Sekans 5 : Diskou agimantatif⚓
Prezantasyon⚓
Sa elèv la ap rive fè
Konprann yon mesaj li tande, yon tèks li li epi pran lapawòl kòmsadwa (K1).
Li, konprann epi entèprete nenpòt kalite tèks (K2).
Ekri tout kalite tèks pou bay yon dizon (K3).
Konesans, abilite, kapasite, adaptasyon/atitid
Konprann epi analize agiman ki prezante nan yon diskou elèv la tande oubyen li (K1, K2);
Konprann epi aplike teknik pou prezante agiman lè l ap pran lapawòl oubyen lè l ap ekri (k1, K2, K3) ;
Bay opinyon l lè l ap pran lapawòl oubyen nan yon tèks li ekri sou tèm ak valè inivèsèl yo kòmsadwa (k1, K3);
Patisipe nan diskisyon sou sijè ki gen pou wè ak sosyete a pandan l ap montre li respekte lide lòt la (k1, K3).
Konesans nesesè
Pou chak elèv rive devlope konpetans ki prevwa yo, anseyan an ap baze sou sa elèv yo metrize nan sekans avan yo, tankou travay yo fè deja sou narasyon, deskripsyon ak enfòmasyon. Elèv yo te rive dekouvri kijan diskou sa yo deplòtonnen, kijan pou chèche lide prensipal ak enfòmasyon enpòtan ladan yo, ak kouman pou fè yon bon lekti ak ranmase sou yo. Lòt konesans ki nesesè se divès tip ak fòm fraz yo, tout tip konpleman yo, makè tan yo ak jan pou fè ponktyasyon nan fraz.
Estrateji aprantisaj
Elèv yo ap itilize sipò odyovizyèl tankou videyo ak imaj pou bay opinyon yo. Y ap li epi y ap analize estrikti tèks agimantatif ki mache ak tèm lan. Yap pran lapawòl epi y ap pwodui tèks ki montre yo respekte lòd diskou agimantatif la: tèm, lide santral, agiman ak egzanp epi konektè lojik. Yo gen pou yo travay pou kont yo epi an gwoup, patisipe nan deba, fè aktivite k ap penmèt yo defann pwennvi yo aloral tankou alekri nan lide pou yo metrize karakteristik diskou agimatantif la.
Dekoupaj an seyans
Seyans (Tit ak dire) | Tèm, plas seyans lan nan sekans lan ak deskripsyon li |
---|---|
Seyans 1/Dire : 1è Ekout, konpreyansyon ak Ekspresyon Oral | Nan seyans 1 an, elèv yo ap itilize konpetans yo te devlope nan sekans avan yo pou fè yon ranmase/kontrandi sou yon anrejistreman. Elèv yo ap pwofite bay opinyon yo sou sa ki di nan anrejistreman an. |
Seyans 2 Prensip agimantasyon Dire : 1è | Seyans 2 an ap penmèt elèv yo dekouvri sa diskou agimantatif la ye, karakteristik li ak jan li deplòtonnen. Y ap wè kouman yo ka konstwi yon diskou agimantatif ak diferan pati li yo : tèm, tèz, agiman ak egzanp epi konektè lojik. |
Seyans 3 Ajansman agiman Dire : 2è | Elèv yo ap wè kouman pou òganize lide yo lè y ap bay dizon yo. Y ap dekouvri vèb aksyon, vèb eta ak vèb opinyon yo, fòmil ak ekspresyon opinyon yo, konektè lojik yo ak kijan pou yo itilize yo nan diskou agimantatif la. |
Seyans 4 Lekti ak Konpreyansyon ekri Dire : 2è | Pou 4yèm seyans lan, elèv yo ap montre yo konprann yon tèks agimantatif yo li lè yo chache lide otè a defann (tèz) ak agiman li prezante pou kore lide li. Y ap fè rezime oubyen yon ranmase alekri sou tèks la pandan y ap montre yo respekte lòd lide yo prezante a. |
Seyans 5 Deba Dire: 1è | Pou seyans 5 lan, elèv yo ap wè kouman yo kabab bay agiman ki POU, ki KONT oubyen ni POU ni KONT. Y ap pran lapawòl pou kore oubyen demoute sa kamarad yo di. Y ap devlope bon atitid ak konpòtman nan yon deba. Y ap dekouvri wòl ak fonksyon yon moderatè. |
Seyans 6 Minipwojè Dire : 1è | Nan dènye seyans la, elèv yo chache idantifye kèk sitiyasyon ki gen disparite ant fanm ak gason nan lekòl yo a. Y ap chèche bonjan agiman ak egzanp pou kore lide yo. Y ap ekri yon tèks ki respekte lòd diskou agimantatif la bay direksyon lekòl la pou fè respekte pensip Jan ak Parite yo. |
Sipò
Jean-Baptiste, Pauris. Lavi an miyèt moso, 1985.
Yon lekòl kote tout elèv gen dwa, Ministè Kondsyon ak Dwa Fanm, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, 2007
Chéry, Pierre Michel. Senfoni Nago, Presses Nationales d'Haiti, 2012.
Yon ti mo sou sitiyasyon fanm ak ti fi na peyi Dayiti, Fondasyon Toya, 2017, videyo a disponib sou paj Fondasyon Toya www.facebook.com/fondasyontoya
Analyser le discours argumentatif, www.cap-concours.fr
Analyser un texte argumentatif, www.espacefrancais.com
Le discours argumentatif, www.maxicours.com
Laurent, R. (2020). « Yon neyolojis kòm altènativ pou yon konsèp ki bay difikilte nan lang kreyòl », Le national, www.lenational.org
Comment batir une argumantation efficace ?, www.lelivrescolaire.fr/page/1576261
Jan pou evalye elèv yo
Premye evalyasyon (dyagnostik) :
Verifye si elèv yo gen kèk konesans nan agimantasyon, si yo ka konprann oubyen prezante yon lide ki konstwi selon prensip jan literè sa a. N ap gade si yo konn itilize kèk zouti agimantasyon tankou : Vèb, fòmil ak ekspresyon opinyon, konektè lojik nan premye seyans lan.
Evalyasyon final (bilan) :
Elèv yo ap pwodui yon tèks agimantatif sou sa Leta dwe fè pou garanti respè dwa fanm ak dwa tifi epi prensip parite yo nan peyi a. Tout karakteristik diskou agimantatif la dwe prezan.
Kritè pou evalyasyon an
Elemnan sa yo dwe prezan nan tèks la :
Tèm ;
Tèz oubyen lide santral ;
Twa (3 ou kat (4) agiman pou kore lide a ;
Egzanp ;
Konektè lojik ;
Indikatè :
Elèv la bay yon opinyon sou sitiyasyon fanm ak gason nan peyi Dayiti ;
Elèv la koumanse ak agiman ki pi enpòtan an ;
Elèv la ilistre chak agiman ak youn oubyen plizyè egzanp osinon ka espesyal;
Elèv la itilize konektè lojik ki apwopriye pou chak ilistrasyon
Konektè lojik yo byen chita ;
Elèv la respekte règ gramè yo ak règ sentaks yo;
Tèks la gen estil epi li koyeran.
Aktivite an plis
Elèv yo ap li tèks ki titre “Ann pale sou sa” ki nan anèks la. Y ap wè kijan Yolèn, Sandra ak Patrick bay opinyon sou sitiyasyon Ana nan lekòl la. Y ap wè kijan yo ka bay yon opinyon ki Pou, ki Kont ak Ni pou Ni kont. Yo ka fè aktivite chache agiman ak konektè lojik ladan l.
Elèv yo ap li 5yèm chapit dokiman ki titre « Yon lekòl kote tout elèv gen dwa » Ministè Kondisyon ak Dwa Fanm epi Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl te prepare nan lane 2007. Sa ap penmèt yo ale pi lwen nan tèm lan epi bay dizon yo sou sa ki di yo (fi ansent gen plas li lekòl).
Elèv yo ap li ekstrè yo jwenn nan paj twa (3) nan liv Pauris Jean-Baptiste nan lane 1985 ki rele Lavi an miyèt moso. Y ap ekri yon tèks ki respekte lòd diskou agimantatif la ak konektè lojik yo byen chita pou bay dizon yo sou li.
Anseyan ka òganize deba oubyen konkou nan klas la sou yon tèm ki ale ak tit sekans lan. Li ka chwazi elèv pou bay agiman ki POU, agiman ki KONT, agiman ki pa ni Pou ni Kont.
Chache ekstrè deba sou youtube pou timoun yo tande pou yo ka devlope konpetans sou jan agimantatif la pi byen.
Adaptasyon pou elèv ki gen de bezwen apa
Anseyan an ap pote yon atansyon patikilye pou elèv ki pa ka fè diferans ant divès tip tèks yo. Anseyan ka reyalize yon fich sentèz sou yo oubyen mande elèv la reyalize li.
Anseyan an ap bay anpil atansyon ak elèv ki gen pwoblèm pou tande byen ak pou byen pwononse mo yo, sitou son « i ak u » yo, veye pou elèv yo pa itilize mo fransè pou mo kreyòl lè y ap agimante.
Anseyan ap penmèt elèv yo dekouvri plizyè ekstrè tèks tou kout sou jan agimantatif la (gade nan Anèks la). Elèv sa yo ka rive sène karakteristik diskou sa a pi byen.
Konsèy Pou anseyan an
Sekans sou jan agimantatif la ap reyalize sou tèm “Jan ak Parite” k ap penmèt elèv yo gade ansanm pratik sosyal tankou, estati, wòl sosyal ak relasyon ki chita sou sèks moun nan sosyete ayisyèn lan. Nou ankouraje anseyan an li atik sou tèm lan sou entènèt pou li ka gen zouti pou penmèt li byen poze pwoblematik sosyal ki baze sou jan yo ak elèv yo. Atik Rodny Laurent ekri sou tradiksyon konsèp “genre” nan lang kreyòl la ki soti nan jounal Le National ap penmèt anseyan an reflechi sou nannan konsèp jan an, li rele l “Jennda”. Anseyan pa oblije suiv alalèt tout sa nou di ak aktivite nou pwopoze nan sekans lan. Li ka adapte aktivite seyans yo an fonksyon bezwen apa elèv yo genyen. Li ka itilize liv elèv la, li ka fè kopi aktivite li jwenn ki enteresan nan lòt ouvraj konsa tou li ka monte egzèsis yo limenm. Anseyan an gen dwa itilize yon chante nan plas anrejistreman nou pwopoze a. Si anseyan an gen difikilte pou jwenn yon aparèy pou jwe dokiman nimerik la, anseyan an ka toujou itlize yon tèks, yon imaj, yon ti moman refleksyon sou tèm lan. Tèks Pauris Jean Baptiste nou mete nan anèks la oubyen yon tèks BIC kapab itil anpil. Pa bliye, se elèv yo ki nan nannan aprantisaj la, se yo ki pou jwenn repons ak kesyon yo poze tèt yo. Anseyan an la pou li akonpanye yo, pou fè kontni yo gen sans pou yo.
Seyans 1 : Ekout, konpreyansyon ak ekspresyon oral⚓
Tan 1 Ouvèti
Anseyan an ekri sou tablo a « Jan ak Parite ». Li mande elèv yo pou pale sou tèm lan. Li entèveni chak fwa pou ede yo presize lide yo. Li baze sou rechèch oubyen atik li li sou entènèt pou l te prepare kou a.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap pran lapawòl pou bay lide yo sou tèm lan.
Tan 2 Aktivite 1
Mèt la ap pase yon anrejistreman Fondasyon Toya fè sou sitiyasyon fanm ak tifi nan peyi Dayiti plizyè fwa. Li mande elèv yo note enfòmasyon enpòtan yo pou yo ka reponn kesyon apresa sa. Anseyan an ap chwazi kèk volontè oubyen l ap chwazi kèk elèv pou reponn sou tèm, tèz, agiman ak egzanp otè a prezante nan anrejistreman an.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap tande oubyen gade anrejistreman an plizyè fwa epi y ap note enfòmasyon kle yo pou yo ka reponn kesyon pwofesè a.
Tan 3 Aktivite 2
Anseyan an fè plizyè gwoup epi li mande elèv yo fè yon ranmase sou sa ki di nan anrejistreman an. Anseyan an ap mande chak gwoup chwazi yon reprezantan pou prezante travay yo fè a. Anseyan an gade si elèv yo konsidere lide santral (tèz), ansanm agiman otè a bay yo ak egzanp yo nan ranmase a.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo travay an gwoup pou fè yon ranmase/kontrandi sou sa ki di nan anrejistreman an.
Kloti
Pwofesè a chwazi kèk elèv pou bay dizon yo sou sa ki di nan anrejistreman an. Elèv yo ap di si yo pataje ou pa lide lotè a devlope nan anrejistreman an. Anseyan an note byen ki vèb, ekpresyon ak fòmil opinyon elèv yo itilize pou fè sa.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap pran lapawòl pou bay dizon yo sou sa ki di nan sipò nimerik la.
Pwodiksyon elèv yo
Elèv yo ap itilize bouyon pou pran nòt sou anrejistreman an. Apre, y ap itilize nòt sa yo pou fè yon ranmase/kontrandi. Anseyan ap gade si elèv yo konsidere lòd lide yo prezante nan anrejistreman an. L ap gade si elèv yo idantifye tèm lan, agiman ki prezante ak egzanp otè a bay yo. L ap gade si elèv yo itilize konektè lojik yo nan kontrandi a. Anseyan an ap gade ki vèb, fòmil ak ekspresyon opinyon elèv yo itilize pou bay dizon yo sou sa ki di nan anrejistreman an.
Tras ekri
Kisa yon kontrandi ye ?
-Yon kontrandi se yon rapò ou fè sou yon reyinon, yon evenman, yon liv, yon fim oubyen yon videyo. Li pèmèt ou konsève sa ki di nan youn nan sitiyasyon sa yo.
Kijan ou kapab fè yon kontrandi yon videyo oubyen yon fim?
Ou prezante otè a oubyen reyalizatè a ;
Rezime videyo a oubyen fim lan (tèm ak ide prensipal yo)
Analize yon pati oubyen yon ekstrè nan fim/videyo a
Ou ka bay opinyon w sou li.
Kisa ki diferansye kontrandi a ak yon rezime?
Nan rezime a, ou rete sèlman nan sa otè a di, nan kontrandi a ou ka kritike epi bay opinyon w.
Evalyasyon ak regilasyon
Anseyan an ap plis konsidere premye seyans lan tankou yon fòm evalyasyon dyagnostik. L ap gade kijan elèv yo itilize konpetans yo devlope nan seyans avan yo pou antisipe travay y ap gen pou fè nan sekans sa a. Nan kontrandi/ranmase a, eske tèm lan, tèz la, agiman ak egzanp otè a bay nan anrejistreman an prezan. Sa ap pèmèt li marande sekans la ak bezwen elèv yo.
Detay pou fè remedyasyon
Anseyan an ap pote eskrip anrejistreman an pou elèv yo. L ap otorize elèv ki gen difikilte pou tande yo itilize li. Anseyan an kapab pote pou klas la plizyè ekstrè tèks sou jan ak parite pou elèv ka byen chita refleksyon yo pou suit sekans lan.
Seyans 2 : Prensip Agimantasyon⚓
Tan 1 Ouvèti
Anseyan an ekri sou tablo a « Agimantasyon ». Li mande elèv yo pale sou tèm lan epi bay kèk sitiyasyon yo konn oblije defann tèt yo. Elèv yo ka bay kèk egzanp tankou « anreta lekòl », « pa remèt devwa a lè », elatriye.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap pale sou sitiyasyon kote yon konn blije defann tèt yo lakay yo, nan lekòl yo, elatriye.
Tan 2 Aktivite 1
Anseyan an ap itilize liv elèv la, kopi oubyen tablo a pou penmèt elèv yo dekouvri kisa diskou agimantatif la ye, karakteristik li ak sa ki fè li diferan ak lòt jan literè yo. Nan diskou agimantatif la, lokitè a bay opinyon li sou sijè a, li vini ak agiman epi bon jan egzanp pou fè moun ki anfas li a asekte pwennvi li a. Konektè lojik yo pèmèt agiman yo byen marande youn ak lòt.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo dekouvri sa diskou agimantatif la ye nan liv yo, kopi anseyan an bay osinon nòt yo pran sou tablo a.
Yo dekouvri divès tip konektè lojik/mo lyezon yo ka itilize lè y ap agimante.
Tan 3 Aktivite 2
Anseyan an fè plizyè gwoup pou travay sou sa ki di nan anrejistreman an. Gwoup yo ap idantifye tèm lan, lide santral oubyen tèz la, diferan agiman ki prezante pou kore tèz la ak egzamp otè a bay pou ilistre agiman yo. Y ap ekri yon tèks k ap gen tout pwen nou sot site la yo epi ki respekte lòd lide yo prezante. Anseyan an ap pase verifye travay chak gwoup epi mande yo delege yon moun pou prezante sa yo fè a.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo travay an gwoup pou konstwi yon agimantasyon sou sa ki di nan anrejistreman an.
Kloti
Anseyan an ap fè yon mizopwen sou travay elèv yo. L ap mache nan klas la pou l konnen ki difikilte chak gwoup te rankontre epi si yo rive fè diferans an diferan pati (tèm, tèz, agiman, egzanp) diskou agimantatif la.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap diskite ak mèt la sou difikilte yo te rankontre.
Pwodiksyon elèv yo
Elèv yo ap pwodui yon premye travay alekri ki gen pou wè ak diskou agimantatif la apati anrejistreman an. Y ap ekri yon tèks ki reprann tout karakteristik diskou agimantatif : tèm, tèz, agiman ak egzanp epi konektè lojik.
Tras ekri
Kisa diskou agimantatif la ye ?
Diskou agimantatif la penmèt ou defann yon lide, yon opinyon oubyen yon pwennvi epi fè moun k ap tande w la dakò ak ou. Jeneralman, moun k ap pale itilize premye pèsòn singilye. Li itilize dezyèm pèsòn sengilye pou moun k ap tande a.
Men kijan diskou agimantatif la deplòtonnen :
Jeneralman, diskou agimantatif la chita konsa:
Yon lide santral yo rele tèz, se opinyon otè a vle defann lan;
Plizyè agiman, sa ki pi enpòtan vini an premye ;
Egzanp oubyen ka patikilye ki pou ranfòse agiman yo ;
Konektè lojik k ap pèmèt agimantasyon an byen chita.
Makè opozisyon | Men, poutan, malgre, kanmenm, byenke, okontrè, elatriye... |
Makè eksplikasyon | Paske, pliske, lakoz, gras ak, sa vle di, elatriye... |
Makè konsekans | Donk, alòs, poutèt, konsa, |
Makè entansyon | Pou, nan sousi pou, nan lide pou, ... |
Makè kondisyon | Si, menmsi, elatriye... |
Makè pwogresyon | Dabò, premyeman, answuit, anplis, finalman... |
Evalyasyon ak regilasyon
Elèv yo ap travay an gwoup pou pwodui yon tèks ki reprann sa ki di nan anrejistreman an sou sitiyasyon fanm ak tifi an Ayiti :
Tèks la gen anviwon 300 mo epi li gen ladan l tout kritè diskou agimantatif la : tèm, tèz, agiman, egzanp, konektè lojik;
Elèv la itilize tan apwopriye yo pou pwodui tèks la;
Konektè lojik yo byen chita nan tèks la;
Tèks la pa gen pwoblèm ponktyasyon.
Detay pou remedyasyon
I. Elèv yo kapab itilize liv yo, kopi anseyan an bay oubyen tablo a pou fè plizyè egzèsis sou konektè lojik yo. Sa ap penmèt yo metrize yo epi itilize yo kòmsadwa nan jan agimantatif la.
Egzanp yon egzèsis
Komplete fraz sa yo avèk: Poutèt, men, menmsi, paske
1. Ou rive anreta lekòl la ________ ou vin apye.
2. _________ ou se zanmi m, m p ap kapab aksepte tout bagay nan men w.
3. Jozèf benyen maten an _________ li toujou cho
4. _______ ou te joure m, mwen pa p vin nan fèt la.
II. Anseyan an ka chwazi yon tèks kote li retire konektè lojik yo, epi li mande elèv yo pou konplete espas vid yo.
III. Anseyan an ka bay elèv yo yon tèks pou mete nan lòd apati konektè lojik yo.
Seyans 3 : Lekti ak Konpreyansyon⚓
Tan 1 Ouvèti
Anseyan an poze elèv yo kesyon sou kou avan an. Li verifye si yo sonje vèb, fòmil ak ekspresyon opinyon yo. Apresa, l ap ekri tèm sa sou tablo a: Fi ak gason gen menm dwa. Anseyan an ap poze divès kesyon epi elèv yo ap itilize vèb, fòmil ak epresyon opinyon yo pou reponn. Tankou: Eske nou dakò ak tèm lan? Eske nou konn temwen kèk sitiyasyon kote yo pa trete fanm ak gason menm jan bò kalay nou, nan lekòl, nan legliz, elatriye?
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap brase lide sou sitiyasyon fanm ak gason nan peyi Dayiti.
Yo antisipe kontni lekti yo pral fè a.
Tan 2 Aktivite 1
Anseyan an mande elèv yo li tèks ki titre « Fi ak gason gen menm dwa. Abi ki baze sou sèks elèv la » an silans pandan 2 fwa. L ap mande kèk elèv li tèks la pou tout klas la e l ap pote koreksyon sou jan yo li tèks la. Apresa, li mande yo souliye oubyen ekri sou yon bouyon lide kle ki gen nan tèks la. Li mande elèv yo pou chèche vèb, fòmil ak ekspresyon opinyon yo remake nan tèks la. Li poze elèv yo kesyon sou pwen sa yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap travay pou kont yo pou chèche lide kle ki gen nan tèks la.
Apresa yo reponn kesyon anseyan an poze yo.
Tan 3 Aktivite 2
Anseyan an mande elèv yo fòme plizyè gwoup ki pou travay sou tèks la. Apresa, li mande gwoup yo reyaji sou pwen sa yo : De kilès tèks la pale? Ki sitiyasyon lotè a prezante nan tèks la? Chèche nan tèks la 3 eleman ki moutre Mèt Franswa pa trete fi ak gason menmjan? Chèche nan tèks la 2 eleman ki montre Ana pa t aksepte sitiyasyon Mèt Franswa te vle metel la ? Eske ou dakò ak fason Mèt Franswa trete Ana a, poukisa ? Eske ou dakò ak jan Ana reyaji a, poukisa ?
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap travay an gwoup pou reponn kesyon ki poze yo
Tan 4 Aktivite 3
Anseyan an toujou kite elèv yo travay an gwoup epi l mande yo idantifye eleman sa yo nan tèks la pou yo ka fè rezime li.
Tèm ki devlope nan tèks la;
Opinyon, lide santral tèks la ;
Agiman oubyen eleman ki prezante pou kore sa lotè a panse ;
Egzanp oubyen sitiyasyon ki prezante pou bay agiman yo fòs
Apresa, chak gwoup ap chwazi yon elèv pou prezante sa yo fè a.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo travay an gwoup pou fè yon rezime sou tèks la. Y ap suiv lòd otè a prezante lide yo.
Kloti
Anseyan an mande chak elèv tounen nan plas yo. Li poze yo kesyon jeneral sou tèks la. Tankou : eske yo konnen kèk elèv ki konn viv kèk sitiyasyon tankou pa Anaa , kisa yo t ap fè si yo te nan plas Ana, elatriye.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo reponn divès kesyon pou bay opinyon yo sou tèks lan.
Pwodiksyon elèv yo
Pwodiksyon oral : elèv yo ap reponn divès kesyon sou tèks yo li a. Y ap reponn kesyon sou tèm lan, tèz otè a defann, diferan agiman yo ak ilistrasyon yo. Y ap itilize kontni yo wè nan sekans lan pou bay opinyon yo sou sa ki di nan tèks la. Y ap pran lapawòl pou prezante travay yo fè an gwoup sou tèks la.
Elèv yo ap pwodui yon rezime alekri sou tèks yo li a. Y ap itilize konpetans yo devlope nan sekans sou jan naratif, deskriptif ak agimantatif yo. Tèm lan, opinyon ap prensipal agiman yo dwe prezan nan rezime a.
Tras ekri
Men kijan pou analize yon tèks agimantatif :
Chèche tèm lan, tit tèks la ;
Chèche tèz, lide santral oubyen opinyon otè a ap defann oubyen l ap konbat la.
Chèche agiman ak egzanp otè a bay pou kore tèz li a ak ak jan tèks la deplòtonnen.
Gade enplikasyon otè a nan tèks la. Poukisa otè a panse konsa? Kijan panse pa l diferan ak pa lòt otè?
Chèche lòt agiman ki kapab kore tèz otè a oubyen ki kapab demonte tèz la.
Evalyasyon ak regilasyon
Elèv yo ap rezime tèks yo sot li a. Y ap montre yo respekte lòd diskou agimantatif la ak lide yo prezante nan tèks la.
Kritè :
Tèm lan prezan nan rezime a
Elèv yo rive idantifye tèz lotè a devlope a kòmsadwa.
Elèv yo rive chèche agiman, sitiyasyon ki mache ak lide lotè a vle fè pase a.
Elèv yo itilize ekstrè nan tèks la pou ilistre.
Detay pou remedyasyon
Anseyan an ap rasire l li mete elèv ki gen difikilte yo nan gwoup ak lòt elèv ki pi avanse yo nan lide pou yo jwenn akonpayman.
Anseyan an seleksyone divès ekstrè tèks agimantatif pou elèv yo travay lakay yo.
Anseyan an mete elèv ki gen difikilte yo ak lòt elèv ki pi avanse nan travay sekans la ;
Anseyan an idantifye difikilte chak elèv, li pran mezi pou ede yo chak dapre bezwen yo ;
Seyans 4 : Lekti ak Konpreyansyon⚓
Tan 1 Ouvèti
Anseyan an poze elèv yo divès kesyon sou kou avan an. Li mande yo pale de diskou agimantatif ak jan li deplòtonnen. Li fè rapèl sou divès tip konektè lojik yo te dekouvri.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo fè yon rapèl sou kou avan an.
Tan 2 Aktivite 1
Anseyan an pèmèt elèv yo dekouvri nan liv yo, nan kopi li bay oubyen nòt li ekri sou tablo a vèb aksyon yo, vèb eta yo, vèb opinyon yo, fòmil ak ekspresyon opinyon ak wòl yo. Elèv yo wè nan ki kontèks yo ka itilize yo epi fè fraz aloral ak yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo li vèb, fòmil ak ekspresyon opinyon yo. Yo li egzanp anseyan an prezante yo, oubyen sa ki nan liv yo. Annapre, yo itilize yo nan fraz aloral.
Tan 3 Aktivite 2
Anseyan an mande elèv yo konplete divès egzèsis nan liv yo, nan kopi yo oubyen sou tablo a sou vèb aksyon yo, vèb eta yo, vèb opinyon yo, fòmil ak ekspresyon opinyon yo. Anseyan mande elèv yo travay pou kont yo. Li pase wè kisa chak elèv fè epi ba yo fidbak.
Sa elèv yo ap fè
Elèv fè divès egzèsis kote y ap konplete fraz ki gen espas vid ladan yo avèk vèb aksyon, vèb eta, vèb opinyon, fòmil ak ekspresyon opinnyon yo, konektè lojik yo.
Tan 4 Aktivite 3
Anseyan fè plizyè gwoup ak elèv yo. Li mande yo bay dizon yo sou sitiyasyon fanm ak tifi nan peyi a. Y ap itilize yon ide santral, plizyè agiman ak egzanp. Y ap itilize vèb ak fòmil yo sot wè yo ak konektè lojik yo. Anseyan an ka toujou mande yo itilize/travay tèks yo te kòmanse avan an bou bonifye li. Anseyan mande chak gwoup delege yon moun pou prezante travay la epi mande klas la reyaji.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap travay an gwoup pou bay opinyon yo sou sitiyasyon fanm ak tifi an Ayiti. Apresa, y ap prezante refleksyon yo bay klas la. Chak gwoup itilize teknik agimantasyon yo pou defann lide yo.
Kloti
Anseyan ap fè yon ranmase sou entèvansyon elèv yo. L ap mache nan klas la pou l konnen ki difikilte chak gwoup te rankontre.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap diskite ak mèt la sou difikilte yo te rankontre.
Pwodiksyon elèv yo
Pwodiksyon ekri : Elèv yo ap pwodui yon tèks kote y ap bay dizon yo sou sitiyasyon fanm ak tifi nan peyi Dayiti. Tèks la dwe gen ladan l tout karakteristik diskou agimantatif la.
Pwodiksyon Oral: Elèv yo ap prezante travay yo fè a bay klas la. Rès klas la ap reyaji sou travay chak gwoup pandan y ap itilize vèb, fòmil ak ekspresyon opinyon yo.
Tras ekri
Pilye/Vèb Aksyon: Se yon vèb ki montre kisa yon moun, yon bèt oswa yon bagay fè oubyen ap fè. Vèb la montre yon mouvman, yon aksyon, yon deplasman ki fèt.
Egzanp: Papa Pyè sekle jaden an. Pòl ap manje wayal.
kouri, manje, naje, ekri, travay, kopye, pale
Pilye/Vèb Eta: Se yon vèb oubyen pilye ki montre yon eta. Pilye a kapab yon non, yon gwoup non, yon mo kalifye, elatriye.
Egzanp: Jak sanble tris (vèb); Dlo a sal (mo kalifye); Madan Selesten doktè (non); Sourit la anba tab la (gwoup mo pon).
se, sanble, rete, genyen, di
Vèb Opinyon : se vèb ou itilize pou di sa ou panse, pou bay pwennvi w ak opinyon w.
Egzanp: M twouve w maledve anpil. M pa kwè Pòl ap vini lekòl demen.
Doute, kwè, estime, imajine, panse, sipoze, twouve
Kèk fòmil ak ekspresyon opinyon :
Pou mw, dapre mnwen, nan panse pa m, dapre sa m kwè, m gen santiman/lenpresyon
Egzanp : pou mwen, sa w di a nòmal. M gen lenpresyon tou elèv yo renmen lan Kreyòl la.
Evalyasyon ak regilasyon
Elèv yo ap ekri yon tèks sou sitiyasyon fanm ak tifi nan katye bò lakay yo ki dwe respektè kritè sa yo :
Yon lide santral, opinyon elèv la sou sitiyasyon fanm ak tifi nbò lakay li ;
Ant twa (3) ak senk (5) agiman, agiman ki pi solid la vini avan ;
Youn oubyen plizyè egzanp pou chak agiman ;
Divès konektè lojik ki byen chita nan tèks la ;
Respè tan, òtograf ak sentaks
Prezans vèb ak fòmil opinyon, vèb eta, vèb aksyon.
Detay pou remedyasyon
Evalyasyon fòmativ : Elèv yo ap reyalize divès egzèsis gramè sou vèb aksyon, vèb eta ak vèb opinyon yo.
Anseyan an ap fè elèv ki gen difikilte yo travay sou lòt egzèsis ki adapte a bezwen yo.
Anseyan kapab mande elèv yo fè modèl egzèsis sa yo :
Mete fraz sa yo nan kolòn ki ale a nan tablo a.
Bouretye a bwote fatra a.
Madan Selesten se enfimyè.
Pyè netwaye lari a.
Jak sanble grangou.
Anri ekri yon liv.
Jowàn rete Lavil
Pilye aktivite | Pilye eta |
Bouretye a bwote fatra a | Madan Selesten se enfimyè |
... | ... |
Anseyan an fè gwoup de etidyan ki gen difikilte epi mete yo travay ak yon elèv ki pi avanse ;
Anseyan an gwoupe elèv ki gen menm difikilte yo, epi li fè atelye pou entèveni sou difikilte a ak yo.
Seyans 5 : Deba⚓
Tan 1 Ouvèti
Anseyan an verifye sa elèv yo fè nan klas la deja ki gen pou wè ak agimantasyon. Li poze elèv yo divès kesyon sou karakteristik diskou agimantatif la, vèb, ekspresyon ak fòmil opinyon yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap reponn kesyon anseyan an sou sa yo wè nan kou avan yo.
Tan 2 Aktivite 1
Anseyan an divize klas la an gwoup. Li mande elèv yo pou reflechi sou sa ki dwe fèt pou gen yon sosyete ayisyèn egalego, ki chita sou parite. Chak gwoup ap vin ak pwopozisyon, agiman epi egzanp pou kore lide yo. Anseyan an ap prezante prensip yon deba (respekte tan yo ba ou pou pale, aksepte kontradiksyon, repekte moun ki an fas la, pa antre nan santiman, pa blese moun ki pa gen menm lide avè w, mande e tann yo ba w lapawòl, elatriye.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap travay an gwoup pou jwenn lide pou yon Ayiti ki chita sou respè dwa fanm.
Tan 3 Aktivite 2
Anseyan an chwazi yon moderatè. L ap penmèt gwoup yo pase devan de pa de pou prezante lide yo. Chak gwoup ap di si yo dakò ou pa ak agiman lòt la. Lòt gwoup nan klas la ka toujou reyaji. Moderatè a ap mennen deba a, raple debatè yo a lòd epi mande yo respekte tan an.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap debat sou pwopozisyon yo rive jwenn yo.
Kloti
Anseyan an mande elèv yo fè otokritik sou aktivite yo sot reyalize a. Li ranfòse oubyen reyaji sou sa yo di yo. Li reprann karakteristik jan agimantatif la. Li ka mande yon elèv fè sa tou.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap suiv anseyan an epi poze li kesyon.
Yo fè kòmantè sou deba yo fèt la.
Pwodiksyon elèv yo
Elèv yo ap patisipe nan yon deba kote y ap bay lide yo sou sa ki dwe fèt pou gen yon sosyete ayisyèn egalego, yon sosye ki chita sou prensip parite yo ak respè dwa fanm ak tifi. Y ap travay an gwoup pou chèche agiman solid epi ki konvenkan.
Tras ekri
Kijan pou defann yon lide kòmsadwa
Pou defann yon lide, fòk ou gen bon agiman epi fòk ou konnen kijan pou prezante yo pou ou ka konnen koman pou konvenk moun w ap pale a.
Men kijan ou ka fè sa.
Tèz, agiman ak egzanp
- Pa bliye, yon agimantasyon gen twa eleman de baz: yon tèz, agiman ak egzanp.
Tèz la se lide w ap defann lan, yon kesyon w ap eseye reponn.
Agiman yo se prèv mw bay pou kore lide m ap defann lan.
Egzanp yo se bwa dèyè bannann agiman yo, yo ilistre agiman yo.
Chèche epi chwazi lide w yo sou yon bouyon
- Men kijan pou chèche epi chwazi ide yo.
Mete sou papye lide ou vle defann. Ou ka fè plizyè tantativ, refòmile li plizye fwa jiska mw jwenn sa ki pi bon an.
Ekri agiman yo. Triye sa ki pi konvenkan yo ak sa ou jwenn bon jan egzanp ak ilistrasyon pou yo.
chèche egzanp ki gen presizyon, ki konkrè pou kore oubyen ilistre chak agiman tankou sitasyon, pòtrè oubyen sitiyasyon ki rive.
Chapant agimantasyon an
- Men kijan agimantasyon an deplòtonnen
Fè yon ti entwodiksyon k ap gen ladan l yon ti mizankontèks, yon rapèl sou sijè a, tèz k ap defann lan ak plan agimantasyon an.
Konkli agimantasyon an ak yon fraz ki reprann tèz la.
Chak agiman dwe koresponn ak yon paragraf.
Chak agiman dwe akonpanye ak egzanp oubyen ka ki presi.
Mo pou agimantasyon an kapab byen deplòtonnen
- Itilize konektè lojik yo pou agimantasyon an byen chita. Chak paragraf dwe kòmanse ak yon konektè lojik. Pran san w pou chwazi yo pou yo ka byen jwe wòl yo nan tèks la.
Pou chita premye agiman an, ou itilize: Premyeman, dabò, pou kòmanse.
Pou ajoute yon lòt agiman : answit, dezyèmman, anplis,
Pou ajoute yon agiman ki kontrè : sepandan, poutan,
Pou bay yon egzanp : konsa, pa egzanp
Pou fini, finalman, elatriiye.
Evalyasyon ak regilasyon
Elèv yo ap kouche lide yo sou papye avan yo pran lapawòl pou defann pwennvi yo nan yo deba nan klas la. Avan yo pran lapawòl, y ap gade si eleman sa yo prezan:
Y ap defann yon tèz, yo gen agiman solid ak egzanp ki dyanm
Agimantasyon an byen chapante (Entwodiksyon, devlopman ki gen plizyè pati, konklizyon)
Konektè lojik yo byen jwe wòl yo.
Detay pou fè remedyasyon
Anseyan an kapab voye elèv yo al li ekstrè tèks agimantatif, ekstrè deba pou wè kouman moun debat.
Anseyan an kapab chwazi yon tèm bay elèv yo pou chwazi agiman pou defann opinyon yo. Li kapab chwazi elèv ki pou bay opinyon ki POU, lòt ki pou bay opinyon ki KONT ak lòt ankò pou bay opinyon ki pa ni POU ni KONT.
Anseyan an ap fè elèv ki gen difikilte yo travay sou lòt egzèsis ki adapte a bezwen yo.
Seyans 6 : MiniPwojè⚓
Tan 1 Ouvèti
Anseyan an mande elèv yo fè yon rapèl sou diferan tip diskou yo wè deja. Li chita sou patikilarite diskou agimantatif la.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo ap reponn kesyon anseyan an poze yo.
Tan 2 Aktivite 1
Anseyan an mande elèv yo travay an gwoup pou idantifye nan lekòl la sitiyasyon kote fanm ak gason pa jwenn menm trètman. Y ap bay agiman ak egzanp pou kore sa yo di a. Apresa, chak gwoup ap prezante travay yo fè a. Klas la ap vote agiman ki pi byen atikile yo.
Sa elèv yo ap fè
Elèv yo travay an gwoup pou idantifye ka kote fanm pa jwenn menm trètmnan ak gason nan lekòl. Apresa, y ap diskite pou chwazi ka ki fè plis konsansis la.
Tan 3 Aktivite 2
Anseyan an mande elèv yo ekri direksyon an yon lèt kote yo idantifye divès sitiyasyon ki gen disparite ant fanm ak gason lekòl la. Anseyan an ap mande elèv yo mete agiman ki pi solid yo nan lèt la pou kore lide yo. Elèv yo ap ekate lide ki fè polemik yo. Anseyan an ap fè yon rapèl sou règ prezantasyon ak règ ekriti yon lèt.
Sa elèv yo ap fè
Klas la deside ekri yon lèt bay direksyon an pou mande l pran mezi pou goumen kont tout fòm diskriminasyon nan lekòl la, patikilyèman sa ki baze sou jan (rapò moun ki base sou sèks li) epi aplike prensip parite yo nan lekòl la. Elèv yo ap chwazi pami agiman ki pi solid yo te bay nan gwoup yo pou mete nan lèt la. Y ap itilize tout prensip agimantasyon yo nan lèt la.
Kloti
Mèt la akonpanye elèv yo nan demach pou fè yon manm nan direksyon an vin nan klas la pou rezevwa doleyans elèv yo sou rapò fanm ak gason nan lekòl la.
Sa elèv yo ap fè
Klas la envite direktè a oubyen yon manm nan direksyon an nan lekòl la, eksplike yo demach la epi nan ki kad lèt la ekri. Yo remèt manm direksyon an lèt la.
Pwodiksyon elèv yo
• Pwodiksyon ekri: Elèv yo ap ekri direksyon an yon lèt kote yo idantifye divès sitiyasyon ki gen diskriminasyon ki baze sou sèks yo. Elèv yo ap fè pwopozisyon pou direksyon an pran bonjan mezi pou aplike prensip parite ak respè dwa fanm ak tifi nan lekòl la.
Tras ekri
Anseyan an ap fè yon rapèl sou tras ekrit li te bay nan sekans 3 a ki konsène redaksyon lèt fòmèl.
Evalyasyon ak regilasyon
Elèv yo ap idantifye sitiyasyon ki gen diskriminasyon ant fanm ak gason, ant tifi ak tigason nan lekòl la. Y ap ekri yon lèt voye bay direksyon lekòl la pou pran bon jan mezi pou aplike prensip ki chita sou parite ak egalite fanm ak gason nan espas la. Y ap montre yo respekte tout prensip agimantasyon yo dekouvri nan sekans lan. :
Kritè pou evalyasyon an
Tèm
Tèz
agiman ;
Egzanp ;
Konektè lojik ;
Teknik redaksyon lèt fòmèl.
Indikatè :
Elèv yo bay yon opinyon ki byen elabore ;
Elèv yo bay bonjan agiman pou kore lide yo, yo koumanse ak agiman ki pi enpòtan an ;
Elèv yo ilistre chak agiman ak youn oubyen plizyè egzanp osinon ka ;
Elèv yo itilize konektè lojik ki apwopriye pou chak ilistrasyon
Konektè lojik yo byen chita ;
Elèv elèv yo itilize vèb ak fòmil opinyon yo, vèb aksyon yo, vèb eta yo, fòmil politès;
Elèv la respekte règ gramè yo ak règ sentaks yo;
Tèks la gen estil epi li koyeran.
Detay pou fè remedyasyon
Anseyan an mete elèv ki gen difikilte yo ak lòt elèv ki pi avanse nan travay sekans la ;
Anseyan an kanpe kou a nenpòt kilè pou mande elèv ki gen difikilte yo sa yo pa konprann epi pran mezi pou akonpanye yo;
Anseyan an obsève sa elèv yo ap fè nan gwoup yo, epi li entèveni sou travay yo pwodui a.
Anseyan mande elèv ki konprann aktivite yo pou pataje eksperyans yo ak lòt elèv yo.
Anseyan an ap fè elèv ki gen difikilte yo travay sou lòt egzèsis ki adapte a bezwen yo.
Anèks⚓
Tèks 1
Nèg la di m' gen senk pitit ak twa manman pitit yonn dèyè lòt. M' pa bezwen fanm milèt sa a, vye ti dam m' t'ap pale ak li a lòt bò granchemen an. Fanm nan fin granmoun. Li pa ka fè pitit ankò. M' pa bezwen yon fanm ki pa ka ban-m pitit pou fè-m sonje m' te konn viv ak li.
Nèg la di si afè-m te bon, m' ta antann mwen ak fi sa a wi. M' ta fè yon pitit ak li ba li okipasyon.Fanm gra sa a pa ka rete la ap pase tout ane sa yo san li paf è pitit pou bay tete. Grès va fin anvayi matris fi a bouche kanal li fè li boukle avan lè.
Si afè-m te bon nèg pa, m' pa gen dwa pa ta fè afè ak fanm nan ba li okipasyon fè li chita yon kote.
Nan tan afè-m t ap mache, m' ta moutre li sa m' konnen vre frè...
Yon ekstrè nan lavi an miyèt moso, Pauris Jean-Baptiste (1985)
Tèks 2
FI AK GASON GEN MENM DWA
Abi ki baze sou sèks elèv la
Ana gen 15 an. Depi li tou piti, li vle aprann enjenyè. Li toujou ap jwe ak poupe se vre, men se kay li bati pou yo. Lè lòt timoun ap bay poupe manje oubyen penyen tèt yo, abiye yo, li menm li pran yon règ, li fè tankou l'ap mezire, l ap bati kay. Lè li rive nan segondè, Ana travay matematik nètale. Gen pwofesè ki ede l anpil, yo ankouraje l. Konsatou, gen lòt ki di se fi li ye, poukisa li renmen matematik konsa.
Ane sa a, Ana nan twazyèm. Li konnen li bezwen matematik pou li al fakilte Jeni. Li travay byen, lis anti l ap viv lè li rezoud rezoud yon pwoblèm. Li renmen matematik. Malerezman, ane sa a, Ana tonbe sou yon pwofesè k iba l anpil pwoblèm. Depi ane a koumanse, li montre patipri l. Lè Ana leve men l pou l al fè yon egzèsis sou tablo, li pa okipe l. li voye yon gason pito. Li fè sa yon fwa, de fwa. Twazyèm fwa a, Ana leve dwèt li. Li kanpe:
- Mèt Franswa, mwen ta renmen al sou tablo tou. Mwen kwè mwen jwenn solisyon pou pwoblèm sa a.
Mèt Franswa gade Ana epi li souke tèt li.
- Ale non si ou vle.
Ana ale epi li pran lakrè a. Li eseye pa montre jan li vekse paske pwofesè a pa menm okipe sa l ap fè a. Malgre sa, ti jennfi a kontinye ekri. An de tan twa mouvman li fè egzèsis la. Li jwenn solisyon an. Gen elèv ki bat bravo. « Ana sa a, li fò. » Pwofesè a menm annik di :
“Al chita demwazèl”.
Apresa li efase tablo. Epi li voye yon ti gason al refè egzèsis la. Ana tèlman fache dlo prèske sot nan je l. Men li kenbe li pa kriye.
Ana se yon tifi ki pa janm, pè pale, di sa ki nan kè li. Parann montre l pou li defann dwa l san li pa manke granmoun respè.
Apre kou a, li rete kanpe bò pòt la pou li tann pwofesè a.
- Mèt Franswa, poukisa ou pa renmen m ?
Pwofesè a sezi. Li gade Ana epi li di:
- Mwen pa gen anyen ak ou, okontrè.
- Enben, poukisa ou pa vle voye m sou tablo ? Mwen vle travay matematik, ou wè mw kapab.
- Se pou byen w Ana. Se yon fi ou ye. Poukisa se matematik ou vle pou ou fè ?
- Mwen renmen matematik. Apre filo, mwen pral nan fakilte Jeni pou m ka vini yon enjenyè.
Mèt Franswa fè yon ti souri. Li souke tèt li.
- Yon bèl tifi tankou w. Poukisa ? Kite gason yo travay. W ap jwenn youn okipe w. W ap marye san pwoblèm.
Jou sa a, Ana pase kèk tan ap diskite ak pwofesè a. Men mèt Franswa pa janm rive konprann. Li toujou bliye voye Ana sou tablo. Fòk jennfi a ensiste anpil pou li kite l al fè yon egzèsis. Finalman, Ana blije pote plent nan direksyon lekòl la pou fè mèt Franswa respekte dwa li.
Ana santi li pa t dwe blije ap batay konsa pou yon kesyon senp tankou patisipe nan klas la. Se kòmsi pwofesè a refize rekonèt entelijans li pase li se yon fi. Sa pa jis. Ana kontan lòt ane l ap gen yon lòt pwofesè matematik.
N.B. : Anseyan an pa oblije fè elèv yo li dyalòg ki vin apre a nan seyans lan. Li ka itilize l pou fè aktivite anplis, remedyasyon osnon regilasyon.
An nou pale sou sa
Patrik : Sa vle di li bije tann yon lòt ane pou li travay jan li vle, selon kapasite l.
Sandra : Sa pa nòmal non
Yolèn : Gen anpil pwofesè konsa. Yo vle pou fi yo pa travay ni matematik, ni fizik. Tankou gen matyè ki pou gason, gen matyè ki pou fi.
Sandra : Se tankou gen matyè ki feminen, gen matyè ki maskilen. Ala koze !
Patrick : Bon, se vre gen plis gason enjenyè pase fi.
Yolèn : Si se konsa pwofesè yo trete fi ki renmen matematik yo, se sa k ap toujou rive. Mwen ta vle kwè yon elèv lekòl ka renmen matyè li vle, kit se fi, kit se gason. Sa ki enpòtan, se travay pou li travay lekòl.
Sandra : Gen moun ki panse fi y opa menm bezwen al lekòl, se lajan pèdi paske yo pral marye. Yo pa bezwen aprann metye. Yo pa bezwen al nan inivèsite.
Yolèn: Kounye a koze sa yo pa alamòd ankò. Kantite fi ki fè inivèsite, ki vin doktè, avoka, enfimyè, pwofesè, kontab, teknisyen enfòmatik.
Patrick: Wi, men pa gen anpil fi mekanisyen, plonbye...
Sandra: Trètman yon elèv resevwa lekòl enfliyanse ki metye l ap chwazi lè li gran. Gade Ana! Si se pa t yon jennfi ki gen konfyans na tèt li, li pa t ap kontinye travay matematik, alòske depi li piti li vle enjenyè.
Patrick: Sa se vre. Lekòl pa dwe kraze rèv moun kit se gason kit se fi.
Yolèn : Manman m gen yon zanmi. Pitit gason li an te vle vin yon gran chèf kuizinye. Se pa de mizè y opa fè l pase. Lè l di sal i vle aprann lekòl la, tout moun tonbe ri.
Patrick : Se sa yo te fè yon zanmi m ki te vle aprann dans pou li danse nan twoup pwofesyonèl. Y oba l tout kalite non.
Sandra : Lekòl la dwe pèmèt tout jèn devlope kapasite yo. Lè li kraze anvi yo konsa pase yo se fi osnon yo se gason, eske se pa yon dwa li vyole?
Yolèn: Natirèlman. Yo pa respekte dwa elèv yo lè yo trete yo yon jan ki pa penmèt yo fè tout sa toutsa sa yo ka fè pou yo epanouyi soupretèks yo se gason osinon yo se fi.
Patrick: Mwen dakò avèk ou. Men se yon pakèt lide ki la lontan, ki na tèt moun yo. Li difisil pou yo chanje.
Yolèn: Si yon tifi mete pantalón sèlman, gen moun ki twouve sa pa kòrèk. Si yon tigason pase anpil tan ap li, osnon si li renmen jwe ak poupe, gen moun ki pase l nan betiz.
Sandra: Nan lekòl, yo pa dwe anpeche yon elèv patisipe nan ankenn aktivite sou baz li se yon fi osnon yon gason. Sa rele diskriminasyon
Patrick: sa se vre, Sandra. Mw dakò ak ou nètale.
Lekòl pa dwe gen de kalite trètman : youn pou fi, youn pou gason. Sa rele diskriminasyon. Lekòl pa dwe anpeche elèv yo patisipe nan aktivite sou baz yo se gason, osnon yo se fi. Lekòl la dwe respekte dwa tout elèv. |
Yon lekòl kote tout elèv gen dwa, Ministè Kondisyon ak Dwa Fanm & Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (2007)
Ekstrè tèks
Sekans agimantatif
« Chak jenn fanm, chak jenn gason gen yon rezon pou l kite peyi a. Soraya deside l ap kite peyi a, li pral viv aletranje. Li pa konnen si l ap retounen an Ayiti. Chaje deloryòm sou pouvwa nan peyi a, olye yo pran wout doktè, y ap chaje tire revanj sou listwa nan bra fanm po jòn. Se la yo jwenn remèd pou soufrans ak imilyasyon yo ranmase nan bat mizè nan peyi a. Se pou kalite malad sa yo manman an t ap prepare l, men Soraya deside koupe chenn, li pral peye chè pou sa men se chwa lavi li. »
Senfoni Nago, Pierre Michel Chéry (2012)