Sekans 2 : Zòn, patrimwan kiltirèl ak pèsonaj imajinè.⚓
Prezantasyon⚓
Sa elèv la ap rive fè
Konprann yon mesaj ou tande, yon tèks ou li, epi pran lapawòl kòrèkteman (k1)
Li, konprann epi entèprete divès kalite tèks (k2)
Ekri divès kalite tèks k ap pèmèt ou, byen kominike (k3)
Konesans, abilte, kapasite adaptasyon
Konprann epi idantifye nan yon tèks ou li, oubyen ou tande, tout eleman k ap pèmèt ou idantifye yon objè, yon kote, yon sitiyasyon nan anviwonman jewografik, sosyal ak kiltirèl peyi Dayiti.
Konprann epi idantifye apati yon tèks ou li, oubyen ou tande, tout sa ki ka pèmèt ou idantifye divès pèsonaj imajinè, moun ak pèsonalite ki nan anviwonman an.
Prezante aloral epi alekri deskripsyon yon objè, yon zòn, yon peyizaj, yon sitiyasyon.
Dekri aloral oubyen alekri yon pèsonaj k ap evolye nan yon anviwonman apati aksyon ak reyalizasyon li fè.
Exprime santiman ou sou yon tèks deskriptif.
Atitid
Obsève avèk anpil atansyon, pou kapab pran lapawòl apati sa w wè, sa w tande.
Dekri korèkteman alekri epi aloral sa w wè oubyen sa w tande.
Konesans
Karakteristik tèks deskriptif : Tèm, entwodiksyon, devlopman, konklizyon sof, si se yon ekstrè tèks.
Itilizasyon konpleman objè dirèk ak endirèk, advèb lye ak tan, adjektif kalifikatif, makè tan prezan ak pase, diskou dirèk ak endirèk.
Chan lexikal ki gen rapò ak peyizaj, zòn, pòtre.
Konesans nesesè
Nan premye sekans la, elèv yo te travay sou tèks naratif, nan sekans sa a, y ap rive wè nan yon tèks naratif ou ka jwenn yon pati deskriptif ladann (Egzanp tèks Gwo moso ki se yon lodyans Maurice Sixto). Tout sa yo te gentan fè nan sekans naratif la, ap pèmèt yo ranfòse konpetans yo nan sekans sa a.
Estrateji aprantisaj
Tout elèv ap patisipe nan aktivite obsèvasyon, y ap koute, li tèks yo, konprann yo, brase lide an gwoup, pou yo kapab vin prezante san difikilte aloral, sa yo te ekri yo.
Elèv yo ap koute oubyen li lòt tèks ki gen rapò ak deskripsyon.
Elèv yo ap respekte opinyon youn lòt nan travay an gwoup yo.
Dekoupaj an seyans
Seyans (Tit ak tan ki nesesè) | Tèm, plas li nan sekans la, ak yon deskripsyon tou kout sou li. |
---|---|
Seyans 1 : Deskripsyon (konpreyansyon oral ak ekri) Tan ki nesesè : 1 èdtan | Apati ekstrè tèks sou Labadi a, elèv yo ap obsève, li epi konprann yon tèks deskriptif. Y ap rive idantifye tou kouman tèks la òganize epi sa ki karakterize tip tèks sa a. |
Seyans 2 : Deskripsyon (Pwodiksyon oral ak ekri) Tan ki nesesè : 2 èdtan | Seyans sa a, ap pèmèt elèv yo vi n prezante aloral tèks yo te prepare alekri an gwoup (4 a 5 elèv) sou zòn ak patrimwan ki nan depatman yo a (ekzanp : nan depatman Nò Sitadèl Laferyè, Palè San Sousi; nan depatman Latibonit Palè 365 pòt; nan depatman Sid So Matiren). |
Seyans 3 : Pòtre pèsonaj (karakteristik) Tan ki nesesè : 2 èdtan | Apati tèks Gwo moso Maurice Sixto a, elèv yo ap dekouvri pòtre yon pèsonaj popilè nan literati ayisyèn nan. |
Seyans 4 : Pòtre pèsonaj (pwodiksyon) Tan ki nesesè : 2 èdtan | Elèv yo ap fè pòtre pèsonaj nan anviwonman an. |
Seyans 5 : Mini pwojè Tan ki nesesè : 1 èdtan | Elèv yo ap reyalize an gwoup, yon dosye pou jounal lekòl la, pandan y ap prezante plizyè pèsonaj, tankou : siveyan, direktè, anseyan, gadyen, menajè, ... y ap vin prezante pòtre chak pèsonaj sa yo pou klas la. |
Sipò
https://ayibopost.com>visiter-labadee-comme-un-blan-...
Ayibo POST Visiter Labadee comme un «Blan» quand on est haïtien.
Par Patrick ANDRÉ 3 août 2018
Tradiksyon yon ekstrè nan tèks Patrick André a ki dekri zòn touristik sa a : « Labadee »
Liv kreyòl elèv 7èm ane fondamantal si posib.
https://mit-ayiti.net>resous>n-ap-li...
N ap li Maurice Sixto: Gwo Moso-MIT- Ayiti.NET
https://www.last.fm>music>Gwo+moso
Gwo moso – Maurice Sixto \ Last.fm
Jan pou evalye elèv yo
Premye evalyasyon (dyagnostik) :
Anseyan an, ap poze elèv yo kesyon sa a : « kisa daprè nou yo kapab dekri?»
Evalyasyon fòmatif :
Anseyan an, ap poze elèv yo kesyon pandan tout dewoulman seyans yo.
Evalyasyon final (bilan)
Lè elèv la ekri yon tèks deskriptif sou zòn, patrimwan kiltirèl ak pèsonaj imajinè, fòk tout karakteristik sa yo prezan, tankou :
Tèm nan, kòman otè a dekri yon zòn, yon pòtre, yon objè, yon peyizaj elatriye.
Entwodiksyon, devlopman ak konklizyon sof si se yon ekstrè tèks.
Konpleman objè dirèk ak endirèk, advèb tan ak lye, adjektif kalifikatif, makè tan prezan ak pase, diskou dirèk ak endirèk. Epitou, chan lexikal ki gen rapò ak peyizaj, zòn, pòtre.
Fòk chak elèv byen konprann epi entèprete tèks deskriptif yo, dekri yon objè, yon zòn epi fè pòtre pèsonaj nan anviwonman yo.
Aktivite an plis
Pwofesè a ap mande elèv yo, pou yo li plizyè tèks ki gen rapò ak deskripsyon peyizaj, zòn ki fè pati patrimwan kiltirèl peyi a.
Pwofesè a ap mande elèv yo, pou y al koute lakay yo, tèks odyo Gwo moso a, pou yo fè yon kontrandi sou sa yo tande a.
Adaptasyon pou elèv ki gen bezwen apa
Anseyan an oubyen pwofesè sipleyan an, ap pote yon atansyon patikilye pou elèv ki gen difikilte pou konprann vit yo. L ap chwazi lòt tèks deskriptif, pou l ka pèmèt yo byen idantifye tèm, makè tan, adjektif kalifikatif, konpleman tan ak lye, diskou dirèk ak endirèk, chan leksikal ki gen rapò ak tèm nan, yon fason pou yo konprann pi byen karakteristik yon tèks deskriptif.
Konsèy pou anseyan an
Anseyan an ta dwe varye ekzèsis yo, pou li ka rive fè chak elèv nan klas la konprann byen, sa li wè oubyen li, nan deskripsyon yon objè, yon zòn nan anviwonman kote lap viv la, oubyen nan yon lòt depatman nan peyi a. Epitou fè potrè pesonaj nan anviwonman an.
Nan sa elèv la ekri a, gade si gen rapò ant ide yo, nan fraz yo itilize yo.
Seyans 1 : Deskripsyon (konpreyansyon oral ak ekri)⚓
Tan 1 Rapèl sou seyans anvan an, objektif seyans jodiya.
Anseyan an, ap poze elèv yo kesyon sa a : « Kisa nou te wè nan dènye seyans kreyòl la ? ». Lap bay 2 ou 3 elèv lapawòl. L ap anonse yo, yo pral kòmanse yon nouvo chapit nan pwogram nan. L ap di yo kisa yo pral wè nan seyans jodiya: « Obsève, li epi konprann yon tèks deskriptif ».
Sa elèv yo ap fè
2 ou 3 elèv ap reponn kesyon anseyan an. Apresa y ap koute avèk anpil atansyon, tout sa anseyan an, ap di yo sou nouvo chapit y ap kòmanse jodiya nan kreyòl la.
Tan 2 Lekti, konpreyansyon tèks deskriptif.
Anseyan an, ap itilize yon laptòp pou li afiche ekstrè tèks Labadi a sou yon tablo nimerik (si gen mwayen pou sa). Sinon, l ap ekri ekstrè tèks la sou tablo ak lakrè, oubyen lap fè direksyon lekòl la fè kopi tèks la pou elèv yo. L ap fè elèv yo li an silans, ekstrè tèks sou labadi a, apresa, l ap li tèks la pou yo, epi l ap chwazi de twa nan yo pou li l, l ap korije pwononsyasyon ak entonasyon yo.
Anseyan an, ap poze elèv yo kesyon sou tèks la, tankou : 1.- Ki tit tèks nou sòt li a? 2.- Kòman otè a dekri zòn nan? 3. - Kisa yon preskil ye? Repons posib : Yon preskil se yon tè ki antoure ak dlo prèske tout kote, (Ekzanp : Pati Sid peyi Dayiti se yon preskil). 4.- Kisa yon patrimwan touristik ye? Repons posib : Yon patrimwan touristik se yon zòn nan peyi a ki pou Leta, kote moun nan peyi a ak lòt kote ka vizite. Anseyan an, ap chwazi plizye elèv pou reponn, sila yo ki pa satisfè, l ap ba yo lapawòl. L ap reyaji sou repons elèv yo, epi l ap ba yo repons ki korèk yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap li an silans ekstrè tèks sou Labadi a, y ap tande avèk atansyon, anseyan an k ap li tèks la pou yo.
Plizyè nan yo anseyan an ap chwazi, ap li epi reponn kesyon yo pou rès klas la. Sila yo ki pa satisfè ak repons yo, ap pote plis presizyon.
Tan 3 Gramè
Anseyan an ap mande elèv yo: 1. - Ki tan nou wè yo itilize nan tèks la? Repons posib : tan prezan ak tan pase. 2.- Kiyès nan nou ki ka li fraz ki gen adjektif kalifikatif yo? Repons posib : Li se yon gwo preskil...ki genyen bèl plaj... bèl flè...bon jan van. L ap chwazi plizyè elèv pou reponn, sila yo ki pa satisfè, l ap ba yo lapawòl. L ap korije repons elèv yo, epi l ap fè yo wè enpòtans adjektif kalifikatif nan yon deskripsyon.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap gen pou reponn tout kesyon anseyan an poze yo sou tèks la. Sila yo ki pa satisfè ak repons yo, ap pote plis presizyon.
Tan 4 Pwodiksyon ekri
Anseyan an ap mande elèv yo pran kaye yo, pou yo relve nan tèks la, tout fraz ki gen rapò ak deskripsyon zòn nan. Apresa l ap mande plizye elèv, li fraz yo te ekri yo, jiskaske tout klas la satisfè ak repons yo.
Sa elèv yo ap fè
Plizye elèv anseyan an chwazi, ap li fraz yo te ekri nan kaye yo pou rès klas la. Sila yo ki pa satisfè ak repons yo, ap pote plis presizyon.
Pwodiksyon elèv yo
Pwodiksyon ekri: elèv yo ap reponn nan kaye yo kesyon anseyan an ekri sou tablo a, sou karakteristik yon tèks deskriptif. Pwodiksyon oral: elèv anseyan an chwazi yo ap reponn kesyon yo, pandan y ap li sa yo ekri nan kaye yo. Fò anseyan an, entèwoje rès klas la pou l konnen si li dakò ak repons kamarad li yo deja bay.
Tras ekri
Karakteristik tèks deskriptif seyans sa : nan tèks deskriptif sa a, otè a endike kòman zòn nan ye, ki kote li plase, kote non an soti, kisa wap jwenn nan anviwonman an, ki enpotans li nan patrimwan peyi a. Entansyon otè a, sete bay yon imaj sou zòn nan pou moun ki pa konnen li. Otè a te fè yon kontrandi sou sa li te wè nan zòn nan. Li itilize tan prezan ak pase, anpil adjektif kalifikatif ak advèb.
Egzanp: Bèl plaj... Bèl flè ...
Evalyasyon ak regilasyon
Nan premye seyans la, elèv yo ap eksplike, karakteristik tèks deskriptif etan y ap reponn a kesyon anseyan an te poze yo (Referans tan 2 ak tan 3).
Elèv yo ap rive antann yo ak anseyan an, pou yo jwenn tout eleman ki gen rapò ak yon tèks deskriptif. Elèv yo ap dekri aloral yon kote nan anviwonman yo, tankou lakou lekòl la, klas la, lakay yo ( yo ka fè sa nan 4 a 5 fraz).
Detay pou remedyasyon
Anseyan an ap pwopoze lòt egzèsis sou deskripsyon si gen elèv ki pa konprann. Li ka tou reprann tout eksplikasyon li te bay yo.
Seyans 2 : Deskripsyon (pwodiksyon oral ak ekri )⚓
Tan 1 Rapèl sou seyans anvan an, objektif seyans jodiya
Anseyan an ap fè 2 ou 3 elèv di sa yo te wè nan seyans anvan an. Answit, l ap di kisa yo pral wè nan seyans sa a : « Dekouvri zòn ak patrimwan ki nan depatman yo ».
Sa elèv yo ap fè
2 ou 3 elèv ap reponn kesyon anseyan an, sou sa yo te fè nan seyans anvan an. Apresa y ap koute avèk anpil atansyon, sa yo pral wè nan seyans jodiya.
Tan 2 Lekti ak konpreyansyon
Anseyan an ap distribye yon kopi tèks sou So Matiren, oubyen yon lòt tèks sou patrimwan kiltirèl, sa pral depann nan ki depatman li ye, li dwe bay priyorite ak zòn lakay li, ansuit ak zòn nan lòt depatman peyi Dayiti. L ap mande elèv yo li an silans, pandan y ap idantifye tout sa ki gen a wè ak deskripsyon. Apresa anseyan an ap chwazi kèk elèv pou li tèks la, epi poze yo kesyon pou wè si yo konprann (Anseyan an ap montre si posib yon foto sou So Matiren). Anseyan an ap mande elèv yo kisa ki pèmèt yo di tèks sa a se yon tèks deskriptif. L ap mande yo bay kèk egzanp, l ap ekri repons yo sou tablo (mo, ekspresyon, adjektif, advèb, mo lyezon...) epi l ap konplete yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap li an silans tèks la, y ap reponn kesyon yo si anseyan an chwazi yo.
Y ap idantifye kèk eleman nan tèks la ki montre se yon deskripsyon.
Tan 3 Gramè ak vokabilè
Anseyan an ap atire atansyon elèv yo sou fason yo dekri So Matiren an. L ap fè yo gade chak fraz, pou yo ka wè ki tan, ki adjektif yo itilize... (pou chak fraz, yon elèv ap poze kesyon, yon elèv ap reponn). Anseyan an, ap la tankou yon gid pou ede elèv yo. L ap fè elèv yo byen obsève jan tèks la òganize.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap gade tèks la byen, pou yo ka poze kesyon yo epi reponn lè anseyan an chwazi yo.
Tan 4 Pwodiksyon ekri
Anseyan an ap oganize klas la an gwoup 4 a 5 elèv, lap ditribye nan chak gwoup tèks diferan sou zòn ak patrimwan kiltirèl peyi Dayiti tankou: tèks sou Sitadèl Laferyè, Palè San Sousi, Pale 365 pòt, ...
L ap mande chak gwoup byen li tèks li a, epi fè yon rezime sou li. Anvan sa, l ap di yo sa yon rezime ye (se yon tèks w ap reekri, pandan w ap respekte lide otè a, san ou pa bay lide pèsonel ou).
Anseyan an ap mande chak rapòtè, pou vin li rezime tèks gwoup la te fè a. Apresa lòt gwoup yo k ap koute, ap bay dizon yo, sou sa yo sot tande a. Anseyan an, ap kòmante epi korije chak prezantasyon.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap travay an gwoup, moderatè gwoup la ap bay tout moun lapawòl. Sekretè a ap li, si tout moun dakò sa li ekri a, l ap remèt rapòtè a tèks la pou li l, anvan l al prezante li devan klas la.
Pwodiksyon elèv yo
Pwodiksyon ekri : elèv yo ap ekri nan travay an gwoup la, karakteristik tèks deskriptif anseyan an te distribye ba yo a. Yo ap reponn kesyon sou tèks la. Pwodiksyon oral: gen kèk elèv k ap poze kesyon, gen lòt k ap reponn. Rapotè chak gwoup ap li tèks ak karakteristik zòn nan patrimwan kiltirèl yo te travay sou li a.
Tras ekri :
Nan yon tèks deskriptif, n ap jwenn tèm, entwodiksyon, devlopman ak konklizyon sof si tèks la se yon ekstrè, oubyen yon pasaj nan yon lòt kalite tèks. N ap jwenn tou adjektif kalifikatif, konpleman sikonstansyel lye, tan prezan, tan pase. Otè a ap dekri yon zòn si ou poko vizite l, w ap anvi fè sa, oubyen ou ka imajine li. (Si li posib, anseyan an ka vini ak foto zòn nan pou elèv yo).
Evalyasyon ak regilasyon
Elèv yo ap idantifye tout sa ki konsène yon tèks deskriptif apati yon tèks anseyan an ba yo (vokabilè, ekspresyon, advèb, adjektif, tan, ...). Anseyan an ap mande elèv yo kisa ki pèmèt yo di tèks sa a, se yon tèks deskriptif. L ap mande yo bay kèk egzanp. Elèv yo ap reponn tou, kesyon sou yon tèks deskriptif pou yo montre yo konprann.
Detay pou remedyasyon
Si genyen elèv ki pat byen konprann evalyasyon an, anseyan an, ap fè lòt aktivite avèk yo tankou ba yo yon tèks, kote y ap gen pou rezime nan fason pa yo, youn oubyen 2 paragraf sou deskripsyon.
Seyans 3 : Pòtre pèsonaj (karakteristik)⚓
Tan 1 Rapèl sou seyans anvan an, objektif seyans jodiya
Anseyan an ap fè 2 ou 3 elèv di sa yo te fè nan seyans 2 a, epi lap anonse sa yo pral wè nan seyans sa a : ‘' Dekouvri pèsonaj popilè nan literati ayisyèn nan ‘'.
Sa elèv yo ap fè
2 ou 3 elèv ap reponn kesyon anseyan an, sou sa yo te fè nan seyans anvan an. Apresa, y ap koute avèk anpil atansyon, sa yo pral wè nan seyans jodiya.
Tan 2 Lekti, konpreyansyon ak ekspresyon oral
Anseyan an ap mande elèv yo eske yo tande pale deja de Maurice Sixto, kiles li ye, ki kote yo te dekouvri l oubyen tande l, kisa yo konnen sou li. Apresa lap fè yon prezantasyon tou kout sou Maurice Sixto pou elèv yo. L ap mete yo an gwoup, pou l ka distribye tèks Gwo Moso a ba yo. Nan chak gwoup, l ap di elèv yo, li tèks la plizyè fwa, epi chache sans mo yo pa konnen yo, nan leksik la ak nan diksyonè kreyòl yo.
Anseyan an, ap poze elèv yo kesyon sou tèks la, tankou: 1. - ki tit tèks nou sot li a? 2. - Apati tèks Gwo moso a, kisa ou wè, ki ka rive moun k ap bay manti pou vante tèt yo? 3. - Kisa tèks la aprann ou?
L ap mande yo define kèk mo nan tèks la, oubyen jwenn sinonim tankou “radiyès”, “toya”. Anseyan an ap ekri definisyon ak sinonim yo sou tablo a. Repons posib: radiyès vle di frekan; toya vle di takinen.
Anseyan an, ap mande plizyè elèv li tèks la. L ap bay kèk konsiy sou jan pou yo li l (entonasyon, poz nan ponktiyasyon, pwononsyasyon mo yo...). L ap korije elèv yo, lè sa nesesè.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap di si yo konnen Maurice Sixto, si yo abitye tande istwa otè a. Elèv yo ap koute tèks Gwo Moso a, an gwoup, y ap chache sans mo yo pa konnen yo, nan leksik ak nan diksyonè. Y ap reponn kesyon anseyan an poze yo. Elèv yo ap li tèks gwo moso a, daprè konsiy anseyan an ba yo.
Tan 3 Gramè
Anseyan an, si li posib ap fè elèv yo wè tèks Gwo Moso a sou tablo nimerik, epi pase vèsyon odyo a pou elèv yo ka tande, pandan y ap wè tèks la. Apresa l ap mande elèv yo : 1.- ki tan nou wè otè a itilize nan tèks la? Repons posib : tan prezan ak tan pase. 2.- Ki advèb, ki makè tan, nou wè li itilize nan chak paragraf? Repons posib : Chak fwa, pandan, ... 3.- Relve 2 fraz nan tèks la, ki montre se yon diskou dirèk ? Repons posib : timoun ki t ap suiv sèn nan, yo t ap chofe sa : « Ba li boulovaaaaa ! » 4. - Ak kisa otè a, konpare vwa gwo moso? Repons posib : W a di se yon radyo w louvri dènye volim. Anseyan an, ap chwazi plizyè elèv pou reponn, sila yo ki pa satisfè, l ap ba yo lapawòl.
Sa elèv yo ap fè
Elèv anseyan an chwazi yo, ap reponn kesyon yo. Sila yo ki pa satisfè ak repons yo, ap pote plis presizyon.
Tan 4 Pwodiksyon
Anseyan an ap mande elèv yo, dekri gwo moso nan yon paragraf ki pa depase 10 liy. Avan li mande elèv yo li tèks yo ekri a, l ap raple karakteristik deskripsyon pèsonaj: trè fizik ak moral tankou, vwa, koulè, otè, abiman, vizaj, jan li mache, karaktè, kalite ak defo, sa moun nan konn fè, sa li renmen. Apresa, l ap mande 2 ou 3 elèv, pou li tèks yo ekri a.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap fè rezime tèks gwo moso a nan kaye yo. Epi, y ap li repons yo, si anseyan an chwazi yo.
Pwodiksyon elèv yo
Apati tèks Gwo Moso Maurice Sixto a, elèv yo te travay sou konpreyansyon ak pwodiksyon oral, sou konpreyannsyon ak pwodiksyon ekri.
Tras ekri :
Maurice Sixto fèt Gonayiv yon 23 me 1919, li mouri 12 me 1984 Etazini. Li fè klas primè li nan lekòl frè enstriksyon kretyèn nan Gonayiv, klas segondè li nan Sen Lwi Gonzag Pòtoprens. Soti 1938 rive 1961, li te pwofesè anglè ak literati an Ayiti. Li te vwayaje anpil nan plizyè peyi, li resevwa anpil pri, li te kòmanse pa wè, apati laj 24 tran jiskaske li vin avèg nan karantèn li. Li entèprete plizyè pèsonaj nan lodyans li yo. Pami lodyans li yo nou ka site : Leya kokoye, Ti Sentaniz, Mèt Zabèlbòk, elatriye. Maurice Sixto se yon lodyansè, sa vle di, li renmen fè moun ri nan sa l ap dekri yo.
Maurice Sixto dekri pèsonaj gwo moso a, tankou yon pèsonaj ki renmen vante tèt li, pandan l ap bay manti. Se sa ki fè yon jou, yon ti jandam te arete li. Tout moun ki t ap koute gwo moso jou sa, te sezi paske li te jwenn bouchon li.
Evalyasyon ak regilasyon
Anseyan an, ap mande elèv yo, pou yo rezime tèks gwo moso Maurice Sixto a.
Detay pou remedyasyon
Si genyen elèv ki pat byen konprann evalyasyon an, anseyan an, ap fè lòt aktivite avèk yo tankou, ba yo yon lòt tèks Maurice Sixto : egzanp Ti Sentaniz oubyen Leya Kokoye, kote y ap gen pou fè rezime tèks sa yo nan yon paragraf, ki pa gen pou depase 10 liy. Non sèlman anseyan an, ap ba yo tèks yo, l ap fè yo tande odyo yo tou.
Seyans 4 : Pòtre pèsonaj (pwodiksyon)⚓
Tan 1 Rapèl sou seyans anvan an, objektif seyans jodiya
Anseyan an ap fè 2 ou 3 elèv di sa yo te fè nan seyans 3 a, epi l ap di kisa yo pral wè nan seyans sa a : « Fè pòtre pèsonaj nan anviwonman an ».
Sa elèv yo ap fè
Elèv anseyan an chwazi yo, ap fè yon rapèl sou seyans 3 a. Epi y ap koute avèk anpil atansyon, sa yo pral wè nan seyans jodiya.
Tan 2 Karakteristik pòtre yon pèsonaj nan anviwonman an
Anseyan an ap fè elèv yo jwenn tout sa yo kapab di sou yon moun si y ap fè pòtre li (trè fizik ak moral : vwa, koulè, otè, jan li abiye, kòman vizaj li ye, jan li mache, karaktè, kalite ak defo, sa moun nan konn fè, sa li renmen). Anseyan an ap note tout repons elèv yo bay, sou tablo a. Apresa l ap li pòtre youn oubyen plizyè pèsonaj pou elèv yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap patisipe nan bay repons sou kòman yo ka fè pòtre yon moun. Epi y ap koute avèk anpil atansyon, ekzanp anseyan an ap li pou yo, sou pòtre pèsonaj.
Tan 3 Pwodiksyon ekri
Anseyan an ap fè elèv yo pran kaye ak kreyon yo, pou yo dekri yon pèsonaj ke tout moun konnen nan zòn nan.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap pran kaye ak kreyon yo, pou yo fè pòtre yon pèsonaj tout moun konnen nan zòn nan.
Tan 4 Pwodiksyon oral
Anseyan an ap chwazi plizyè elèv nan klas la pou vin li deskripsyon pèsonaj, yo sot fè a. Chak fwa yon elèv fin pale, l ap mande rès klas la dizon yo. Anseyan an, ap kòmante epi korije chak prezantasyon.
Sa elèv yo ap fè
Elèv anseyan an chwazi yo, ap vin li pou rès klas la dekripsyon pèsonaj, yo sot fè a. Sila yo ki pa satisfè ak repons yo, ap pote plis presizyon.
Pwodiksyon elèv yo
Elèv yo te rive jwenn avèk èd anseyan an, tout karakteristik yon pòtre. Yo te travay tou, sou pòtre plizyè pèsonaj nan anviwonman yo.
Tras ekri :
Definisyon pòtre.- Yon pòtre se yon fòm deskripsyon ou ka fè sou yon pèsonaj. Gen pòtre fizik, gen potre moral. Pòtre fizik yon pèsonaj, se lè w ap pale de vwa, koulè, otè, jan li abiye, kòman vizaj li ye, jan li mache. Pòtre moral yon pèsonaj, se lè w ap pale de karaktè, kalite ak defo, sa li konn fè ak sa li renmen. Ou ka fè an menm tan tou, pòtre fizik ak moral yon moun. Youn nan wòl pòtre a, se enfòme ou. Nan yon woman pa ekzanp, pòtre a ka pèmèt ou reprezante oubyen sitye moun nan sosyalman.
Evalyasyon ak regilasyon
Anseyan an ap mande elèv yo dekri yon moun ki pwòch yo tankou : papa, manman, frè, sè, kouzen, kouzin, tonton, matant, marenn, parenn, zanmi, elatriye. Chak elèv lib pou li chwazi moun li vle, pandan l ap respekte tout karakteristik potrè yon pèsonaj.
Detay pou remedyasyon
Anseyan sipleyan an, ap ede elèv ki gen plis difikilte pou konprann yo, li lòt tèks ki gen rapò ak pòtre moun epi ede yo fè rezime tèks sa yo. Li ka ede elèv sa yo tou, chwazi liv nan bibliotèk la, tankou woman, kont ak poyezi ki dekri pèsonaj.
Seyans 5 : Mini pwojè⚓
Tan 1 Rapèl sou seyans anvan an, objektif seyans jodiya
Anseyan an ap fè 2 ou 3 elèv di sa yo te fè nan seyans 4 la, epi l ap di kisa yo pral wè nan seyans jodiya : ‘' dekri yon pèsonaj nan anviwonman lekòl la ''.
Sa elèv yo ap fè
Elèv anseyan an chwazi yo, ap fè yon rapèl sou seyans 4 la, epi y ap koute avèk atansyon sa yo pral wè nan seyans jodiya.
Tan 2 Pwodiksyon oral ak ekri
Anseyan an ap fè elèv yo jwenn tout sa yo kapab di sou yon moun si y ap fè pòtre li (trè fizik ak moral : vwa, koulè, otè, jan li abiye, kòman vizaj li ye, jan li mache, karaktè, kalite ak defo, sa moun nan konn fè, sa li renmen). Anseyan an ap fòme gwoup 4 a 5 elèv nan klas la, l ap mande 2 gwoup fè pòtre direktè a, 2 lòt gwoup ap fè pòtre gadyen an, 2 lòt gwoup ap fè pòtre siveyan an ... Tèks sa yo pral sèvi pou jounal lekòl la.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap patisipe nan bay repons sou kòman yo ka fè pòtre yon moun. Rapòte chak gwoup ap vin prezante pèsonaj yo te fè pòtre a, pandan lòt gwoup yo ap konpare repons gwoup ki te travay sou menm pèsonaj yo. Y ap rive ak èd anseyan an, antann yo sou yon sèl tèks pou jounal lekòl la.
Tan 3 Travay an gwoup : pwodiksyon ekri sou pèsonaj nan anviwonman lekòl la
Anseyan an ap fè gwoup yo kontinye vin prezante pòtre pèsonaj yo te dekri yo. Rapotè chak gwoup pral li travay yo fè a pou rès klas la.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap patisipe nan bay repons sou kòman yo ka fè pòtre yon moun. Rapòte chak gwoup ap vin prezante pèsonaj yo te fè pòtre a, pandan lòt gwoup yo ap konpare repons gwoup ki te travay sou menm pèsonaj yo. Y ap rive ak èd anseyan an, antann yo sou yon sèl tèks pou jounal lekòl la.
Pwodiksyon elèv yo
Apati travay elèv yo te reyalize an gwoup, yo te fè pòtre plizyè pèsonaj nan anviwonman lekòl la, pandan yo te mete an pratik tout karakteristik yon pòtre (tèks sa yo ap sèvi pou jounal lekòl la).
Tras ekri :
Dekri se pwodwi yon imaj sou sa moun k ap li a pa wè, men li kapab imajine zòn nan, oubyen pòtre pèsonaj la. Ou ka jwenn yon deskripsyon nan woman, nouvèl, kont, kontrandi yon evenman spòtif pa ekzanp, epitou kijan pou sèvi ak yon aparèy. Nan yon deskripsyon, ou ka itilize tan prezan ak tan pase, adjektif kalifikatif, advèb, gwoup nominal ak gwoup prepozisyonèl, sinonim, konparezon, diskou dirèk ak endirèk.
Evalyasyon ak regilasyon
Elèv yo kapab reponn kesyon sa yo :
Kisa yon deskripsyon ye ?
Kisa yo kapab dekri ?
Bay tout karakteristik yon pòtre fizik ak moral.
Detay pou remedyasyon
Anseyan sipleyan an, ap ede elèv ki pi lan yo, jwenn nan liv kreyòl la, lòt tèks ki gen rapò ak deskripsyon objè, zòn ak pòtre moun, pou l ka fè yo rezime tèks sa yo, pandan y ap respekte tout karakteristik yon tèks deskriptif.
Anèks⚓
Anèks 1
Tit : Vizite Labadi tankou «blan» lè ou se ayisyen.
Labadi se yon plaj prive, ki sitye a 5 kilomèt vil Kap Ayisyen. Li se yon gwo preskil ki plase sou 25 ekta tè ki genyen bèl plaj toulède bò.
Non Labadi a soti nan yon vilaj an fas li, ki te pote non yon kolon franse nan tan lakoloni. Bò plaj yo
n ap jwenn pye kokoye, zanmann, pye palmis, bèl flè tankou ibiskis (choublak) bougenvilye, epi gen bon jan van ki toujou ap soufle. An 2008, chak touris ki debake nan Labadi te konn peye 12 dola ameriken, e bato touris la konn vini 10 fwa nan yon mwa. Chak fwa li vini li pote 6 000 pasaje.
Si yo ta ouvè espas la, pou ayisyen nan jou bato yo ta vini, li t ap bon tankou sa te konn fèt lontan. Lè sa a Labadi ta fè pati patrimwan touristik nasyonal la.
Anèks 2
Tit: So Matiren
Se yon kaskad ki sitye nan wotè Kanperen, a anviron 7 kilomèt nan Nodès sant vil la. Lèw pase nan wout nasyonal nimewo 7 la, wap jwenn So Matiren, nan yon lokalite ki rele Maslin.
So Matiren se yonn nan pi gwo chit dlo nan peyi Dayiti, ki gaye nan rivyè kavayon. Chit dlo sa a mezire apeprè 30 mèt lajè ak 27 mèt otè. Yo itilize dlo nan chit sa a, pou pwodui elektrisite gras a yon kaptaj nan basen Mawo ki alimante 3 tibin idroelektrik. Chak tibin yo gen yon kapasite 800 kilowat, ki pemèt yo alimante vil Kanperen ak Manich.
Basen dlo ki nan pye chit sa a, se yon pisin natirèl, ki gen dlo klè byen fre, e zòn nan gen anpil bèl plant byen vèt ak falèz wòch kalkè.
Anèks 3
1.- Gwo Moso — Yon ti bout pou nou anmize nou
Mesye dam lasosyete ! Maurice Sixto retounen avèk «Choses et gens entendus». Sètadi : bagay li tande, moun li tande, li vin kase ti moso avèk nou. Li parèt koulye a avèk Gwo Moso.
Le dimanch apremidi sou Channmas, Pòtoprens, se yon kote m te tèlman renmen, chak fwa ke m reve Pòtoprens se sou Channmas la m ye. Men, se te yon bagay pou yon moun t al wè. Sou Channmas la vè twaz è d lapremidi genyen pou tout moun. Si w se pent, se penti w fè, ou gen dwa monte chevalè w la, w al fè penti w. Si se ekriven, jounalis ou ye, genyen pou ou. Si w se powèt, ou bezwen ale, pati monte nan lalin, ya !, ou bon.
Vè twaz è kon sa, ou wè de ti medam k ap deboukle soti ri Kapwa ak bèl ti wòb sou yo. Ti medam yo an penpan ! Y ap soti Tifou, y ap soti riyèl Sensi, y ap soti avni Dikòs, y ap soti riyèl Pikan, y ap monte ri Lama sot bò Annsonya, y ap deboukle soti dèyè ekspozisyon bò tribin. Ti mesye dèyè yo ! Y an penpan ! Kòmès la reyini devan Paramout oubyen devan Rèks. Ou wè machann kola, machann krèm, machann sirèt, machann bonbon wòz toma, machann pistach, machann fresko. Fresko ap graje, siwo tout koulè ap vide, myèl, mouch ! Kòmès la kanpe ! M pase bò fontèn nan, m wè de ti medam ki vin pwomennen, pitit moun ki gen mwayen. Yo gra kou vòlè — w a di timoun ki ret ka mè. Yo pwofite pou yo pale ak ti mennaj yo tou. Pandans tan sa a, timoun yo atè, y ap jwe nan po mango. Tout bagay ap mache : anterit, lakteyòl... tout bagay sou pye !
Yon jou dimanch, m soti bò tribin nan, m ap vini, m tande, m ap gade, m wè fèy sabliyè ap voye w a di se yon gwo men k kache k ap voye konfeti. Van an bon, m ap vini. Epi se kon sa m tande yon nonm k ap pale. Men, yon gagann ! W a di se yon radyo w louvri dènye volim (...)
(Ekstrè)
2 – Gwo Moso - Sa nou dwe sonje
Gwo Moso te pran abitid chak dimanch vin chita sou plas Channmas la (nan Pòtoprens) pou li rakonte istwa l epi sonnen non vanyan l. Lè kon sa, toujou gen bèl anbyans sou Channmas la. Gen moun tout kalite, tout kouch sosyal, timoun k ap monte bisiklèt, k ap jwe sou paten, machann fresko, machann pistach, anterit, lakteyòl, tout bagay sou pye.
Chak fwa li rakonte istwa sa yo moun toujou vin tande l. Lè kon sa, li pale fò pou li ka atire plis moun vin tande. Men, yon lè, nan bay lodyans kon sa, bagay yo ta pral vire mal pou Gwo Moso. Li rakonte yon premye lodyans kote yon lavèy nwèl li ta pral fete, pandan l ap pase bò yon pòs, yon kaporal ap fè radiyès ak li. Li kale kaporal la ak tout lòt kanmarad li yo ki te nan pòs la epi l al fèt wout li. Koze sa yo mete moun sou 2 ran sou Channmas paske yo renmen tande koze konsa.
Pandan l ap rakonte istwa sa yo, gen yon ti jandam ki te la. Tout moun te ka konprann se pou ti jandam nan l ap voye toya sa yo. Li rakonte, yon lòt lè ankò, de twa ti boujwa ki te vin pran plezi yo Channmas sou oto yo, yo t ap pèmèt yo fè radiyès, pale anpil. Li fè yo desann nan oto a mande l padon. Li ba yo yon kal pou listwa, bagay yo p ap janm bliye. Li menm rakonte istwa fanm li te konn genyen li pa t nan jwe ak yo, se bat yo, frape tèt yo nan mi.
Timoun ki t ap suiv sèn nan yo t ap chofe sa : « Ba li boulovaaaaa ! »
Li kontinye pou l pale de sa li fè yon moun k ap netwaye Channmas la ki fè radiyès ak li.
Moun yo kontinye ap chofe : « Ba li boulovaaaaa ! »
Dènye istwa li pral rakonte ki pral fè bagay yo chanje nèt se lè li rakonte sa l fè yon kaporal ki te nan pòs Pon Lestè a yon lè li ta pral Gonayiv. Li di kalòt li bay kaporal la fè tout sa ki nan zòrèy li soti al fè ponmad.
Moun yo kontinye ap chofe : « Ba li boulovaaaaa ! »
Ti jandam ki te sou Channmas la konprann koze a se pou li. Li avanse sou Gwo Moso pou mande l ak kiyès li ye. Gwo Moso koumanse ap monte kòlèt li. Ti jandam nan montre l li pa pote pantalon l pou bèl twal. Li reponn misye tenk an tenk jiskaske se Gwo Moso ki oblije bat ba devan ti jandam nan. Li arete Gwo Moso pou lòd epi kondui l nan pòs la.
Tout moun ki t ap koute istwa Gwo Moso yo sezi pou jan ti jandam nan te fini ak pale anpil nonm nan t ap fè sou Channmas la.
An verite, Gwo Moso te jwenn bouchon li!
3 – Gwo Moso — Leksik
Non vanyan : Se yon non yo bay yon moun osinon yon non moun nan bay tèt li nan kad aksyon l ap mennen oswa sa li abitye fè. Nan yon sans mistik, dapre inisye yo, non vanyan moun yo konn pwoteje yo kont malentespri.
Kaporal: Se yon premye grad nan lame. Inifòm yon kaporal pote 2 galon sou manch chemiz la.
Jandam : Se yon militè ki fè pati yon kò yo rele Jandamri. Yo la pou pwoteje teritwa yon peyi pou lòt nasyon pa pran menm yon tibout ladan oswa anvayi l. Yo konn sèvi tou pou ranfòse lapolis nan mete lòd.
Tenk an tenk: Tèt pou tèt.
Tout kouch sosyal: Moun tout kalite, kèlkeswa laj li, aktivite ekonomik li, aktivite pwofesyonèl li, relijyon li, lang li pale, nivo edikasyon li, kit li fanm oswa gason.
4 – Gwo Moso — An nou reflechi
a) Apati lodyans Gwo Moso a, ki sa w wè ki ka rive moun k ap bay manti pou vante tèt yo?
__________________________________________________________________
__________________________________________________________________
__________________________________________________________________
__________________________________________________________________
b) Ki sa tèks la aprann ou ?
__________________________________________________________________
__________________________________________________________________
__________________________________________________________________
__________________________________________________________________