Sekans 3 : Relasyon sosyal⚓
Prezantasyon⚓
Konpetans nou vize
Konprann yon mesaj lè n ap pale, yon tèks nou li epi eksprime panse nou lè n ap pale. (K1)
Li, konprann epi entèprete divès tip tèks. (K2)
Ekri divès kalite tèks avèk yon entansyon kominikasyon byen presi. (K3)
Konesans, abilite, kapasite, adaptasyon/atitid
Konnen kisa yon enfòmasyon ye
Distenge divès kalite tèks enfòmatif (nòt pou enfòmasyon, avi, afich, kominike laprès)
Kapab chèche, prepare epi prezante enfòmasyon pratik sou divès kalite sijè
Analize, entèprete epi byen sèvi ak imaj kòm sipò nan yon diskou enfòmatif
Kapab itilize divès zouti kominikasyon pou prezante enfòmasyon oral ak ekri
Fè rechèch, analize epi sèvi ak enfòmasyon yo bay sou entènèt konsènan yon sijè oswa yon kesyon
Distenge kèk eleman gramatikal tankou : detèminan entèwogatif, detèminan posesif ak konpleman sikonstansyèl yo, konnen wòl yo nan yon tèks enfòmatif epi kapab itilize yo chak kòmsadwa nan plas yo lè sa nesesè
Byen sèvi ak kèk eleman leksikal ak semantik konsènan metye ak distraksyon pou anrichi vokabilè yon tèks enfòmatif
Konesans nesesè
Anvan elèv yo rive nan sekans sa a, yo te rive konnen kòman pou yo tande yon tèks avèk atansyon epi sonje divès ide ki degaje ladan li. Yo aplike teknik pou yo fè lekti san rabache. Yo pran poz lè sa nesesè e yo konn byen jere volim vwa yo selon bezwen. Yo kapab fè redaksyon ki senp sou kèk sijè. Yo gen metriz kèk règ nan sistèm òtograf Kreyòl ayisyen an. Yo kapab fè diferans ant divès tip fraz ni lè y ap pale ni lè y ap ekri. Anplis, yo kapab sèvi ak yon aparèy elektwonik (telefòn, tablèt, òdinatè...) pou yo konsilte yon sit entènèt, epi rapòte kèk enfòmasyon yo jwenn nan divès medya.
Estrateji aprantisaj
Nan sekans sa a, ap gen divès egzèsis k ap fasilite elèv la pwofite enfòmasyon ki nan yon tèks oral ou ekri, soti nan yon rejis lang pou ale nan yon lòt. Entèpretasyon ak itilizasyon sipò vizyèl (graf, imaj, chema, tablo...) ap favorize konpreyansyon ak pwodiksyon enfòmasyon. Analiz eskèlèt (estrikti) yon atik nan laprès, sèvi ak chema piramid tèt anba a, fòmasyon divès atelye pou travay nan klas la ak travay rechèch elèv yo ap fè yo metrize diskou enfòmatif yo epi devlope konpetans nou vize yo.
Dekoupaj an seyans
Seyans (Tit ak dire) | Tèm, plas seyans lan nan sekans lan ak deskripsyon li |
---|---|
Seyans 1 Tip enfòmatif yo / Dire : 2 zè | Seyans 1 an ap pèmèt elèv yo idantifye karakteristik chak tip yo yon fason pou yo ka wè diferans ak/ou resanblans ki genyen pami yo. L ap ede yo konprann wòl yo chak nan kominikasyon oral ak ekri. |
Seyans 2 Rejis lang / dire : 2 zè 00 | Seyans 2 a ap pèmèt elèv yo fè diferans ant divès rejis. Y ap metrize estrikti ki koresponn ak nivo lang yo vle fè enfòmasyon an pase a ak vokabilè ki koresponn nan. Y ap konprann enpòtans chak nivo nan enfòmasyon yo. |
Seyans 3 Itilizasyon ak entèpretasyon imaj kòm sipò / dire 1è 00 | Seyans sa a konsène imaj n ap sèvi kòm sipò yo (foto, imaj karikati nan yon atik nan laprès). Li gen rapò ak fason yon emetè kapab itilize divès imaj suivan bezwen pou enfòme yon destinatè. Yon lòt bò, kòman yon destinatè oswa nenpòt moun ki enterese kapab entèprete yon imaj pou li dekouvri enfòmasyon kosènan sa ki pase a. |
Seyans 4 Metye ak distraksyon / dire : 1è 00 | Seyans sa a ki konsène chan leksikal ak rezo sans divès metye ak distraksyon ap favorize devlopman abilite elèv yo nan fè rechèch pou jwenn enfòmasyon sou jwèt kiltirèl yo ak metye yo epi metrize kèk vokabilè teknik. Konsa, y ap alèz pou jwenn enfòmasyon epi fè mesaj pase nan domèn sa yo. |
Seyans 5 Detèminan entèwog Konpleman sikonstansyèl / dire : 1è 00 | Eleman gramatikal tankou: detèminan entèwogatif, detèminan posesif ak konpleman sikonstansyèl yo antre nan zouti lengwistik ki reprezante endis ki gen rapò ak pèsòn, lye, tan, mànyè, bi, konsekans, kondisyon nan yon enonsyasyon. Metriz eleman sa yo ap ede elèv yo sitye yon enfòmasyon parapò ak kontèks li. |
Seyans 6 Mini pwojè / dire:1è 00 | Seyans sa a ap pèmèt nou fè yon rapèl jeneral sou divès seyans yo. L ap ede nou wè fay elèv yo epi pote solisyon nesesè. L ap ede yo sèvi ak konpetans yo pou yo reyalize yon minipwojè. |
Sipò
Ekstrè enfòmasyon nan Jounal Bon Nouvèl
Repòtaj sou chofè ak chajè machin (https://www.youtube.com/watch?v=Wu6vkL0UoTE&list=TLPQMTgwNzIwMjGrEd2SI6qZUA&index=7)
Anrejistreman videyo ki prezante enfòmasyon sou evènman k ap domine aktyalite a
Éléments de grammaire comparée Français – Créole haïtien, DAMOISEAU, Robert
Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, FEDEXY, Jockey Berde
Fason pou evalye elèv yo
Premye evalyasyon (dyagnostik) :
Pou kòmansman sekans la, pwofesè a ap teste sa elèv yo konnen deja, abilite yo sipoze genyen pou yo ka rive devlope divès konpetans ki vize. Travay sa a dwe baze sou sa ki nesesè yo dwe deja konnen nan fè lèkti divès tip tèks enfòmatif san pwoblèm avèk ton ki apwopriye, byen koute yon enfòmasyon epi sonje ide kle yo, respekte règ ekriti lang nan epi redije yon tèks enfòmatif byen kout ki respekte karakteristik ak règ ekriti yon enfòmasyon.
Evalyasyon final (bilan) ak kritè pou reyisi:
Nan fen sekans la, pwofesè a dwe evalye divès konesans, kapasite adaptasyon, abilite ak atitid elèv la rive devlope pou tip diskou a. Konsa, gras ak kèk itèm tankou : kesyon objektif, chwazi bon repons, konplete, asosye yon eleman ak korespondan li, pwofesè a ap rive wè si elèv yo byen devlope konpetans li te vize nan kòmansman an, nan ki nivo yo rive devlope yo. Konsa, l ap konnen ki desizyon final pou l pran (si l ap pase nan lòt nivo konpetans oubyen si l ap fè remedyasyon pou elèv ki merite sa avan tout pwogresyon).
Aktivite an plis
Pwofesè a mete kèk lòt aktivite enteresan nan klas la kote li ka mande elèv pou yo vin prezante yon jounal. Nan aktivite sa a, li dwe ranje klas la tankou yon estidyo, yon sal nouvèl. Lè sa a, li pral fè yo travay tenm vwa yo, prononsyasyon yo, kapasite yo genyen pou yo fè yon lekti nan ton konvèsasyon san yo pa rabache ; li dwe ede yo metrize tèt yo an piblik.
Li chwazi kèk elèv pou fè yon afich sou yon evènman kiltirèl (yon match foutbòl, yon sware djaz)
Li chwazi yon gwoup 3 elèv pou yo mennen yon ankèt sou yon evènman ki te pase pou yo kapab ekri yon atik nan jounal. Pou sa, pwofesè a dwe raple yo fason pou yo sèvi ak senk kesyon yo (kiyès, kisa, ki kote, kilè, kòman). Li dwe fè yo sonje enpòtans nivo lang kouran an e pafwa nivo soutni an nan yon enfòmasyon. Chak elèv ap ekri yon avi, yon afich ak yon pwospektis sou demann pwofesè a.
Adaptasyon pou elèv ki gen bezwen apa
Pou elèv ki gen pwoblèm je, pwofesè a dwe fè yo chita nan yon pozisyon nan klas la k ap fasilite yo wè pi byen. Men, si malgre yo chanje plas pwoblèm nan pèsiste, li dwe fè yon elèv ki kapab li tout eleman enpòtan nan kou a pou yo.
Genyen elèv ki konn gen pwoblèm afektif oswa yon maladi ki dire sou yo. Nan sityasyon konsa, yo bezwen anpil atansyon. Si pwoblèm nan fizik, pwofesè a ka fè plis repetisyon lè l ap bay esplikasyon sou diskou yo. Li mèt ba yo fè plizyè egzèsis apa ki senp sou yon ti ekstrè enfòmasyon. Li dwe poze yo kesyon klè e senp (kiyès, kisa, ki lè, kòman) pou yo ka distenge tip enfòmasyon yo.
Pwofesè a ap chwazi kèk fraz senp byen kout ki gen yon enfòmasyon, epi li mande yo : « kisa fraz sa yo vle di, ki mesaj yo chak jwenn pèsonèlman. » Li dwe sèvi ak sipò vizyèl ki klè.
Pwofesè a ka fè plizyè jwèt kesyon-repons, devinèt sou nosyon ki konsènè chan leksikal ak semantik yon metye, yon distraksyon. Pou pwoblèm afektif ki konplike yo, pwofesè a dwe fè direksyon lekòl la konn sa. Si posib, lekòl la dwe pran dispozisyon pou yon sikològ ede timoun sa yo.
Kèk konsèy pou anseyan an
Li enpòtan pou nou raple pwofesè a, travay la dwe chita sou patisipasyon elèv. Pa dwe gen elèv pasif nan kèlkeswa kondisyon an. Fas ak yon sityasyon pwoblèm, pwofesè a se yon gid k ap ankouraje elèv yo pou yo mobilize konesans, kapasite adaptasyon ak divès abilite yo pou yo ka rezoud li. Se konsa y ap rive devlope konpetans ki gen rapò ak enfòmasyon yo.
Antanke gid, pwofesè a dwe fè bon jan rechèch sou diskou enfòmatif pou yo ka metrize tèm nan, metòd ak teknik k ap favorize yon atmosfè agreyab pou pwosesis ansèyman-aprantisaj la. Yon bon preparasyon aktivite yo ak materyèl nesesè ap favorize bon dewoulman sekans la.
Pwofesè a kapab fè kèk aktivite ki koresponn ak bezwen ki parèt enpòtan nan moman an. Pa egzanp, li ka mande lekòl la pou mennen elèv yo vizite lokal Akademi Kreyòl la nan okazyon jounen entènasyonal lang kreyòl. Sa t ap pèmèt yo byen enfòme sou travay enstitisyon sa a ap founi. Nan yon aktivite konsa, pwofesè a dwe ankouraje timoun yo pran nòt pou yo ka pwodui yon tèks enfòmatif sou vizit la.
Si gen dokiman ki fèk parèt, pwofesè a dwe analize yo pou li wè si yo respekte pwogram Ministè Edikasyon Nasyonal la, si yo konfòm ak ‘apwòch pa konpetans la' e si yo konòm ak nivo konpetans elèv yo. Konsa l ap wè si li dwe sèvi avèk yo.
Seyans 1 : Divès tip tèks enfòmatif⚓
Tan 1 Prezantasyon
Aprè salitasyon, pwofesè chwazi yon modèl pou chak tip tèks enfòmatif (pwospektis, avi, afich, kominike nan laprès) nan yon jounal ekri, nan yon emisyon nouvèl. Ansuit, li fè yon elèv li yo chak epi li esplike yo byen klè pou klas la.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo li ekstrè yo youn apre lòt pou tout klas la tande. Epi, yo reponn kèk kesyon pwofesè poze sou karakteristik tèks sa yo. Aprè sa, pou chak tip enfòmasyon yo, yon elèv ap site kèk karakteristik li sonje ki koresponn avèk li.
Tan 2 Travay an gwoup – Ekspoze
Pwofesè a divize klas la an 4 gwoup. Li bay yo chak yon tip enfòmasyon pou yo chèche tout eleman ki karakterize li. Apre sa, li mande yo jwenn poukont yo definisyon ki koresponn ak chak tip epi li poze yo kèk kesyon.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo fòme gwoup yo. Yo note chak karakteristik yo jwenn ki koresponn ak tip enfòmasyon an. Yo sèvi ak nòt yo te pran yo pou ekri definisyon tip tèks la. Yo prezante ekspoze a epi yo reponn kèk kesyon sou travay yo sot fè a.
Tan 3 Tras ekri yo ak travay an gwoup
Pwofesè a fè klas la jwenn tras ekri yo. Aprè sa, li bay chak gwoup yon tèm ki koresponn ak tip tèks enfòmatif yo travay sou li a pou yo ekri yon tèks sou li. Anfen l ap pran kèk minit pou li korije devwa sa a.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo li tras ekri yo, yo eseye konprann yo e yo kapte ide ki ladan yo. Gwoup ki te fòme yo reyini pou yo travay sou tèm pwofesè a te ba yo a. Lè yo fini, yo renmèt pwofesè a li pou koreksyon.
Tan 4 Rapèl – Sijesyon – Devwa
Pwofesè a ap korije travay chak gwoup. L ap remèt yo li epi l ap ba yo kèk konsèy ak sijesyon si sa nesesè. Li fè yon rapèl sou tèks enfòmatif yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap note konsiy ak esplikasyon pwofesè a. Yo ka poze kesyon sou sa ki pa parèt twò klè pou yo, sou fason pou yo prezante devwa yo gen pou yo fè lakay yo.
Pwodiksyon elèv yo
Pwodiksyon oral: Pwofesè a ap chwazi kat tèks ki pa twò long (2 kominike pou laprès ak 2 fè divè) epi l ap chwazi de elèv pou chak gwoup pou vin prezante enfòmasyon sa yo youn apre lòt devan klas la. Ansuit, li poze chak prezantatè de kesyon sou ide ki degaje nan tèks li sot li a.
Pwodiksyon ekri : Pwofesè a ap bay twa egzèsis ki konsène twa tip tèks enfòmatif nan yon lis (afich, pwospektis, avi) pou elèv yo chwazi youn. Li bay kèk konsiy sou ki kalte enfòmasyon li vle elèv yo pataje nan chak tip tèks sa yo.
Tras ekri pou elèv la :
Dokiman pou enfòmasyon (pwospektis) : Se yon dokiman enprime ki kapab yon depliyan, yon bwochi oswa yon fèy ki bay enfòmasyon sou yon pwodui, yon biznis, yon liv ki pral soti... souvan dokiman sa a sèvi pou fè piblisite pou eleman li bay enfòmasyon sou li a.
Avi : Se yon tèks yo afiche sou yon tablo oswa yon kote pou tout moun ki konsène nan yon enstitisyon, yon milye piblik ou prive ka wè li. Yon otorite ofisyèl oswa yon responsab nan yon enstitisyon ki vle fè yon enfòmasyon pase pou piblik la sèvi ak yon avi pou transmèt mesaj la. Yo konn mete avi yo tou pou enfòme kèk lektè nan yon ribrik nan jounal ekri. Egzanp : Avi sou kèk chanjman nan yon biwo ; Avi sou ka lanmò, avi divòs...
Afich : Se yon fèy ekri ou enprime ki ka gen yon foto oswa yon imaj sou li, yo kole li sou yon mi, sou yon tablo nan yon espas pibik. Li bay yon anons ofisyèl, fè pwopagann pou yon moun oswa yon ide, fè piblisite pou yon evènman kiltirèl, politik, sosyal... Egzanp : Afich pou yon fim yo pral pase nan sinema.
Kominike nan laprès : Se yon dokiman kout, senp, klè yon emetè voye bay jounalis yo oswa medya yo nan bi pou li enfòme yo sou yon evènman. Konsa, gran piblik la enfòme plizyè fwa anvan evènman sa a rive. Se kapab kreyasyon yon antrepriz, lansman yon pwodui tou nèf. Egzanp : Yon komèsan ki pral vin ak yon lòt antrepriz oswa yon lòt pwodui.
Evalyasyon
I - Antoure lèt ki koresponn ak bon repons la :
1. Yon dokiman enprime ki bay enfòmasyon sou yon pwodui, yon biznis ki pral demare, yon sèvis tou nèf ki pral parèt nan yon antrepriz se yon :
A. Afich
B. Pwospektis
CH. Avi
D. Kominike nan après
2. Yon dokiiman byen senp, kout yon òganizatè voye bay yon jounalis oswa medya yo pou li ka enfòme gran piblik la sou yon evènman li konte òganize se yon :
A. Afich
B. Pwospektis
CH. Avi
D. Kominike nan après
II – Ki diferans ou remake ki genyen ant tèks 1 an (pwofesè a chwazi yon afich) ak tèks 2 a (pwofwsè a chwazi yon avi oswa yon pwospektis) ?
III -Chèchè enfòmasyon ki genyen nan yon afich, yon avi, yon pwospektis:
1. Eske ou wè enfòmasyon ki nan avi a, afich la, ou pwospektis la ?
2. Kisa li ye ? Ki kote sa ap fèt ? Ki lè l ap fèt ? Kiyès ki ka patisipe ?
IV - Elèv yo ap ekri swa yon avi. Oubyen, pwofesè a ka ba yo reyalize yon afich oswa yon pwospektis.
Aktivite anplis pou remedyasyon
Aprè evalyasyon an, pwofesè a ap chwazi yon tèks enfòmatif ki pa long epi li poze elèv yo kèk kesyon tankou: sou kiyès yo pale, kisa ki te fèt, ki lè, ki kote, kòman e poukisa sa fèt. Apre sa, li dwe fè yon sentèz k ap ede elèv yo idantifye tip tèks enfòmatif yo ak karakteristik ki koresponn ak yo chak.
Pou K2 ak k3, li bay elèv ki pa reyisi yo youn nan chak kalite tèks enfòmatif yo epi li mande yo pou yo ekri enfòmasyon yo jwenn nan tèks la sou yon fèy. Ansuit, l ap fè yo wè kèk eleman espesyal ki gen nan chak tip ak sa ki fè youn diferan parapò ak lòt. Anfen, l ap ba yo konsiy ki klè pou yo pwodui yon tèks enfòmatif kòm devwa
Seyans 2 : Rejis Lang⚓
Tan 1 Prezantasyon oral
Aprè salitasyon, pwofesè a pase yon repòtaj ki gen plizyè kategori sosyal k ap pale. Li poze elèv yo kesyon pou li wè si yo distenge divès nivo langnan repòtaj la.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo reponn kesyon ki poze sou repòtaj yo. Pou chak kategori moun yo idantifye, yon elèv ap esplike sa ki espesyal nan fason yo pale a. Yo swiv kòmantè pwofesè a.
Tan 2 Travay an gwoup – idantifikasyon
Pwofesè a chwazi 3 ekstrè tèks byen kout. Yo chak gen yon nivo lang diferan. Li ranje klas la an plizyè gwoup epi li bay chak gwoup twa ekstrè yo. Li mande yo idantifye eleman leksikal ak gramatikal ki karakterize nivo lang sa yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv ki nan chak gwoup yo ap li ekstrè yo, y ap souliye mo ak ekspresyon ki ladan yo epi endike nan ki rejis lang yo ye. Yo etidye estrikti fraz yo, fòm pilye yo, leksik yo pou yo ka wè nivo lang yo. Yon elèv ap ekri tèks la pou chak gwoup.
Tan 3 Ekspoze pwofesè a sou enpòtans nivo lang yo – kesyon / repons
Pwofesè a ap bay esplikasyon ki klè Konsènan enpòtans chak nivo yo nan yon enfòmasyon. L ap poze kèk kesyon tankou : Èske sentaks la nòmal, espesyal ou neglije ? Èske tout kategori moun ap rive konprann vokabilè otè a itilize yo? Èske vokabilè yo teknik e ra oubyen èske yo vilgè? Ki nivo lang ou remake nan tèks la?
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap poze kesyon sou divès karakteristik nivo lang yo ak enpòtans yo nan diskou enfòmatif la. Ansuit yo reponn kesyon pwofesè a poze sou fason pou yo distenge epi byen anplwaye nivo lang yo. Yo suiv repons pwofesè a bay yo avèk atansyon.
Tan 4 Tras ekri – Rapèl – Sijesyon – Devwa
Pwofesè a pataje tras ekri yo. Anfen, li mande chak gwoup pou yo pwodui yon tèks enfòmatif sou yon sijè ki gen rapò ak relasyon sosyal. Epi li korije travay sa a lè elèv yo fini.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo byen li tras ekri yo. Yo poze pwofesè a kesyon pou yo ka konprann nivo lang yo, itilizasyon yo ak enpòtans yo pi byen toujou. Anfen yo pwodui tèks pwofesè a mande a.
Pwodiksyon elèv yo
Pwodiksyon oral : Pwofesè a chwazi yon tèks odyo li te anrejistre pandan yon emisyon enfòmasyon nan radyo. Li pase li pou klas la epi li mande elèv yo pou yo reponn kesyon ki vin aprè yo aprè yo:
Èske w panse tout moun san distenksyon ki tande tèks sa a ap konprann tout mo yo san pwoblèm ?
Kòman ou wè eleman yo òganize nan fraz la? Èske ou konstate yo respekte règ estrikti lang nan?
Èske se sèlman ak ti zanmi w oubyen ak yon pwòch ou ou ta ka pale konsa ?
Kisa ou wè ki parèt diferan nan fason moun yo sèvi ak lang nan nan tèks la ?
Pwodiksyon ekri : Pwofesè a chwazi senk tèm konsènan kèk evènman ki fenk pase nan peyi a. Li dwe divize klas la an senk gwoup epi li bay chak gwoup yon tèm pou yo ekri yon tèks enfòmatif ki gen omwen dis liy. Kòm konsiy : tèks la dwe ekri nan rejis kouran. Nivo leksik, estrikti lang nan ak òtograf mo yo dwe koresponn ak karakteristik nivo lang kouran.
Tras ekri pou elèv la :
Nivo lang yo ak karakteristik yo | Nivo Familye | Nivo kouran | Nivo soutni |
Leksik yo itilize | Vokabilè nan lavi chak jou, tèm familye, fòmil politès, ago oswa jagon popilè... | Vokabilè moun itilize san pwoblèm tout moun ka konprann ki pa gen tèm espesyalize, ra ou difisil | Vokabilè rich, ra, teknik, espesyalize, literè, vokabilè ki chwazi avèk swen |
Sentaks yo itilize | Konstriksyon fraz la kase, anpil repetisyon, itilizasyon aspè ak makè vèb yo pa respekte... | Règ òganizasyon mo yo respekte, men pa gen twò gwo rechèch ki fèt pou sa. Makè ak aspè tan yo respekte. | Tout règ lang nan respekte san fay, konstriksyon fraz yo konplèks, tan ak aspè vèb yo byen mache. |
Sa nivo a revele | -Relasyon zanmitay pami entèlokitè yo -Milye yo evolye a (pafwa popilè) - yon jwèt sou langaj la | - Volonte ekspeditè a genyen pou tout destinatè konprann li | - Yon milye sosyokiltirèl wo nivo - Politès ak souplès emetè a - Yon nivo teknik elve |
Jan nou wè sa nan tablo pi wo a, nivo kouran an sèvi ak vokabilè moun konprann san difikilte, li pa gen yon seri tèm difisil, ra ou espesyalize. Kidonk, nivo sa a gen tout enpòtans li nan yon enfòmasyon ki adrese pou yon piblik kote anpil moun pral jwenn mesaj la. Yon mesaj ki pase nan nivo kouran, nenpòt moun ka konprann li kèlkeswa kategori soyal li ak nivo edikasyon li. Men si enfòmasyon an vize yon piblik ki espesyal, tankou yon gwoup syantifik, yon kominote inivèsitè... lè sa a se nivo soutni an ki pi apwopriye.
Evalyasyon
Nan yon premye tan pwofesè a fè elèv yo tande yon enfòmsyon li te anrejistre alavans ki gen rejis familye a ladan li. Li mande yo pou yo byen tande enrejistreman de fwa. Epi li poze yo kesyon sou chwa leksik la ak sentaks la (kisa ou konstate konsènan kèk mo ou akspresyon moun k ap pale yo anplwaye? Èske yo itilize fòm nòmal yo ? Èske ou konstate yo respekte lòd mo yo (sentaks lang nan) ? Nan ki rejis lang moun yo pale nan anrejistreman an?
Pwofesè a mèt fè menm tip evalyasyon oral sa a pou de lòt rejis lang yo (kouran ak soutni).
Li mande elèv yo ekri yon tèks enfòmatif nan 15 liy. Kòm konsiy, tèks la dwe nan nivo kouran. Divès règ sou fòm mo yo, jan yo ekri ak lòd nan ajansman mo yo (règ mòfosentaks ak òtograf) dwe respekte. Yo dwe fè chwa leksik tout moun ap konpran. Yo pa dwe itilize tèm ki twò teknik.
Aktivite anplis pou remedyasyon
Aprè koreksyon, pou elèv ki pa nan yon nivo akseptad, men kèk aktivite li dwe fè yo reyalize :
Chwazi yon tèks odyo ki pa twò long, men ki gen omwen nivo kouran ak familye a ladan li. Ansuit, chwazi kèk elèv ki gen difikilte pou yo di sa yo panse sou fason moun yo pale nan tèks la. Ede yo wè sa ki patikilye nan chak nivo lang yo. Fè yon ti rapèl sou enpòtans chak nivo yo ak karakteristik yo.
Chwazi plizyè enonse pou chak nivo lang yo alavans. Bay kèk elèv ki gen difikilte nan K1 an fè lekti enonse yo youn are lòt epi mande yo nan ki nivo lang yo ye.
Fè chak elèv ki gen difikilte nan K2 ak K3 yo pwodui senk fraz pou chak nivo lang. Nan aktivite sa a, ba yo konsiy sou chwa vokabilè, estrikti fraz (sentaks) ak òtograf ki koresponn ak nivo lang yo.
Pwofesè a dwe pran lapawòl tousuit pou li fè yon sentèz klè e senp sou divès eleman ki karakterize nivo lang yo ak wòl yo nan diskou enfòmatif yo.
Seyans 3 : Itilizasyon ak entèpretasyon imaj kòm sipò⚓
Tan 1 Prezantasyon
Aprè salitasyon, pwofesè a distribye yon imaj karikati bay elèv yo pou yo byen obsève. Lè yo fini, li chwazi kèk pami yo pou esplike sa yo konprann. Epi lii fè sentèz la.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo obsève imaj la, yo chèche konprann mesaj ki pase a. Yo note ide ki degaje ladan li. Yo mete yo prè pou yo pataje ide yo ak klas la si se yo pwofesè a chwazi.
Tan 2 Travay an gwoup – Rapò
Pwofesè a òganize klas la an senk a sis gwoup. Li ba yo yon atik ki gen yon foto nan kòmansman li. Li mande yo esplike an detay divès eleman yo wè nan imaj la. Li mande yo ki rapò eleman sa yo ak Gran tit la, ak ide ki devlope a ?
Sa elèv yo ap fè
Chak gwoup li atik la epi obsève divès enfòmasyon ki gen nan foto ki nan kòmansman an. Yo chèche rapò ki genyen ant gran tit la, foto a ak enfòmasyon yo. Yon elèv ekri ide gwoup la te note yo. Epi yo renmèt pwofesè a travay la.
Tan 3 Ekspoze – kesyon / repons – koreksyon
Pwofesè a seleksyone kèk foto konsènan yon seri evènman ki pase. Li envite yon elèv nan chak gwoup vin chwazi yon foto. Li mande yo ekri yon tèks enfòmatif kote ide ki ladan yo koresponn ak divès ti detay ki nan foto a. Li korije travay la pou chak gwoup.
Sa elèv yo ap fè
Chak gwoup obsève foto yo jwenn nan avèk epi yo kòmante nenpòt eleman yo wè ki gen yon enfòmasyon enpòtan ladan li. Yon elèv nan gwoup la ap note tout enfòmasyon kòrèk yo rive idantifye. Ak enfòmasyon yo te note yo, chak gwoup ap ekri yon tèks enfòmatif.
Tan 4 Tras ekri – Sentèz ide – Devwa pou lakay
Pwofesè a bay esplikasyon sou plas foto nan yon atik jounal, wòl ak kalite li dwe genyen pou li ka pote enfòmasyon. Li fè yon elèv li tras ekri yo. Li ba yo yon devwa pou lakay
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo byen suiv esplikasyon yo. Yo poze kesyon pou yo konprann pi byen. Yo souliye tras ekri yo pou yo ka chèche metrize enfòmasyon yo. Chak elèv fè devwa a kòrèkteman e, yo respekte konsiy yo.
Pwodiksyon
Pwodiksyon oral: Pwofesè a pwojte yon karikati devan klas la, li chwazi plizyè elèv youn apre lòt pou kòmante divès eleman enpòtan ki genyen ladan li. Men kèk kesyon li poze yo:
Kiyès yo prezante nan imaj sa a ?
Ki kote li ye la a ?
Poukisa se konsa yo prezante pati sa a nan kò li (bay non pati a) ?
Ki enfòmasyon moun ki fè imaj sa a vle fè pase ?
Pwodiksyon ekri:
Pwofesè a chwazi plizyè ekstrè enfòmasyon, li mete yo nan yon kolòn. Ansuit, li chwazi plizyè foto ki koresponn ak chak enfòmasyon sa yo, li mete yo nan yon lòt kolòn. Kesyon : Fè flèch pou asosye enfòmasyon nan kòlòn A a ak foto ki koresponn avèk li nan kolòn B a.
Li mande elèv yo chèche yon foto oswa yon karikati epi ekri yon enfòmasyon ki gen omwen dis liy ki koresponn ak imaj kòm sipò sa a.
Tras ekri pou elèv la :
Nan yon atik jounal, foto a se youn pami kèk eleman enpòtan ki ede destinatè a jwenn enfòmasyon an pi klè, sitou lè li pa gen twòp tan pou li li tout atik la. Se sa ki fè foto emetè a chwazi a dwe pèmèt destinatè a dekri sèn nan epi kòmanse entèprete evènman ki devlope nan rès atik la.
Enfòmasyon ki devlope yo dwe gen rapò ak gran tit atik la, chapo esplikatif la ak foto a, e yo dwe respekte règ 5 la (kiyès, kisa, ki kote, ki lè, kòman, poukisa).
è, kòman...). Enfòmasyon yo dwe suiv yon lòd lojik suivan enpòtans yo nan tèks la.
Genyen de faz lekti nan yon atik jounal : a) sikui kout la ki gen ladan li gran tit la, chapo esplikatif la ak foto a ; b) sikui long nan ki se devlopman atik la an detay ak siyati (non, siyati ak adrès elektwonik) moun ki ekri li a.
Chapo esplikatif la se yon paragraf ki prezante evènman an an brèf. Se yon avangou sou enfòmasyon an ki reponn divès kesyon tankou kiyès, kisa, ki kote, ki lè, kòman... san detay.
Evalyasyon
Pwofesè a chwazi yon imaj ki gen rapò ak yon evènman kiltirèl epi li envite chak elèv youn apre lòt pou yo vin angaje yon diskisyon avèk li sou enfòmasyon ki genyen nan imaj sa a.
Elèv yo ap ekri yon atik laprès ki gen de etap lekti : a) sikui kout la ki gen ladan li gran tit la, chapo esplikatif la ak yon foto ki koresponn ak ide ki pral devlope a ; b) sikui long nan ki devlope enfòmasyon yo yon fason detaye. Atik sa dwe bay enfòmasyon sou yon evènman sosyal k ap fè aktyalite nan peyi a.
Chak elèv dwe byen li atik li ekri a plizyè fwa pandan l ap eseye respekte teknik lekti ak prezantasyon yon atik nan laprès, l ap anrejistre vwa li (lekti atik la) sou yon sipò odyo epi l ap pote anrejistreman an bay pwofesè a. Anfen pwofesè a ap chwazi kèk pami yo pou li fè klas la tande.
Aktivite anplis pou remedyasyon
Pou elèv ki nan yon nivo ki pa twò devlope oubyen ki pa devlope menm, men kèk aktivite k ap pèmèt yo monte nivo a :
Fè yon entèvyou kote yon elèv ki te byen devlope konpetans ki gen rapò ak seyans la ap prezante divès enfòmasyon konsènan yon imaj ki mache ak yon fè divè epi elèv ki gen difikilte a ap poze li kesyon sou enfòmasyon yo. Aprè sa, envèse wòl yo.
Bay chak elèv twa foto, mande yo jwenn yon gran tit pou yo chak. Mande yo pou yo imajine kiyès, kisa, ki kote, kòman, kilè sa te fèt epi ekri enfòmasyon sa yo sou bwouyon. Apre sa, fè yo ekri yon chapo grasa enfòmasyon sa yo pou chak imaj yo. Fè yo ekri yon tèks enfòmatif ki koresponn avèk yo.
Seyans 4 : Metye ak distraksyon⚓
Tan 1 Lekti yon atik sou distraksyon
Pwofesè a chwazi yon tèks ki bay enfòmasyon sou yon distraksyon. Li mande elèv yo fè yon lis mo ak ekspresyon ki gen rapò ak yon distraksyon oswa yon metye. Li korije e felisite elèv ki byen travay yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap souliye divès mo ak ekspresyon ki gen rapò ak distraksyon oubyen metye nan tèks la epi yo ekri yo nan kaye yo. Lè yo fin fè sa, y ap tann pwofesè a vin verifye epi korije pou yo.
Tan 2 Chan leksikal ak chan semantik
Aprè verifikasyon, li ede elèv yo konprann enpòtans chan leksikal nan konstwi sans yon enfòmasyon. Li mande yo idantifye kèk chan leksikal ki gen rapò ak metye. Li montre yo enpòtans chan semantik yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo li tèks la epi yo note tout mo ak ekspresyon ki gen rapò ak metye. Yo chwazi youn ou plizyè mo polisemik ki gen rapò ak metye epi yo bay chan semantik yo. Yo pote li bay pwofesè a pou koreksyon.
Tan 3 Tiraj tèm – pwodiksyon – koreksyon
Pwofesè a chwazi plizyè tèm ki gen rapò ak distraksyon, jwèt kikltirèl, metye... epi li ekri yo sou yon moso papye byen vlope. Li fè chak gwoup chwazi youn. Li mande yo ekri yon tèks enfòmatif sou tèm yo jwenn nan. Li korije.
Sa elèv yo ap fè
Reprezantan chak gwoup ap chazi youn nan tèm yo. Yo genyen 15 minit pou fin fè travay sa a. Anfen reprezatan gwoup la ap renmèt li bay pwofesè a pou koreksyon.
Tan 4 Tras ekri – esplikasyon anplis – devwa
Pwofesè a chwazi yon elèv pou li tras ekri yo. Li bay yon dènye esplikasyon sou wòl chan leksikal ak chan semantik. Li ba yo fè rechèch sou chan leksikal ak semantik kèk jwèt kiltirèl, distraksyon ou metye.
Sa elèv yo ap fè
Yon elèv li tras ekri yo. Klas la pwofite dènye esplikasyon pwofesè a bay yo. Elèv yo poze kesyon pou yo pi byen konprann. Yo fè bonjan rechèch sou tèm pwofesè a ba yo travay la. Epi yo renmèt li travay la nan pwochen kou a.
Pwodiksyon
Pwodiksyon oral:
Pwofesè a chwazi yon tèks sou yon jwèt kiltirèl (logo, jwèt mab, monte kap, jwèt wolè, elatriye). Li pase kèk konsiy pou elèv yo fè silans epi suiv avèk atansyon, epi li mande yo pou yo note tout mo ak ekspresyon ki gen rapò ak jwèt kiltirèl li chwazi a pandan l ap li tèks la pou yo. Aprè lekti a, li pase korije tèm elèv yo note yo.
Pwofesè a fè elèv yo idantifye de chan leksikal ki gen nan yon menm tèks konsènan metye ebenisoswa yon lòt metye. Apre sa, Li poze yo chak yon kesyon sou rapò ki genyen pami yo.
Pwodiksyon ekri :
Pwofesè a mande elèv yo fè rechèch sou metye lapèch ak kòdonye pou yo ka ekri yon ti tèks enfòmatif sou yo. Aprè sa, li mande yo idantifye divès chan leksikal ki gen rapò ak metye nan chak tèks sa yo.
Li mande yo jwenn de mo plisemik nan chak tèks epi ekri chan semantik yo. Elèv yo ap itilize chak mo sa yo pou li konstwi twa fraz kote ma a genyen yon sans diferan nan chakfraz yo.
Tras ekri pou elèv la :
Chan leksikal yon tèm se tout eleman (mo ak ekspresyon) ki pèmèt nou konstwi sans tèm nan. Lè n ap li oswa tande yon tèks, genyen plizyè mo ak ekspresyon ki rasanble suivan lòd ide yo ki pèmèt nou wè konsènan kisa otè a ou emetè a ap pale. Eleman sa yo fòme chan leksikal tèm nan.
Pa egzanp, si nan yon tèks y ap pale konsènan elèv, pwofesè, klas, egzamen, direksyon... chan leksikal la se lekòl. Si nou gen yon mo jenerik tankou otomobil (machin), rezo leksikal li se : kamyon, kamyonèt, bis, baskil, konntenè, taptap, taksi...
Chan semantik la, yon fason senp, se divès sans yon mo kapab pran suivan kontèks yo anplwaye li a. Pa egzanp, chan semantik kat se : yon jwèt. Egzanp : Maryo ap jwe kat ak zanmi li yo.
Kat se yon pyès pou idantifye moun. Egzanp : Maryo pèdi kat idantifikasyon nasyonal li a.
Kat se detèminan nimeral kadinal. Egzanp : Maryo gen kat goud sèlman nan pòch li.
Mo jenerik la se yo tèm ki ka ranplase divès eleman nan yon rezo leksikal. Li anglobe divès mo ki fè pati yon rezo leksikal. Egzanp : Si nou pran kèk mo tankou : revolvè, pistolè, fizi, mitrayèt... mo jenerik ki ka ranplase chak eleman sa yo se zam.
Rapò ki genyen pami divès chan leksikal nan yon tèks ap ede nou konsidere ide otè a sou plizyè fasèt pou nou pi byen konprann mesaj la.
Yon chan leksikal ka antrene yon lòt chan leksikal, yo gen yon lyen youn ak lòt. Lè sa a nou di gen yon rapò enplikasyon. Men lè youn diferan ak lòt, yo opoze youn ak lòt, lè sa a nou di gen yon rapò opozisyon.
Chan leksikal yo ak chan semantik yo anrichi leksik yon tèks enfòmatif.
Mo polisemik: Yon mo polisemik se yon mo ki genyen pliyè sans. Kidonk, li gen yon sans nan chak kontèks yo itilize li. Egzanp : Mi
1. Mwen ap manje yon bon fig mi nan jaden an.
2. Elèv yo kenbe mi lekòl la pwòp.
3. Mi se yon nòt nan mizik.
Evalyasyon
Pwofesè a mande chak elèv pou li vin pale konsènan metye li pi renmen an devan klas la. Apre sa li poze elèv la kesyon sou rezon ki fè li renmen metye sa a. Ki zouti moun k ap pratike metye sa a bezwen pou yo travay ?
Jwenn omwen dis tèm ki fòme chan leksikal metye piba yo:
a) Koutiryè:________________________________________________________________
b) Kiltivatè :________________________________________________________________
c) Polisye :_________________________________________________________________
d) Mekanisyen : _____________________________________________________________
Ekri chan semantik tèm sa yo : a) Gadyen ; b) Mèt
Ekri yon pwovèb ki genyen yon non metye oswa jwèt kiltirèl ladan li.
Aktivite anplis pou remedyasyon
Pou yon elèv ki pa metrize K1 an konsènan chan leksikal ak chan semantik metye, distraksyon ak jwèt kiltirèl yo, men kèk aktivitè pwofesè a dwe fè yo travay :
Fè lèv la kanpe epi mande site tout sa li wè nan klas la pandan l ap pale a. Fè li site tout sa ki gen nan lekòl la. Epi fè li konnen tout tèm li sot site pou montre sa ki nan klas la ak nan lekòl la fòme yon chan leksikal. Ba li kèk esplikasyon anplis ak bon egzanp pou li kapab pi byen konprann.
Mande elèv la ki distraksyon li pi renmen. Mete li alèz pou li esplike sa ki genyen nan distraksyon sa a. Si se yon jwèt, kisa yon moun bezwen e kòman pou li jwe li. Aprè li fin fè sa, mande li ekri yon ti tèks byen kout pou enfòme yon moun sou jwèt la oswa distraksyon an.
Mande chak elèv sa yo ekri yon ti tèks ki bay kèk enfòmasyon sou metye yo plis renmen an. Apre sa fè yo note tout mo ak ekspresyon ki gen rapò ak metye a. Yo dwe konnen tèm sa yo se chan leksikal metye a. Pou fini mande yo chèche mo nan tèks la ki genyen plizyè sans epi bay rezo sans mo sa yo.
Pwofesè a dwe fè yon rapèl sou aktivite elèv la sot fè yo. L ap felisite elèv la epi fè li sonje pou gade tras ekri yo plizyè fwa lakay li.
Seyans 5 : Detèminan entèwogatif ak posesif - Konpleman sikonstansyèl yo⚓
Tan 1 Lekti - idantifikasyon adjektif entèwogatif ak posesif
Pwofesè ap chwazi yon tèks enfòmatif nan liv kreyòl la, epi li mande elèv yo byen li li pandan y ap souliye adjektif entèwogatif yo (ki, kiyès, kisa, konbyen...), ankadre adjektif posesif yo (mwen, ou, nou, mwen an).
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo byen li tèks la. Yo souliye tout adjektif entèwogatif yo idantifye epi yo ankadre adjektif posesif yo. Apre sa yo tann pwofesè a vin verifye si yo byen fè travay la.
Tan 2 Lekti - idantifikasyon konpleman sikanstanyèl
Pwofesè a fè elèv yo sèvi ak menm tèks yo sot li a pou yo chèche kèk fraz ki genyen konpleman sikonstansyèl. Li fè yo souliye yo epi endike kisa yo eksprime (bi, koz, kondisyon, lye, tan, mànyè). Li esplike yo enpòtans yo nan diskou enfòmatif yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo chèche fraz ki genyen konpleman sikonstansyèl yo nan tèks la. Yo ekri yo nan kaye yo epi yo souliye konpleman sikonstansyèl yo. Yo di si yo eksprime yon koz, yon bi, yon kondisyon, yon lye, yon tan, yon mànyè. Epi fè pwofesè a korije li pou yo. Yo suiv esplikasyon li bay yo.
Tan 3 Ezèsis sou konpreyansyon ak aplikasyon
Profesè a bay yon egzèsis pou idantifye detèminan posesif ak entèwogatif. Li mande yo jwenn gwoup mo ki ranpli fonksyon konpleman sikonstansyèl yo ak ekspresyon yo nan chak fraz. Li fè yo ekri kèk fraz ki gen konpleman sikonstansyèl ladan yo ak de tip detèminan nou site pi wo a. Aprè sa, li korije egzèsis la ak klas la.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo idantifye kèk detèminan ki jwe wòl endis nan tèks la. Apre sa, yo idantifye gwoup mo ki ranpli fonksyon konpleman sikonstansyèl yo ak ekspresyon yo nan fraz yo. Yo pwodui kèk fraz ki genyen plizyè konpleman sikonstansyèl ladan yo ak sa ki gen detèminan posesif ak entèwogatif. Yo bay pwofesè a korije travay la.
Tan 4 Tras ekri – esplikasyon anplis
Pwofesè fè yon elèv li tras ekri yo. Li montre enpòtons yo nan pwodiksyon ak konpreyansyon yon enfòmasyon. Li poze elèv yo kesyon pou wè si yo rive distenge detèminan yo ak enpòtans yo nan yon enfòmasyon.
Sa elèv yo ap fè
Yon elèv ap li tras ekri yo. Tout klas la ap patisipe nan reponn kesyon pwofesè a poze pou fasilite konpreyansyon yo. Si gen yon bagay ki pa parèt twò klè, yo poze pwofesè a kesyon pou yo ka konprann pi byen,
Pwodiksyon
I - Pwofesè distribye yon tèks enfòmatif bay chak elèv. Li mande yo pou yo ekri tout fraz nan tèks la ki gen yon konpleman sikonstansyèl. Souliye konpleman yo epi endike si yo se sikonstansyèl lye, koz, tan, bi, mànyè, kondisyon...
II - Souliye detèminan ki nan fraz piba yo epi endike si yo se adjektif posesif ou adjektif entèwogatif:
1. Kisa elèv yo ap fè nan valiz mwen an?
2. Manman li ba li yon rekonpans.
3. Kòman mesye ki kanpe deyò a rele?
4. Timoun yo pote liv kreyòl yo a nan kou kreyòl la.
5. Ekè mwen an, Ki bon zanmi mwen kip rete li?
III - Nan yon ti tèks ki pa twò long, esplike enpòtans detèminan posesif ak entèwogatif yo, konpleman sikonstansyèl lye, tan, mànyè, koz, bi... nan yon enfòmasyon.
Tras ekri pou elèv la :
1 - Detèminan yo: Se yon seri eleman nan gramè a ki plase adwat ou agoch yon non. Yo pote enfòmasyon sou referans non an ak kantite (nonm) li. Sa vle di detèminan yo fè nou wè konsènan kiyès ou kisa y ap pale, èske se youn oubyen plizyè. Tout atik ak adjektif yo se detèminan, sof adjektif kalifikatif. Nou distenge detèminan defini ak endefini.
2 - Adjektif posesif : Men yon tablo ki prezante adjektif posesif yo:
Pèsòn | Net | Sengilye | Pliryèl |
Premye Dezyèm Twazyèm Premye Dezyèm Twazyèm | Mwen Ou Li Nou Nou Yo | Mwen an Ou a Li a Nou an Nou an Yo a | Mwen yo Ou yo Li yo Nou yo Nou yo yo |
3 - Adjektif posesif yo plase adwat non an.
Egzanp: Liv mwen yo nèf. Elèv yo mache ak kaye yo Jodi a. Travay nou an byen fèt.
4 - Adjektif entèwogatif: Men kèk adjektif entèwogatif: ki, kiyès, kisa, kòman...
Yo plase agoch non an, nan kòmansman yon fraz kesyon dirèk.
Egzanp: Ki elèv ki pale nan klas la ? Kisa zanmi ou yo ap fè la a? Kòman Mari fè tris konsa ?
5 - Konpleman sikonstansyèl yo : Divès eleman ou gwoup mo kapab ranpli fonksyon konpleman sikonstansyèl nan yon fraz. Pou nou rive idantifye fonksyon sa a epi distenge sa li eksprime suivan sikonstans yo, nou dwe poze kesyon ki koresponn nan. Men kèk kesyon nou poze :
a) Ki kote (ki bò) pou Konpleman sikonstansyèl lye. Egz. : Mwen rete Jakmèl. (KSL)
b) Ki lè pou konpleman sikonstasyèl tan. Egz. : M ap pase wè ou demen maten. (KST)
Ch) Kòman (Ki jan) pou konpleman sikonstansyèl mànyè. Egz.: Ou pale byen saj. (KSM)
d)Poukisa pou konpleman sikonstansyèl koz. Egz. : Li kontan paske li reyisi. (KSK)
6 - Enpòtans yo nan yon enfòmasyon: Eleman tankou detèminan posesif ak entèwogatif yo pèmèt nou idantifye kiyès ki emetè ak kiyès ki reseptè nan yon enfòmasyon, oubyen sou kiyès ou sou kisa y ap pale nan tèks la.
Eleman ki ranpli fonksyon konpleman sikonstansyèl yo se yon seri endis ki pèmèt nou sitye enfòmasyon an nan yon tan, yon espas ak lòt sikonstans ki pèmèt moun konprann enfòmasyon an.
Evalyasyon
A – Pwofesè a rele chak elèv youn aprè lòt epi li poze yo kèk kesyon sou detèminan yo ak fonksyon konpleman sikonstansyèl yo :
1. Ki wòl adjektif posesif yo nan yon enfòmasyon?
2. Ki wòl adjektif entèwogatif yo nan yon enfòmasyon?
3. Ki plas yo parapò ak non an (adwat ou agoch) ?
4. Chak detèminan mwen site, di si li se adjektif posesif oubyen adjektif entèwogatif : mwen an, kisa, kòman, ou a, nou, ki, yo, li yo, mwen yo...
B – Sèvi ak adjektif entèwogatif yo pou poze senk kesyon diferan k ap pèmèt ou jwenn enfòmasyon sou yon aksidan ki te fèt :
1. ___________________________________________________________________________
2. ___________________________________________________________________________
3. ___________________________________________________________________________
4. ___________________________________________________________________________
5. ___________________________________________________________________________
CH – Imajine divès repons ou ta dwe jwenn pou senk kesyon ou sot poze yo. Byen òganize yo pou ekri yon ti tèks enfòmatif sou yon aksidan ki te rive, nan anviwon kenz liy.
Aktivite anplis pou remedyasyon
Aprè koreksyon, pwofesè a ka konstate gen kèk elèv ki pa nan yon nivo akseptab pou konpetans li te vize yo (K1, K2, K3). Nan ka sa a, men kèk aktivite remedyasyon pou elèv ki gen difikilte yo reyalize:
Fòme yon gwoup avèk yo epi ba yo yon ekstrè tèks enfòmatif pou yo li. Mande yo pou yo souliye non ki koresponn ak sa yon moun posede. Epi poze yo kesyon sa a : ki nati mo ki mache ak non sa yo ?
Reli tras ekri sou detèminan yo pou yo, esplike yo li byen klè. Aprè sa, mande yo souliye tout adjektif posesif ak adjektif entèwogatif yo idatifye nan ekstrè a.
Ekri kèk fraz ki gen diferan konpleman sikonstansyèl yo (lye, tan, mànyè, koz...) Aprè ou fin esplike yo byen klè kòman yo ka idantifye fonksyon konpleman sikonstansyèl la nan yon fraz, mande yo pou yo souliye kopleman sikonstansyèl ki nan fraz ou te ekri yo. Poze yo kesyon konsènan kisa konpleman ki souliye yo eksprime nan fraz la.
Finalman, fè yon rapèl jeneral sou sa ki enpòtan nou te travay nan seyans la. Mande yo pou yo poze w kesyon sou pwen ki pa ta parèt twò klè pou yo. Ba yo tout esplikasyon nesesè.
Seyans 6 : Mini pwojè ak rapèl⚓
Tan 1 Rapèl sou seyans 1 a 3
Pwofesè fè kèk rapèl sou tip tèks enfòmatif yo, rejis lang lang yo ak enpòtans imaj kòm sipò enfòmatif. Li ba yo esplikasyon esansyèl yo epi li ankouraje yo poze yo kèk kesyon .
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo li tras ekri yo. Yo poze kesyon pou yo jwenn plis esplikasyon. Yo reponn volontèman kèk kesyon pwofesè a poze pou li teste konpreyansyon yo sou twa premye seyans yo.
Tan 2 Rapèl sou seyans 4 ak 5
Pwofesè a chwazi elèv ki te byen travay yo. Li mande yo gade tras ekri konsènan seyans 4 ak 5 epi bay bonjan esplikasyon sou yo ak enpòtans yo nan yon diskou enfòmatif. Li bay kèk esplikasyon siplemantè.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo li tras ekri pou seyans 4 ak 5 epi yo esplike sa ki esansyèl yo. Yo suiv esplikasyon anplis pwofesè a ba yo, epi yo poze kesyon, si sa nesesè, pou yo ka konprann pi byen.
Tan 3 Lòt rapèl – Minipwojè
Pwofesè a bay kèk lòt espliksyon. Li reponn kesyon si genyen. Kounye a, li prezante yon pwojè ki mande pou tout klas la met tèt ansanm pou reyalize li.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo suiv dènye esplikasyon yo. Yo poze kesyon si sa nesesè. Yo byen tande anons pwofesè a fè sou minipwojè a, yo prepare pou note enfòmasyon k ap itil yo pou sa.
Tan 4 Minipwojè – Prezantasyon ak esplikasyon
Pwofesè pataje klas la an 4 gwoup. Li mande premye gwoup la pou li ekri yon fè divè konsènan yon evènman ki te pase nan lekòl la pandan semèn nan. Li mande dezyèm nan ekri yon afich sou yon pwogram sinema klas la konte òganize. Twazyèm gwoup la dwe chèche foto, imaj ou karikati ki pral sèvi pou fasilite travay lòt gwoup yo. Anfen, li mande dènye a pou li òganize, korije, gade si foto, imaj ou karikati koresponn ak enfòmasyon yo epi fè montaj jounal la.
Sa elèv yo ap fè
Premye gwoup la ekri yon fè divè ki pase nan lekòl la pandan semèn nan. Dezyèm nan ekri yon afich sou yon pwogram Sinema klas la ap òganize. Twazyèm nan ap chèche foto, imaj ou karikati pou lòt gwoup yo. L ap travay nan tètkole avèk yo. Dènye gwoup la ap òganize travay de premye yo, l ap fè koreksyon si posib, gade si foto, imaj ou karikati yo chwazi yo koresponn ak enfòmasyon yo bay yo epi l ap rasanble yo sou fòm yon jounal pou klas la. Anfen, anvan dat limit la, yo renmèt pwofesè a travay la.
Pwodiksyon
Elèv yo ap byen òganize an gwoup pou yo ekri yon jounal pou klas la k ap genyen ladan li yon fè divè, yon afich pou yon aktivite kiltirèl (sinema) ak lòt eleman tankou foto ak karikati.
Yo dwe fè yon demonstrasyon ki gen rapò ak prezantasyon jounal la nan yon estasyon radyo.
Tras ekri pou elèv la :
Se divès tras ekri ki genyen nan seyans 1 rive nan seyans 5 ki konsène rapèl ki fèt ak reyalizasyon minipwojè seyans 6 la.
Evalyasyon
Prezantasyon minipwojè a sou fòm emisyon ki pase nan radyo tout gwoup elèv nan klas la ap fè youn apre lòt.
Aktivite anplis pou remedyasyon
Reyalizasyon seyans sa a menm se yon aktivite anplis ki sèvi kòm yon remedyasyon jeneral pou tout sekans 3 a ki baze sou diskou enfòmatif : Relasyon sosyal.
Anèks⚓
1
Afich sou Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) òganize 28 oktòb, nou pran nan jounal Bon nouvèl # 432, oktòb 2015
2
Foto ak karikati pou elèv yo jwenn enfòmasyon ki ladan yo
3
Foto ki ilistre yon atik jounal sou jèn yo (Jounal Bon Nouvèl # 512, desanm 2013)
4
Ekstrè atik nan https://ayibopost.com/lang-kreyol-la-sibi-anpil-diskriminasyon-nan-medya-an-ayiti/
Diskriminasyon nan medya an Ayiti
Katreven dizui pousan ayisyen pale epi konprann Kreyòl, kontrèman ak fransè sèlman 10 jiska 15% moun nan popilasyon an pale. Jounen jodi a, pi fò emisyon politik k ap fèt nan kapital la, fèt an kreyòl. Poutan, kèk ane anvan sa, pale kreyòl te fè moun pran w pou moun ki pat pase sou ban lekòl.
« Rejim diktatè Duvalier yo te entèdi moun pale kreyòl nan medya yo, yon fason pou te kapab anpeche mas pèp la wè epi kenbe l nan inyorans », dapre jounalis Liliane Pierre Paul ki te pase anpil mati nan epòk sa a.
Nan ane 1970 yo, Radio Haiti te kòmanse itilize lang kreyòl pou bay nouvèl nan radyo.
Desizyon sa a te leve plim sou do, rejim diktati a ki pat janm sispann rele direktè radyo a, Jean Leopold Dominique, nan reyinyon nan lide pou fè presyon epi fòse mete yon bout ak zafè bay nouvèl nan lang tout moun konprann nan. Se sa Liliane Pierre Paul sonje.
Prezantatris jounal 4è a sou Radyo Kiskeya, raple l tou : “ Yon lè, yon minis enteryè te konvoke Jean Leopold Dominique pou repwoche l paske radyo li a, ak koze bay nouvèl nan lang Kreyòl la, lakoz, menm moun nan yon zòn rekile tankou Kochon-gra nan sidès peyi a twouve oze yo ap pale sou istwa Somoza nan Nikaragwa ak Idi Amin Dada nan Ouganda”.
Liliane Pierre Paul sonje tout kalite repwòch li te pran anba bouch chèf rejim nan lè yo te arete l an 1980 poutèt li tap fè tèt rèd epi kontinye ap prezante jounal nan lang Kreyòl nan radyo.
Nan entèdi Kreyòl nan radyo, diktati a te vle pwoteje tèt li epi kenbe pèp la tankou zonbi ki pa gen ankenn zouti enfòmasyon pou poze kesyon, dapre analiz Liliane Pierre Paul ki di: “ Kan ou di popilasyon an gen yon diktatè ki pèdi pouvwa l nan yon peyi, diktati Duvalier a panse li menase paske pèp la kapab vin konprann li ka retire tèt li anba rejim bout di a tou, paske verite se baz revolisyon.
Lang Ayiti libere a
Apati ane 1986, bagay yo vin chanje an Ayiti. Apre rejim Duvalier a fin tonbe, kreyòl la vin sèl kòk chante nan medya yo. Mache prese ki te genyen pou lide demokrasi a ki tap klewonnen, libète pou tout moun kapab di sa yo panse san baboukèt, te kontribiye anpil nan enpoze lang kreyòl nan medya yo dapre Wilner Dorlus ki se manm akademi kreyòl la.
Nan epòk sa a, nan non libète, tout moun te gen dwa di mo pa yo nan deba politik ki tap fèt sou avni peyi a alòske tout moun pat ka pale fransè. Dapre Liliane Pierre Paul, « se te rezilta zak otorite yo ki pat janm bay pèp la zouti pou l te kapab pale fransè vre ».
Met sou sa, atik 5 konstitisyon 1987 la di : « Tout ayisyen simante ak yon grenn lanng pou nou tout : kreyòl. Kreyòl ak fransè se lang ofisyèl Repiblik la ». Bagay sa a te oblije medya yo mete yo pi pre popilasyon an, dapre Wilner Dorlus.
Bel okazyon pou moun sòt ?
Itilize lanng kreyòl nan laprès pa jwenn ochan bò kote tout moun. Nan yon chita pale ki tap fèt nan ane 2014, direktè radyo « IBO” a Herold Jean Francois te lonje dwèt li sou prezans lang kreyòl nan medya yo kòm responsab mankman ak medyokrite ki genyen nan travay anpil jounalis.
Lè sa a, li te di : « Avèk rantre kreyòl kòm lang pou moun pale nan medya yo, nou rivre nan yon dezòd andedan medya sa yo. Anvan, ou te dwe pale fransè nan mikwo. Apati 1986, avèk nouvèl jenerasyon jounalis loray kale yo, nenpòt moun ki kenbe yon mayetofòn nan men l e k ap kouvri yon manifestasyon piblik, rele tèt li jounalis ».
Pou Liliane Pierre Paul, mòd pawòl « de grenn goch sa yo » pa gen lòt objektif : kontinye rabese pèp la nan fè l konprann, sèl grenn lanng li ka pale a, rann li enferyè.
Samuel Celiné5 – Lòt atik sou metye
Doktè Raoul ak sè Gras gen plis pase 30 lane depi y ap fè metye rale moun nan
Altagrace Jacques gen 52 lane. L ap manyen moun ki gen doulè depi li te tou piti. Yo ba li ti non sè Gras; li soti nan yon fanmi katolik Gonayiv. Nan lane 1990, li vin abite Pòtoprens, nan mòn lopital. Li te tou konvèti nan relijyon pwotestan, se poutèt sa a yo rele l sè Gras la. Jiskaprezan, li pa janm chanje ni relijyon, ni adrès.
Yon baryè tòl separe kay li ak lari a. Lè w antre, ou jwenn yon eskalye ki bay sou yon bann plant, tankou pye seriz, pye sitwon, pou rive finalman lakay sè a. Sè Gras pa bezwen anpil bagay pou l travay.
Li di: « Depi kliyan an vini, m mete l kouche atè epi m manyen. Konsa tou kliyan an ka pa deplase li menm, li jis mande m pou m vini. » Se pa ni nan liv, ni sou ban lekòl Altagrace Jacques aprann rale. « Se pandan m ap dòmi mwen aprann fè tout sa m konn fè yo », li ajoute.
Sè Gras di li pa sèvi lwa malgre fanmi l te swete sa a. Paske l te di l vle medsen fèy pandan li te timoun, fanmi l te di l pa ka senp. Men manm Legliz de Dye Ridisant la di se lespri sen ki gide l nan tout travay li.
Tout kalite plant
Jeneralman, se ak luil maskriti sè a fè travay li men gen kliyan ki pa renmen maskriti a, ki jis chache yon ti pomad pou rale. Dam sa a di depi l te gen 5 lane, yon moun te tonbe, li jis pase ti men sou moun nan epi l te geri. A 12 lane, li deklare fanmi l se medsen fèy l ap ye, men fanmi l pa t konprann sa a.
Malgre li pa t al lekòl, sè Gras di konesans li nan domèn li se gwo koze. Pou do fè mal, kò fè mal, pa ka dòmi, pa ka manje, lè l te jèn, moun yo te toujou vin wè l. Sa pa anpeche li pran konsèy nan men doktè ki nan medsin syantifik.
«M konn fè boutèy pou kliyan yo. Selon pwoblèm moun nan, m achte fèy m bouyi pou fè siwo pou li. Lè konsa m bay kliyan an yon boutèy. Lontan m te konn mete kòs bwa men yon doktè te di m pa mete kòs la depi lè sa a m pa mete l.»
Se pa tout medsen fèy ki pwotestan menmjan ak sè Gras. Raoul Simon Paul Laguerre ki ap viv Kwadepre di li menm se ginen yo ki ba li fòs pou l travay. Dayè, papa l te ougan menmsi li pa t gentan konnen l. « M te batize nan maryaj papa m ak manam m. Sou twa mwa maryaj, papa m te mouri. Nan epòk sa a pa t gen zafè foto. Men yo di m se mwen ki sanble avè l. »
Kèk metye ki pwal disparèt... ekstrè ki tire sou sit https://omniscientinfo.com/kek-metye-ki-pwal-disparet/
Se
Jodi a plis moun ale nan inivèsite, plis moun ap eseye aprann yon metye pou avni yo, men anpil ladan yo pa gade kiyès nan metye sa yo ki ka ede yo plis epi ki avni metye yo, se pou sa mwen enterese mete limyè pou nou sou kèk metye ki pa lwen disparèt.
Yon metye se sa nou rele tou yon pwofesyon, se yon aktivite yon moun pratike pou li ka viv, pou li fè lajan. Isit Ayiti yon moun ki pratike anpil bagay an menm tan yo rele l toutis, yon lòt bò si ou pa byen fè travay la yo rele ou machòkèt. Pèsonèlman mwen pa konnen okenn metye se sèl ayisyen ki pratike li nan monn la, se pou sa mwen wè li enpotan pou mwen mete aksan sou kalite metye ki gen pou disparèt sitou sa nous pratike anpil an Ayiti yo.
Jan teknoloji a ap evolye a, a bay anpil avantaj, sitou nan sante, bioloji ak edikasyon poum site 3 sa yo selman, men se pa sèl bon bagay li pote, li gen ti kote fènwa li tou sitou nan fè disparèt kèk metye ke anpil nan nou pratike. Dayè McKinsey, deja fè yon etid sou sa kote li revele 40% travay nan mond lan deja enfòmatize, kounya sa fè se wobo ki fè yon pakèt travay moun te konn fè yon lòt bò 2 chèchè nan Inivesite Oxford, Carl Benedict Frey et Michaël Osborne di gen 47% nan anpil metye ki pwal enfomatize, yo te menm fè yon lis ki gen ladan 702 metye, sitou sa moun plis etidye nan mond lan. Nan lis metye sa yo 90% ladan yo gen anpil chans pou machin (Wobo – Entèlijans atifisyèl) ranplase moun ki fè yo.
Lis metye sa yo se metye ki p ap pran anpil tan pou yo disparèt
1- Famasyen, anpil famasi nan kèk peyi gen yon sistèm ki rele ROWA, nan lang anglè yo rele li ARX se yon wobo, li ale cheche medikaman an pou ou lè ou ba li preskripsyon an, konsa li sevi plis moun an menm tan, fè mwens erè nan li medikaman, epi li ede jere stòk la tou konsa si medikaman an preske fini li ale pou fè yo pote lòt preseprese, li tou fè estatistik tou ki kalite medikaman yo achte plis, ki medikaman ki pi chè kiyes ki pi bon mache, dayè y ap travay sou vesyon pou li klase medikaman yo pa tip maladi moun soufri. Mpa kache diw, ak yon kalite wobo konsa anpil famasi ap oblije revoke kèk famasyen ki te konn jwen yon seri wòl anndan an.
2- Resepsyonis gen yon gwoup ki rele Nippon Hitachi ki kreye yon wobo, ki ka konprann epi analize reaksyon ou pi li reponn ou selon sa ou bezwen an, pou kounya a wobo se èd li bay men li ka fe anpil lot bagay etanke resepsyonis.
3- Doktè, nan kèk ane ou ka sezi wè gen anpil espesyalite nan medsin nan ki disparèt, dayè gen anpil kaptè ki deja devlope, yo enplante yo nan yon pati nan kò moun ki malad la konsa sa pemèt medsen tretan oubyen lopital gen kontwòl malad sa a 24/24. Dayè rive yon lè se machin ki pwal opere moun sitou pou gwo operasyon ki mande anpil konantrasyon yo. Yon lòt bò gen wobo imanoyid ki gentan pran plas pou gadò timoun epi veye moun ki malad.
4- Ajan sekirite, dayè depi kèk ane se kamera ki ranplase de je ajan sekirite yo, kounya anpil kote wale ou jwenn gen kamera, eben gen yon konpayi ameriken ki rele Knightscope ki kreye yon wobo K5, wobo sila a ka deplase pou kont li, li gen yon kamera 360 degre, menm lannwit li ka li plat machin, wobo sa a menm ekipe pou li rele lapolis si li remake yon danje, mwen pèsonelman mwen panse yon wobo konsa tap ede leta ayisyen sitou nan sa ki gen a wè ak sikilasyon. imajine si wobo a ka li plak, li ka detekte si machin nan gen zam ladan epi rive li baz done pou verifye kiyès ki met machin sa a epi voye enfomasyon sa yo bay patwouy ki pi pre a
Alamy Jean-Pierre ki ekri tèks sa a nan dat 26 mas 2021