè yon ti kout tripòt devan kay la, Malis flankem yon kout pye, voyem pa bò isit.
Se sòt ki bay, enbesil kip a pran. Men tou…….
Gerard marie Tardieu, Paule Nicolas (2008)
Vokabilè
Testaman: dokiman yon moun prepare avan li mouri pou di kisa pou yo fè ak byen li yo.
Notè : ofisye ki la pou resevwa tout dokiman ak kontra moun vle bay yon karaktè otantik.
Tèks 2 - Bouki, machann sann
Krik ? krak! - Vwala, tonton bouki avèk malis te mete ansanm pou yo achte yon kannòt. Yo relel « pyèj ». premye jou y al preche, yo pran ti pwason sèlman. Malis di bouki li mèt pran tout, demen la pran.
- Non, non, Mayis, mwen gen chis piti e mwen manje anpil. Pran cha jodi a, demen ma gen plis.
Reyèlman demen te gen plis pwason, men tout te piti. Bouki rebay malis yo, paske li te vle gwo pwason. Yo pase tout mwa a ap peche. Chak jou bouki bay Malis ti pwason yo, chak jou l al lakay li san anyen. L ap tan…. Yon jou, Malis vin di Bouki:
- An nou boule bato a, paske nou pa jann ka jwenn gwo pwason, epi ti piti yo pa janm vann; si nou fè chabon ak bato a, n ap gen plis kòb wi.
Bouki dakò, li di Malis li pa manke pa entèlijan, yo wè se neve l li ye, li pran sa kotel.
Yo boule bato a, yo fè chabon, epi Malis di Bouki:
- Pran chabon an m ap pran sann nan.
- Neve m, pouki cha w pa pran chabon an ou menm?
- Paske sann lan vann pi chè pase chabon an
- Ban mwen l pito, monchè. Mwen gen madanm ak pitit. Si ou pa banm sann nan m ap manjew tou kri.
Toulede desann lavil. Malis avèk sak chabonl sou tèt li, Bouki avèk sann li. Se pou nou ta wè de mesye yo. De je Malis klere tou won nan figil ki tou nwa; Bouki menm, plim je l poudre ak sann, figil se sann ak syè. Lè yo rive nan mitan kalfou kat chimen, Malis di Bouki se nan mitan vil la pou l al vann sann nan. Li menm se nan mache a li prale, kote kwizinyè ki bezwen chabon vin achte. Lè malis fin vann chabon l, li desann lavil al dèyè Bouki. Li wè yon gwoup moun ki kanpe devan biwo polis la. Li mande sak genyen. Yo sot arete yon moun fou ki t ap rele : <<Men bèl sann pou vann, men bèl sann pou vann, poufè poud pou bèl tifi ! » Malis soufle nan zorèy nèg yo : «E poukisa yo pa mete li nan kay moun fou yo ? >>. Lamenm, lapolis bwote bouki ale … Moun fou yo pa t manke kontan. Yo benyen Bouki ak sann, yo pote Bouki anlè : « Bravo! Mesyedam, men Bouki pi bèl gason peyi a, men li ! Mwen menm kite la ki t ap gade Bouki nan lazil moun fou yo, li di m « ma pran w » lè sa mwen kouri, m vin tonbe devan nou la pou ban nou istwa sa a.
Gerard Tardieu, Paule Nicolas (2008)
Tèks 3 - Aktivite anplis pou makè tan
Ti Sentaniz
Mouche pwofesè sa a, son nonm ki t ap li on kantite gwo liv kont lenjistis, li te konn ap li yo ban mwen li pat ka wè afè lenjistis la, li pat fè lemonn li te bezwen chanje l. Men fatra sa a mche sa te bezwen bale a. Se te kay moun paske fatra lakay li t ap monte nan lento a li rive nan nen li l pa pran sant li, li rive nan je li l pa wè l. Yon jou m chita sou galri a ak mouche sa a, se konsa ti sentaniz vin ap soti, l ap redi anba yon panyen fatra li pral mete l sou lari a pou kamyon sèvis dijyèn pase pran li, m wè li ak yon ti wòb klèrèt sou li ou ta ka konte kòt li nan ti wòb la, andire ti wòb la fèt ak yon moso twèl yo pran nan yon panyen fatra a. Je li l pa ka gade solèy la, moun ki save ta di li avitaminoz, tèt li tankou nich poul frize ou wè se kote peny pa pase. De ti janm li sanble de bagèt legede. M wè pitit la ap redi anba panyen an. Mouche a nan gwo liv la, l ap gade sa, li pa wè ti sentaniz nan gwo liv la. Yon jou maten, m te bezwen pwofesè a bonè, m al lakay li; fò m di ou pwofesè a te rete ak madanm ni, yon sè madanm ni, yon ti gason disetan l te genyen ki te rele Wobè, yon tifi katòzan ki rele chantoutou. Men chantoutou a lè m gade li, m ! Pou katòzan an l te byen vini l gen gwo zo ou wè son timoun ki nan swenyay, lè m voye je m gade sentaniz epi m gade chantoutou…
Maurice Sixto, Ti Sentaniz (ekstrè)
Tèks 4 - Alfabè kreyòl la
Tèks 4
Alfabè kreyòl la
Kreyòl la itilize 32 son diferan ki pou pèmèt nou kominike. Son sila yo nan langaj lengwis yo rele fonèm (nan grèk « fonema » = son vwa moun). Se 18 konsòn, 12 vwayèl epi 3 semi vwayèl. 18 konsòn yo, se 18 son diferan kreyolofòn yo fè fasilman l; yo modifye respirasyon yo pou bloke oubyen pou jennen yon kourandè ki soti nan poumon yo. Dizuit son sa yo nou batize yo : b, ch, d, f, g, h, j, k, l, m, n, ng, p, r, s, t, v, z, 12 vwayèl yo se 12 son diferan kreyolofòn yo fè fasilman lè yo kite kourandè ki sot nan poumon an ale deyò san li pa bloke, san li pa jennen. 12 son sa yo nou batize yo : a, e, i, o, è, ò, ou, ui, oun, an, en, on. 2 semi vwayèl yo se 2 son vwayèl diferan kreyòl la itilize devan oubyen dèyè lòt 12 vwayèl yo, men li pwononse 2 son semi vwayèl sa yo yon jan ki brèf. 2 semi vwayèl yo nou batize yo : w, y.
Gerard-Marie Tardieu, Gramè kreyòl
Egzèsis sou alfabè kreyòl la
1 - Men lis alfabè kreyòl la, plase an de kolòn : vwayèl ak konsòn :
a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z.
Vwayèl | Konsòn |
2 - Nan menm lis sa a, relve epi reyekri nan kaye ou tout vwayèl nazal ak oral yo epi konsòn oral ak nazal
Vwayèl nazal | |
Vwayèl oral | |
Konsòn oral | |
Konsòn nazal |
3-
a) Nan lis mo sa yo, mete nan yon rektang tout vwayèl oral epi nan yon wonn tout vwayèl nazal.
Manman, jounèlman, agranman, zangi, pantalon, Wanga, kraponnen, peyizan, deblozay, chifonnen
b)
b) Men yon lis mo, souliye an ble konsòn oral epi an wouj konsòn naza
p | l | i | m |
b | r | a |
z | on | g |
m | an | g | o |
m | a | ch | an | n |
k | r | e | d | l |
4- Nan lis mo ki anba yo, idantifye demi vwayèl yo epi fè yon kwa anba yo
n | ui | t |
w | è |
p | w | a |
y | è |
k | an | p | a | y |
y | an | v | a | l | ou |
5- Konte konbyen grafèm ki genyen nan mo sa yo.
Chifon : _______
Bougonnen : _______
Kopye : _______
Rapadou : _______
Kann : _______
6- Relye chak siy ki nan kolòn goch la ak son ki mache avèl nan kolòn dwat la.
Ch | - | - | {ȃ} |
Ò | - | - | {ȗ} |
An | - | - | {ʅ} |
Oun | - | - | {ɔ} |
Aktivite 1 : Sèvi ak griy sa pou prezante tèt ou. Evalyasyon diagnostik
Non w : ____________________________________________________________________________________________
Siyati w : ___________________________________________________________________________________________
Laj ou : _____________________________________________________________________________________________
Relijyon w: _________________________________________________________________________________________
Pwofesyon w : _____________________________________________________________________________________
Non papa w : ______________________________________________________________________________________
Non manman w : __________________________________________________________________________________
Metye papa w : ____________________________________________________________________________________
Metye manman w: _________________________________________________________________________________
Sa w renmen, poukisa ? ____________________________________________________________________________
Aktivite 2. Mete M bò kote mo yo epi F bò kote fraz yo.
Elèv _________________ Kizinyè _________________ Notè _________________ Malis alekote konpè chen li di l menm bagay la. _________________ Malis pito pèdi pase pou l ta soti. _________________
Tablo _________________ kaye _________________ liv _________________ Achitekti Mangonèz yo bèl anpil!_________________
Men bouki pi bèl gason peyi a, men li!_________________
Aktivite 3: Estrikti tèks naratif
Estrikti teks naratif la toujou menm, kèlkeswa kalite istwa ou rakonte a. Li chita sou senk pilye : yon sitiyasyon inisyal, yon eleman deklanchè, yon ansanm peripesi, yon rezilta epi yon sitiyasyon final.
Sitiyasyon inisyal: Nan sitiyasyon sa a tout aktivite ap dewoule nòmalman, se woutin nan. Li eksplike abitid lavi pèsonaj yo ak anviwonman yo ak lòt detay ki enpòtan anvan peripesi yo kòmanse. Pou nou erki yon tèks naratif , nou dwe poze tèt nou kesyon sa yo: Kiyès? Ki kote ? Kilè? Kisa pèsonaj yo ap fè ?
Repons elèv la
Eleman deklanchè: Eleman deklanchè Se evenman oubyen aksyonn ki deranje abitid, ekilib lavi pèsonaj yo. Dezekilib sa a pral boulvèse aktè yo epi lap oblije yo reyaji pou rezoud sitiyasyon an.
Repons elèv la
Peripesi : Se dewoulman istwa a. Li rasanble tout aksyon ak reyaksyon pèsonaj yo nan eseye jwenn yon solisyon ak pwoblèm nan. Pandan tout dewoulman istwa a, pèsonaj yo ap fè eksperyans ki anpil fwa mete dezekilib nan lavi yo. Etap sa a montre aklè tout sa pèsonaj yo panse, di epi fè pou eseye rezoud pwoblem nan. Li se yon seri ale mennen vini ki enplike pèsonaj prensipal la ak tout lòt pèsonaj ki antourel yo.
Repons elèv la
Rezilta ; Nan moman sa a, kalm ap retounen nan lavi ak nan anviwonman pèsonaj yo. Li se aksyon ki pèmèt lapè tounen. Se nan moman sa pèsonaj yo jwenn solisyon pou ekilibre lavi yo.
Repons elèv la
Sitiyasyon final
Pilye sa sa a prezante fen istwa a ; Tout bagay antre nan lòd. Li anonse tou kijan lavi ap kontinye avèk tout chanjman istwa kapab pote nan lavi pèsonaj yo.
Repons elèv la
Aktivite 4. Òtograf
Pitit-kay
Se jodi m pa wè yon pye flanbwayan, kape souke tchatcha li lan van. Se jodi mwen pa tande toutrèl k ap woukoule, wosiyòl k ap chante, epoutan se pitit kay mwen ye. Mwen gen lontan m ape vwayaje, se kòm ki te pati, ale nan yon lòt peyi; kèm pa janm deplase.
Jean-Claude Martineau (Flè Dizè)
Aktivite 5. Kritè evalyasyon konkou a - chak pati sou 1 (yon) pwen
Alekri. Tèks la gen tit – li respekte twa (3) paj pou pi plis – li respekte 5 eleman ki konpoze estrikti yon tèks naratif – li respekte règ kòman pèsonaj yo pran lapawòl nan yon tèks – imaj oubyen desen yo koresponn avèk tèks la – tèks la respekte règ gramè ak òtograf kreyòl la - Tèks la respekte siy ponktiyasyon yo
Aloral. Naratè a ap gade oditwa a pandan l ap rakonte istwa a – l ap respekte ton yo – l ap itilize imaj yo pandan l ap rakonte istwa a.
Aktivite siplemantè
Aktivite siplemantè sou makè tan
Ranpli espas vid yo ak makè tan ki koresponn ak fraz la. (ap, te, ta pral, pat)
Mak _____________ aprann kondui mwa pwochen. Lekòl la_____________ ouvè jodi a.
Jan _____________ al travay yè maten. Mari _____________ legliz si pat gen lapli. Jaklin_____________ lakay la yè.
Aktivite siplemantè sou Tip fraz
Men yon lis fraz, souliyen fraz enperativ yo epi antoure fraz eksklamativ yo
Al fèmen pot dèyè a. Soti deyò. Al etidye. Ala bèl! Leve al fè devwa a. Tablo manman m nan bèl anpil! Ala yon bèl moniman istorik, se Sitadèl Laferyè!