Brève présentation/Prezantasyon tou kout :
Sekans sa a fèt sou narasyon, li koresponn ak premye peryòd nan ane eskolè a. Li fèt ak inite aprantisaj 1 ak 2 k ap divize an 5 seyans. Chak seyans ap dire 2 èdtan. Tèm sekans 1 an se fiksyon ak resi istorik/fèt nasyonal. Elèv yo ap rive dekouvri kisa yon narasyon ye ak karakteristik yon tèks naratif. Y ap itilize vèb aksyon nan tan pase ak tan prezan, makè tan tankou : avan, aprè, answit, kounye a, epi… ; gwoup non, gwoup vèbal ; pwonon pèsonèl, demonstratif, posesif, nimeral, entèwogatif, relatif ak endefini ; diskou dirèk ak endirèk.
Fiksyon ak resi istorik / Fèt nasyonal⚓
Présentation de la séquence et documents à télécharger⚓
Compétence(s) ciblée(s) / Sa elèv la ap rive fè
Konprann yon mesaj li tande, yon tèks li li, epi pran lapawòl korèkteman (K1).
Li, konprann epi entèprete divès kalite tèks (K2).
Ekri divès kalite tèks k ap pèmèt li byen kominike (K3).
Savoirs, savoir-faire, savoir-être/attitudes à acquérir / Konesans, abilte, kapasite, adaptasyon /atitid
Konprann epi idantifye karakteristik yon tèks naratif.
Idantifye pèsonaj prensipal yo, makè tan yo, zòn kote ou li oubyen tande yon istwa.
Refòmile, rezime epi kòmante yon istwa ou li oubyen ou tande.
Rakonte aloral oubyen alekri, apati plizyè tèks dat istorik nan istwa peyi Dayiti.
Prérequis / Konesans nesesè
Elèv yo te rive dekouvri nan 7èm ane fondamantal la plizyè kalte tèks naratif : woman, nouvèl kont, tout sa ki rakonte yon istwa. Yo ka di kisa yon tèks naratif ye, karakteristik li.
Pou karakteristik tèks naratif la, elèv yo konnen se vèb aksyon y ap itilize, epi aksyon sa yo ap dewoule nan yon chema naratif ki genyen sitiyasyon inisyal, eleman deklanchè oubyen pètibatè k ap vin parèt nan resi, woman, nouvèl oubyen kont. Toujou nan chema a, y ap debouche sou peripesi, k ap vin bay eleman ekilibre a, pou abouti nan sitiyasyon final la.
Elèv yo ap rive ranfòse tout nosyon sa yo nan 8èm ane fondamantal la.
Stratégie d’enseignement-apprentissage / Estrateji aprantisaj
Tout elèv yo ap patisipe nan aktivite k ap fèt nan klas la, y ap koute, li tèks yo, konprann yo, brase lide an gwoup, pou yo kapab vin prezante san difikilte, aloral sa yo te ekri yo.
Anseyan an ap chwazi tèks ki gen rapò ak narasyon.
Anseyan an ap devlope tolerans nan klas la, pandan l ap aprann elèv yo respekte opinyon chak moun.
Découpage en séances / Dekoupaj an seyans
Seyans (Tit ak dire) | Thème, place dans la séquence et très brève description / /Tèm, plas seyans la nan sekans la ak deskripsyon li |
séance 1 / Seyans 1 Ekout, konpreyansyon ak ekspresyon oral (2 èdtan) | Nan premye seyans sou narasyon nan 8èm ane fondamantal la, anseyan an, ap fè yon evalyasyon dyagnostik apati yon tèks, l ap poze elèv yo kesyon pou yo ka idantifye tout pati ki genyen nan yon tèks naratif (Referans tèks anèks). |
séance 2 / Seyans 2 Karakteristik tèks naratif (2 èdtan) | Seyans 2 a, ap pèmèt elèv yo konprann pi byen, sa yon narasyon ye, karakteristik yon tèks naratif, byen gade kòman yo konstwi tèks sa yo ak divès pati ladan yo (Referans tèks anèks). |
séance 3 / Seyans 3 Lekti ak konpreyansyon ekri (2 èdtan) | Pou seyans 3 a, elèv yo ap kapab idantifye tout pati nan yon tèks naratif, reprann ak mo pa yo yon tèks yo fin li, pou montre yo byen konprann (Referans tèks anèks). |
séance 4 / Seyans 4 Gramè (2 èdtan) | Nan seyans 4 la, elèv yo ap travay sou gramè nan tout tèks seyans 1 rive 3 ak kèk lòt tèks anseyan an ap chwazi. |
séance 5 / Seyans 5 Mini pwojè (2 èdtan) | Seyans 5 la ap pèmèt chak elèv pwodui tèks naratif pa yo pandan y ap respekte tout etap yo. |
Support et matériel / Sipò
Tèks naratif sou “Lea Kokoye “ Maurice A. Sixto, Choses et gens entendus
« Bòl kase » tèks naratif Joseph Zobel, « La rue Cases-Nègres », Editions Présence Africaine
https://www.potomitan.info/atelier/contes/conte_creole97.php
Modalités d’évaluation / Jan pou evalye elèv yo
Evaluation initiale (diagnostique) / Premye evalyasyon (dyagnostik) :
Anseyan an ap verifye apati yon tèks si elèv yo sonje karakteristik tèks naratif yo te wè nan 7èm ane fondamantal la ; si yo ka idantifye tout eleman ki genyen nan yon chema naratif. Konsa anseyan an ap rive wè ki nosyon poul ranfòse nan 8èm ane fondamantal la.
Evaluation finale (bilan) et critères/indicateurs de réussite / Evalyasyon final :
Elèv yo ap pwodui tèks naratif kote y ap respekte tout karakteristik yo ak tout eleman ki nan yon chema naratif.
Eleman sa yo dwe prezan nan tèks la :
Sitiyasyon inisyal
Eleman deklanchè oubyen pètibatè
Peripesi
Eleman ekilibran
Sitiyasyon final
Vèb aksyon, konektè lojik, diskou dirèk ak endirèk…
Prolongements éventuels / Aktivite an plis
Apati plizyè lòt tèks naratif anseyan an ak elèv yo ap chache, anseyan an ap fè plizyè gwoup nan klas la, gen gwoup k ap chache vèb aksyon ak konektè lojik yo, gen lòt k ap chache sitiyasyon inisyal ak eleman deklanchè, genyen k ap chache peripesi, eleman ekilibran ak sitiyasyon final nan tèks yo.
Anseyan an ap prevwa yon tan pou chak rapotè gwoup vin prezante travay yo te fè a pou lòt gwoup yo ka bay dizon yo. Anseyan an ap entèvni an dènye pou sentèz la.
Différenciation et adaptation aux élèves à besoins éducatifs particuliers/Adaptasyon pou elèv ki gen de bezwen apa
Anseyan an ap jwenn nan anèks la yon seri tèks naratif ki pi kout pou l ka travay ak elèv ki gen plis difikilte pou konprann karakteristik ak tout eleman ki nan chema tèks naratif yo. Lè sa a, elèv ki pi konprann yo kapab ede anseyan an fè travay sa a. Elèv ki gen difikilte sa yo ka vini yon jou konje oubyen yon moman k ap bon pou yo ak anseyan an.
Mise au point pour l’enseignant / Konsèy pou anseyan an
Sekans sou narasyon sa a ap reyalize sou tèm « fiksyon ak resi istorik/fèt nasyonal » k ap pèmèt elèv yo ranfòse konesans yo sou karakteristik ak tout eleman ki nan yon chema naratif. Anseyan an dwe byen metrize tèm nan apati lekti ak rechèch l ap fè sou entènèt. L ap jwenn plizyè tèks nan anèks la, li ka ajoute pa l tou. Li ka itilize liv elèv la, li ka fè kopi aktivite li jwenn ki enteresan nan lòt liv tou. Konsa tou, li ka prepare kèk egzèsis pou l fè ak elèv yo. Anseyan an se yon gid, yon akonpanyatè ; elèv yo se sant aprantisaj la.
Séance/Seyans 01 : Ekout, konpreyansyon ak ekspresyon oral⚓
Supports et matériel/Sipò ak materyèl
Tablo, lakrè, kopi tèks “Vwayaj nan peyi Pewou “ (referans : tèks sa a nan anèks la).
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps/Tan 1 Ouvèti | 10 minit | Kòm se premye seyans sou narasyon pou ane a, anseyan an ap fè yon evalyasyon dyagnostik, pandan l ap distribye kopi tèks « Vwayaj nan peyi Pewou » bay elèv yo. | Elèv yo ap pran tan pou li tèks sa : « Vwayaj nan peyi Pewou » (Lekti an silans). |
Temps/Tan 2 Aktivite 1 | 45 minit | Anseyan ap fè 2 ou 3 elèv li tèks la « Vwayaj nan peyi Pewou ». Apresa l ap mande elèv yo pran kaye yo ak kreyon yo, pou yo reponn kesyon sa yo li te ekri sou tablo a, pandan yo t ap fè lekti an silans tèks la. Anseyan an ap bay elèv yo 40 minit pou yo reponn kesyon sa yo nan kaye yo.
| Plizyè elèv ap li tèks la Tout elèv yo ap pran kaye ak kreyon yo, pou yo reponn kesyon ki ekri sou tablo a. |
Temps/Tan 3 Aktivite 2 | 45 minit | Anseyan an ap mande elèv yo, depoze kreyon yo pou l ka chwazi elèv k ap reponn kesyon yo aloral. Apre chak repons l ap mande rès klas la dizon li, avan li poze lòt kesyon yo. Repons posib
Pa bliye : Fè elèv yo li, tout paragraf la, lè y ap reponn kesyon yo aloral. Lè elèv yo fin reponn 8 kesyon yo, anseyan an ap poze yo yon dènye kesyon. Kesyon 9: Kisa tout repons nou sot bay yo reprezante nan yon tèks naratif? Repons posib: Repons yo reprezante tout eleman nan yon chema naratif. | Elèv anseyan an ap chwazi yo, ap reponn kesyon yo aloral, rès klas la ap gen pou bay dizon li. |
Temps/Tan 4 Aktivite 3 | 20 minit | Anseyan an avèk elèv yo ap rive fè sentèz seyans la, ki se tras ekri elèv la, ap genyen pou ekri nan kaye yo. Anseyan an ap poze elèv yo kesyon sa a : Kisa nou sot fè ak tèks “Vwayaj nan peyi Pewou? a“ Repons posib : Nou sot jwenn tout eleman ki genyen nan yon chema naratif. Trè byen. Kounye a, an nou ekri tout eleman yo ki nan yon chema naratif.
Anseyan an ap bay elèv yo tan pou ekri eleman chema naratif la nan kaye yo. | Chak elèv ap ekri nan kaye li tout eleman ki genyen nan yon chema naratif. |
Production attendue/Pwodiksyon elèv yo
Elèv yo ap itilize kaye ak kreyon yo, pou reponn kesyon anseyan an ekri sou tablo a, epi kopye tras ekri a. Evalyasyon dyagnostik sa a, pèmèt anseyan an wè si elèv yo sonje tout eleman ki genyen nan yon chema naratif.
Trace écrite pour l’élève / tras ekri pou elèv la
Men tout etap ki genyen nan yon chema naratif :
Sitiyasyon inisyal (kòmansman istwa a).
Eleman deklanchè oubyen pètibatè (eleman ki boulvèse istwa a).
Peripesi (pwoblèm, menas ak mwayen pou soti nan yon sitiyasyon).
Eleman ekilibran (sitiyasyon an kòmanse amelyore).
Sitiyasyon final (fen istwa a).
Évaluation et régulation / Evalyasyon ak regilasyon
Premye seyans sa a se yon evalyasyon dyagnostik. Fason elèv yo ap reponn kesyon yo, ap pèmèt anseyan an wè ki konpetans ki merite ranfòse nan 8e ane fondamantal la sou narasyon.
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Pou elèv ki gen difikilte yo, Anseyan an ka chwazi lòt tèks nan anèks la ki pa twò long, pou yo ka pi byen konprann eleman yo ki nan chema tèks naratif la.
Séance/Seyans 02 : Karakteristik tèks naratif⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Tablo, lakrè, kopi tèks “Lea kokoye“ Maurice Sixto (referans : tèks sa a nan anèks la).
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps/Tan 1 Ouvèti | 10 minit | Anseyan an ap mande 2 ou 3 elèv reprann tout eleman ki nan chema naratif la. Apresa l ap distribye tèks Lea kokoye a, bay chak gwoup nan klas la. | Elèv anseyan an chwazi yo, ap di eleman ki nan yon chema naratif. Nan chak gwoup, youn oubyen 2 elèv ap li tèks Lea kokoye a pou rès gwoup la. |
Temps/Tan 2 Aktivite 1 | 45 minit | Pandan elèv yo nan gwoup yo ap reponn kesyon ki deja ekri sou tablo a, youn nan yo ap note repons yo.
Kòm tèks la long, anseyan an ap fè 2 rapòte gwoup vi n reponn 2 kesyon yo. Apre chak repons, rès gwoup yo ap konplete si yo pa satifè ak repons yo.
Repons posib :
| Tout elèv ki nan yon gwoup ap patisipe nan bay repons yo. Rapòte 2 gwoup ap vin reponn 2 kesyon yo. Rès klas la, ap bay dizon li. |
Temps/Tan 3 Aktivite 2 | 45 minit | Anvan elèv yo kontinye reponn kesyon sou tèks Lea kokoye a, anseyan an ap poze tout klas la kesyon sa yo:
| Tout elèv yo ap patisipe nan bay repons a kesyon anseyan an ap poze yo. Elèv yo ap travay an gwoup. Y ap chache tout eleman chema naratif la nan tèks Lea kokoye a. Rapòte a ap note repons yo. |
Temps/Tan 4 Aktivite 3 | 20 minit | Anseyan an ap mande rapòte gwoup yo, vi n li repons yo te jwenn pou chema naratif tèks Lea kokoye a. Rès klas la ap koute, pou li ka bay dizon li. Anseyan an ap entèvni si elèv yo pa ka antann yo. | Rapòte gwoup yo ap vi n li, repons yo te jwenn pou chema naratif tèks Lea kokoye a. Rès klas la ap bay dizon li. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Elèv yo ap pwodui yon travay alekri an gwoup, sou karakteristik tèks naratif, ki gen ladann tout eleman yon chema naratif.
Trace écrite pour l’élève / tras ekri pou elèv la
Kòman nou ka defini yon tèks naratif ?
Repons : Yon tèks naratif se yon naratè k ap rakonte yon aksyon k ap pwogrese nan tan ak nan lespas.
Ki wòl naratè a nan yon tèks naratif ?
Repons: Naratè a ap site fè, dekri pèsonaj, rapòte sa yo di, kòmante konpòtman yo.
Site tout karakteristik yon tèks naratif ?
Repons : Depi nou tande tèks naratif, nou wè aksyon sa vle di gen vèb aksyon. Tout aksyon sa yo ap dewoule nan yon chema naratif.
Kisa nou jwenn nan yon chema naratif ?
Repons : Men tout etap ki genyen nan yon chema naratif :
Sitiyasyon inisyal (kòmansman istwa a).
Eleman deklanchè oubyen pètibatè (eleman ki boulvèse istwa a).
Peripesi (pwoblèm, menas ak mwayen pou soti nan yon sitiyasyon).
Eleman ekilibran (sitiyasyon an kòmanse amelyore).
Sitiyasyon final (fen istwa a).
Évaluation et régulation / Evalyasyon ak regilasyon
Elèv yo nan travay an gwoup yo, te jwenn nan ki tan vèb yo ekri nan tèks Lea kokoye a. Yo te relve tout vèb aksyon ki nan tèks la. Yo te defini sa yon tèks naratif ye, yo te jwenn wòl naratè a ak karakteristik yon tèks naratif.
Éléments de remédiation/Eleman pou remedyasyon
Elèv yo kapab itilize liv yo, pou yo fè plizyè egzèsis sou karakteristik yon tèks naratif.
Séance/Seyans 03 : Lekti ak konpreyansyon ekri⚓
Supports et matériel/Sipò ak materyèl
Tablo, lakrè, kopi tèks “Bòl Kase “ Joseph ZOBEL (referans : tèks sa a nan anèks la).
Déroulement de la séance/Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps/Tan 1 Ouvèti | 10 minit | Anseyan an mande 2 ou 3 elèv reprann tout sa ki te di nan seyans 2 a. Apresa l ap distribye tèks Bòl kase a, bay chak gwoup nan klas la. | Elèv anseyan an chwazi yo, ap di tout sa yo te fè nan seyans 2 a. Nan chak gwoup, youn oubyen 2 elèv ap li tèks Bòl kase a pou rès gwoup la. |
Temps/Tan 2 Aktivite 1 | 45 minit | Pandan elèv yo nan gwoup yo ap reponn kesyon sa yo ki deja ekri sou tablo a. Youn nan yo ap note repons yo.
Kòm tèks la long, anseyan an ap fè 2 rapòte gwoup vi n reponn 2 kesyon yo. Apre chak repons, rès gwoup yo ap konplete si yo pa satisfè ak repons yo. Avan rapòte yo kòmanse li repons yo, Anseyan an ap chwazi plizyè elèv pou li tèks “Bòl Kase” a. Repons posib :
Aprèsa, anseyan an ap korije fot elèv yo fè epi l ap fè yon mizopwen sou tout kesyon ki abode nan aktivite sa a. | Tout elèv ki nan yon gwoup ap patisipe nan bay repons yo. Rapòtè 2 gwoup ap vin reponn 2 kesyon yo. Rès klas la ap bay dizon li. Anvan rapòtè yo kòmanse li repons yo, elèv anseyan an ap chwazi yo pral li tèks “Bòl Kase” a. |
Temps/Tan 3 Aktivite 2 | 45 minit | Anvan elèv yo kontinye reponn kesyon sou tèks « Bòl kase » a, anseyan an ap poze tout kesyon ki nan tan 3 seyans 2 a. Egzanp :
Repons posib : yon tèks naratif se yon naratè kap rakonte yon aksyon k ap pwogrese nan tan ak nan espas. Anseyan ap fè 2 ou 3 elèv li tèks la « Bòl kase ». Apresa l ap mande elèv yo pran kaye yo ak kreyon yo, pou yo reponn kesyon sa yo li te ekri sou tablo a. | Tout elèv yo ap patisipe nan bay repons a kesyon anseyan an ap poze yo. |
Anseyan an ap bay elèv yo 30 minit pou yo reponn kesyon sa yo nan kaye yo.
Aprèsa, anseyan an ap korije fot elèv yo fè epi l ap fè yon mizopwen sou tout kesyon ki abode nan aktivite sa a. | Elèv yo ap pran kaye ak kreyon yo, pou yo reponn kesyon ki ekri sou tablo a. | ||
Temps/Tan 4 Aktivite 3 | 20 minit | Anseyan an ap mande elèv yo, depoze kreyon yo pou l ka chwazi elèv k ap reponn kesyon yo aloral. Apre chak repons l ap mande rès klas la dizon li, avan li poze lòt kesyon yo.
Repons posib
Lè elèv yo fin reponn 8 kesyon yo, anseyan an ap poze yo yon dènye kesyon. Kesyon 9: Kisa tout repons nou sot bay yo reprezante nan yon tèks naratif? Repons posib: Repons yo reprezante tout eleman nan yon chema naratif. Aprèsa, anseyan an ap korije fot elèv yo fè epi l ap fè yon mizopwen sou tout kesyon ki abode nan aktivite sa a. | Elèv anseyan an ap chwazi yo, ap reponn kesyon yo aloral, rès klas la ap gen pou bay dizon li. Elèv yo li tout mo ki nan paragraf la, lè y ap reponn kesyon yo aloral. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Elèv yo ap ekri nan ki tan vèb yo ye nan tèks Bòl Kase a, y ap relve tout vèb aksyon nan tèks la. Y ap reponn kesyon sou karakteristik tèks naratif, ki gen ladann tout eleman yon chema naratif.
Trace écrite pour l’élève / Tras ekri pou elèv la
Nan yon tèks naratif, naratè a site fè yo, dekri pèsonaj yo, rapòte sa yo di, fè kòmantè sou konpòtman yo.
Pafwa naratè a patisipe nan aksyon an, lè sa a yo pale de naratè-pèsonaj. Pi souvan, naratè a konn sèlman temwen, lè sa a yo di naratè a efase. Pa konfonn naratè a avèk otè a nan yon resi, sof si se yon otobiyografi, si yo itilize « mwen » nan ka sa a, naratè a se yon pèsonaj fiktif, sa vle di yon pèsonaj yo imajine.
Évaluation et régulation /Evalyasyon ak regilasyon
Nan twazyèm seyans sa a, elèv yo nan travay an gwoup yo, te jwenn nan ki tan vèb yo ekri nan tèks Bòl Kase a. Yo te relve tout vèb aksyon ki nan tèks la. Yo te revize sa yon tèks naratif ye, yo te jwenn wòl naratè a ak karakteristik yon tèks naratif. Epitou yo te jwenn tout eleman chema naratif ki nan tèks Bòl Kase a.
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Pou elèv ki gen difikilte yo, anseyan an ka chwazi tèks nan liv elèv yo oubyen lòt tèks, pou yo ka konprann pi byen yon tèks naratif lè yo fin li l.
Séance/Seyans 04⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Tablo, lakrè, kopi tèks “Vwayay nan peyi Pewou “, « Leya Kokoye », « Bòl kase » (referans : tèks sa yo nan anèks la).
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps/Tan 1 Ouvèti | 10 minit | Anseyan an ap mande 2 oubyen 3 elèv di tout sa yo te fè nan seyans 3 a. L ap distribye kopi tèks « Vwayaj nan peyi Pewou », «Lea Kokoye », « Bòl Kase » bay elèv yo. | Elèv yo ap pran tan pou li tèks yo : « Vwayaj nan peyi Pewou », « Lea Kokoye », « Bòl Kase » (Lekti an silans). |
Temps/Tan 2 Aktivite 1 | 45 minit | Anseyan an ap fè elèv yo fòme gwoup yo. Chak gwoup ap gen yon tèks diferan. Si gen 6 gwoup nan klas la, chak tèks ap nan 2 gwoup diferan ki pa chita tou pre. Anseyan an ap mande elèv yo chache makè tan, detèminan endefini, detèminan posesif san atik, detèminan posesif avèk atik ki nan 3 tèks li te distribye ba yo a. Yon rapòtè nan chak gwoup yo ap note repons yo. Men kesyon elèv yo ap genyen pou reponn nan gwoup yo.
Anseyan an ap mache nan klas la pou l konnen ki difikilte chak gwoup rankontre. Aprèsa, anseyan an ap korije fot elèv yo fè epi l ap fè yon mizopwen sou tout kesyon ki abode nan aktivite sa a. | Tout elèv ki nan yon gwoup ap patisipe nan bay repons yo. Rapòtè gwoup yo ap vin reponn kesyon yo. Rès klas la, ap bay dizon li. Elèv yo ap chache tout makè tan ki nan tèks la. Elèv yo ap relve tout detèminan endefini yo ki nan tèks la. Elèv yo ap ekri tout detèminan posesif san atik ki nan tèks la. Elèv yo ap chache tout diskou dirèk ak endirèk ki genyen nan tèks la. |
Temps/Tan 3 Aktivite 2 | 45 minit | Anseyan an ap kontinye aktivite 1 an, pandan rapòte gwoup yo ap fin reponn kesyon yo. Rès klas la, ap bay dizon li. Anseyan an ap entèvni lè li nesesè. | Tout klas la ap koute repons yo avèk atansyon pou li ka bay dizon li. |
Temps/Tan 4 Aktivite 3 | 20 minit | Anseyan an ap fè yon ranmase ak elèv yo sou travay yo sot fè nan gwoup yo. Apresa, l ap fè chak elèv ekri nan kaye yo :
| Elèv yo ak anseyan an ap fè yon ranmase sou seyans 4 la epi y ap ekri nan kaye yo tout kalite detèminan yon tèks naratif ka genyen. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Elèv yo ap relve nan 3 tèks yo: Vwayaj nan peyi Pewou, Lea Kokoye, Bòl Kase, tout detèminan endefini, detèminan posesif avèk ou san atik, pwonon demonstratif, diskou dirèk ak endirèk.
Trace écrite pour l’élève / Tras ekri pou elèv la
Nan yon tèks naratif genyen detèminan endefini tankou chak, tout, plizyè, nenpòt, anpil, divès, pèsonn, okenn…
Detèminan posesif san atik. Egzanp: liv mwen dechire; detèminan posesif avèk atik. Egzanp: liv mwen an dechire. “yo” se yon detèminan posesif nan tout nivo lè gen plizyè eleman tankou : mwen an, ou yo, li yo, nou yo, eksepte pliryèl detèminan posesif senp ki genyen “a” apre yo. Egzanp: liv yo a.
Pwonon demonstratif tankou : sa, sa a, sa yo
Pwonon posesif tankou : pa mwen, pa ou, pa li, pa nou, pa yo, pa mwen an, pa ou a, pa li a, pa nou an, pa yo a.
Évaluation et régulation / Evalyasyon ak regilasyon
Nan katryèm seyans sa a, elèv yo nan travay an gwoup yo, te jwenn nan 3 tèks yo : detèminan endefini, detèminan posesif san atik, detèminan posesif avèk atik, pwonon demonstratif, pwonon posesif, diskou dirèk ak endirèk.
Men egzanp yon egzèsis anseyan an ka fè avèk elèv yo.
Ekri nan premye kolòn nan detèminan posesif san atik yo epi nan dezyèm kolòn nan detèminan posesif avèk atik yo.
Detèminan posesif san atik | Detèminan posesif avèk atik |
---|---|
Mwen | Mwen an |
Ou | Ou a |
Li | Li a |
Nou | Nou an |
Nou | Nou an |
Yo | Yo a |
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Pou elèv ki gen difikilte yo, anseyan an ka chwazi egzèsis nan liv elèv yo, pou yo ka konprann pi byen detèminan ak pwonon yo nan tèks naratif yo.
Séance/Seyans 05 : Mini pwojè⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Tablo, lakrè, kaye ak kreyon elèv yo
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etap | Dire | Sa anseyan an ap fè | Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Tan 1 Ouvèti | 10 minit | Kòm se dènye seyans sou narasyon pou ane a, anseyan an ap poze kesyon ak tout klas la, pou l wè si elèv yo sonje tout sa yo te fè pandan yo t ap travay sou narasyon tankou definisyon, karakteristik, chema naratif, tan yo itilize, endikatè tan yo, diferan detèminan ak pwonon ki genyen nan yon tèks naratif. | Elèv anseyan an chwazi yo ap reponn kesyon yo, rès klas la ap konplete repons yo si yo pa satisfè. |
Tan 2 Aktivite 1 | 45 minit | Anseyan an ap mande chak elèv pran kaye ak kreyon yo pou yo ekri yon tèks naratif k ap respekte tout etap nan chema naratif la. | Elèv yo ap pran kaye ak kreyon yo pou yo ekri yon tèks naratif ki respekte tout etap yo. |
Tan 3 Aktivite 2 | 45 minit | Anseyan an ap sikile nan klas la pou l ka ede elèv ki bezwen èd li. Apresa, lè li remake pifò klas la fini, l ap fè plizyè elèv vin li tèks yo a pou rès klas la. Si gen koreksyon ki pou fèt, elèv yo ak anseyan an ap fè yo. | Tout elèv ki fini yo ap vin prezante tèks yo a pou rès klas la. |
Tan 4 Aktivite 3 | 20 minit | Anseyan an ap fè elèv ki potko prezante tèks pa yo a, vin prezante pou rès klas la. Lè tout elèv fini ak prezantasyon yo, anseyan an ap chwazi meyè tèks yo pou l remèt direktè lekòl la oubyen tèks sa yo ka parèt nan jounal lekòl la si genyen. | Elèv yo ap fini ak prezantasyon yo, apresa y ap remèt anseyan an tèks li seleksyone yo. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Chak elèv ap ekri yon tèks naratif, tèks anseyan an seleksyone yo, l ap remèt yo nan direksyon lekòl la.
Trace écrite pour l’élève / Tras ekri pou elèv la
Elèv yo ak anseyan an ap fè yon ranmase sou tout sa ki nan tras ekri 4 premye seyans yo.
Évaluation et régulation / Evalyasyon ak regilasyon
Nan denyè seyans sa a, anseyan an ap bay chak elèv yon nòt apresyasyon pou tèks yo te ekri a.
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Anseyan an ak elèv ki byen konprann sekans sa a, ap mete ansanm pou ede elèv ki gen difikilte yo.
Anseyan an ap sipèvize travay an gwoup yo epi entèvni lè sa nesesè.
Anseyan an ap mande elèv ki konprann egzèsis yo, pou yo eksplike sila yo ki pa byen konprann yo.
Anseyan an ap chwazi lot tèks ak lòt egzèsis pou pèmèt elèv ki an difikilte yo pi byen konprann.
Annexes / Anèks⚓
Vwayaj nan peyi Pewou
Erika ak papa li al vizite peyi Pewou. Yo rive nan yon ti vil ki rele Pisko, yo lwe yon ti kay ki genyen tout sa yap bezwen ladann.
Pandan yap dòmi, yon swa, yo tande bri sirèn nan vil la. Yo reveye bridsoukou, etan yap poze kesyon sa yo :
Eske se tranbleman tè ?
Eske se sounami ?
Erika ak papa li Lik, kouri soti nan chanm kote yo tap dòmi an.
Menm moman an, tè a kòmanse tranble. Erika ak lik, kite lotèl la, avan li kraze ak tout lòt kay ki bò kote li yo.
Kòm Pisko se yon vil ki bati bò lanmè, gen menas sounami apre tranbleman tè a. Se poutèt sa, tout moun ap chache kote tèt mòn ye, pou yo ka pwoteje tèt yo.
Pandan Erika ak Lik ap kouri pou y al sou mòn nan, yo wè yon ti gason 4 lane nan pami dekonm yo. Yo pran li, paske ti gason sa a ki rele Jan Pòl te pè anpil.
Demen maten apre katastwòf la, Erika ak papal ki te pran refij nan yon kan Lakwa Wouj, avèti otorite yo pou fè konnen Jean Paul avèk yo.
Otorite yo rive jwenn paran Jan Pòl kite soulaje, paske yo te panse li mouri. Erika ak Lik deside pase kèk jou anplis Pewou, pou yo ede otorite yo k ap chache kay pou mete Perivyen yo, kite pèdi tout afè yo.
Yon zwazo blese
Nan yon kwen nan kay la yon zwazo tonbe. Sali di : “ O, o se yon mwano, li pa ka vole, yon pat li kase ‘’. Li pran l epi li rele frè li Abdou vin wè. De (2) frè yo Sali avèk Abdou, pran swen zwazo a avèk tout kè yo. Yo metel nan yon kalòj epi yo bal manje grenn mayi ak pitimi. Timoun yo byen kontan genyen nouvo zanmi sa a.
Yon jou, Sali ouvè kalòj la, epi zwazo a volè l ale. Li pouse yon kri : “ kwi ! kwi ! ‘’ pou l remesye Sali ak Abdou.
Depi jou sa a, Sali ak Abdou gen yon zanmi nan syèl la.
Tradiksyon Album Lekti, premye etap paj 15.
Fèt tout zannimo yo
Yon jou tout bèt yo oganize yon fèt. Poul la ponn ze li bay yo pou fè omlèt. Chat la vini avèk pwason. Mouton an pote lèt. Rat la pote anpil grenn pitimi. Fèt la te byen bèl ? Tout bèt t ap manje, bwè, amize yo.
Bridsoukou, Modou yon kizinye, ak Sidi yon kiltivatè, debake kote fèt la te ye a.
Modou di : “Kiyès ki vòlè pwason mwen an?”
Sidi poze kesyon pa l la : “Kiyès ki volè grenn pitimi mwen yo? ”
Lè chat la tande sa, li vole yon fenèt. Rat la menm al kache nan yon twou. Modou ak Sidi jwenn yo, epi pini yo.
Leson kont sa a se : “ Pa kotize ak byen moun ou volè”.
Tradiksyon Album Lekti, premye etap paj 18.
"Lea Kokoye" de Maurice Sixto.
Ann gade avèk Maurice Sixto
Lea Kokoye! Son w fi, kite rete numero 13 rue lantèman, men lèn tande numero 13 la fòn pa kwè ke se sou devan pòt li numero a te make non, non! Lea pat rete nan devantu. bon anvan m'antre avèk nou nan fon lakou a kot Lea te rete a, tem koumanse pati ak nou depi devantu a.
Devan kay la sete yon boutik salezon, yon gran galri. anro bout galri a yon fanm yo rele sòtèsi, tèt li toujou mare, pip li nan dyòl li, tanzantan l'voye yon krache tchiu, li van tabak an poud. li gon ti bwèt kotel tou, toujou gen 6 boutèy mabi. tou kole sòtèsi a, gen grann Nanna, li gen yon bak kenkay. Grann Nanna vann imaj sent, tou orezon, chaplè, meday, bouji tout koulè. Siw bezwen bagay sa yo se sou grann Nanna pouw dirigew. Aprè grann Nanna, gen yon ti gason avèk yon chemizèt tout koulè sou li, frèt chach li byen kanpe, paskel san kanson, lap kase yon grenn zanmann ak yon moso brik. Li gon tifi kanpe devan ni, ki sot lekol repiblik venezuela, akkk... karant liv lanmidon nan ti uniform ni. tifi a gon-w malozye, lap siye jel avèk yon mouchwa sal, lap tann tigason an kase grenn zanmann nan poul bal ti kal. Ou avanse, pot boutik salezon an gon-w pentu annagoni sou li. Kochèt yo ajense, men lèw fè sa wap antre ou wè tifi andedan an, yo gra tankou timoun ki ret kay mè. figu yo potre lalun kap balize deyè mòn. Nan boutik salezon an yo vann aran barik, aran sò, aran sèèèl, boeuf sale, andwiyèt, ti sale, pye kochon, frèz, se salezon yon moun ka bezwen. Sou kote boutik salezon an atò, se la a pral pran pouw antre nan lakou a. Gon-w rigòl ki gen yon lemous vèt landan ni, ak ansyen bwèt konbif, bwèt sadin, bwèt lèt evapore, enm! ma kafe, de gro ravèt kap soti nan bagay sa yo. Antre nan lakou a, nap mache, aprè boutik salezon an, se boutik yon bòs kòdonye, bòs silus. Son-w nonm kap bat twi depi kòk chante pou jous onzè du swa.Silus sou trannde jwè yo lòw dil bonjou, ou wè se yon jwè selmanl rete, nanpwen dan nan bouch li. Madan bòs silus se yon fanm vanyan, manzè miraya, li chita deyò a lap vann yon akasan klèrèt. Lap bay bòs silus yon kout men. Yon timoun nan lakou a vinn devan li avèk yon assyèt emaye dekale, yo vinn achte akasan. yo depoze jwèt yo la, jwèt timoun sa yo, se boul ki fèt ak grenn ba dechire, yo foure po zaboka ladan li, bwa bale ki gon-w bout kouvètu mamit mantèg kloure pou fè lawoulèt yo, se jwèt pa yo sa. Lakou a chage, lakou plen moun, madigra mele ak bonmas, marengwen ap vole ou paka... rekonèt ni mal ni femèl. wape mache moute, palab nan lakou a. Ou janbe... yon lòt koridò ankò, twa latrin... blop!!! ou rive kay Lea Kokoye.
Men se pa la Lea te toujou rete non! se lavi ki pran men Lea ki mennenl la. Lea te rete lafleu du chene, le papal te kanpe, le papal te koutye sou bòdmè. Men... papal vin mouri, labou rete kouran. Li vinn rebondi la a, avèk manman li m'cht... kap soufri rumatis, twa ti frè de ti sè nan ti kay la andedan. Kay la pa plafonnen. chèz yo, yo paka kanpe poukont yo, se apiye yo apiye chèz yo nan panno kay la. li la sou yon machin nasyonal yon fil, se lik rele, se lik reponn. Se li ki gen tout chay la sou dol. Se sou machin nan poul jwenn lajan lweye kay la, poul bay deryen moun andedan kay manje. Lè tout je leve louvri le maten, se Lea yo gade. Li la, sak te konnen yo pa vini anko, pwiske kotek gen bouyon se lak gen kenbe tèt. Poul ki te konn vinn manje devan pot yo pa vinn manje ankò, pwiske nanpwen diri kap vannen pou di ti grenn ta tonbe atè pou poul la ta beke. Lea la, lape boule lap fè kouti, kouti pakoti. Li fè de chemiz, ayyy!!! mt! li fè soutyen gòj ki sanble grep kafe, mt! li la. Se li menm ki responsab tout sak fèt nan ti kay la, plis tèt li tou. mt! nan lakou a yo renmen ni, yo pa renmen ni, sak trouve li pat dwe la, sa kap fè chwichwichwi yo, men li menm, lap deboule.
Yon jou, pandan Lea la a nan ti kay la ak manman an, li gon-w kolik mizè rere ki pranl. Men! kolik pi pa rete ak kolik! mt li kòdeeee... ah! lap vire devan machin nan. Manman an bal men yo trennenl sou kabann nan... Nou rele sa kabann! rele sa kouri kite, paske son-w waf, si yap kouri, yo paka pranl pou sòti ak li. Metel la, lap rann de gout swè figul sanble on kouvètu yon bonm pwa kap bouyi, ou leve kouvètu a. Manman vire andedan an la, li rele yon vwazin tou pre, yo vini avèk po lay, fèy pete vye granmoun, riklès mant, dènye bagay la pou yo wè si yo ta bal yon souf, men kolik la ap manje li. Yon ti moman, Lea resi pran yon souf. Yon kòmèl ki rive avèk yon arawout lanmidon, yon lot parèt avèk yon ti panad pou wè si ya fèl soutni. Anfen kay plen moun, nanpwen kay deja! andedan an plen. Si se youn nan bagay yo fè pou li yo ki bal yon souf, men Lea manyè chita, leul chita, lap gade manman an, lap vire gade la a, li wè, li manke ale hum!!! pou janl te santil. Moun yo kòmanse devide, de twa k'rete. Gen yon vwazin ki rele manman an li dil konsa "lamè! m! adye! mwen nan plas ou m! on de goud fèt pou jete, m!. gen delè fow met pyew nan dlo wi! mm! ou pa janm konnen, pou ti kouti a lap fè la a, pechè d'la tè de bra balanse tèlman pa bon. Ou pa janm konnen petèt son-w bagay yo ka met pou li".
Lè tout moun vire do yo yale. Manman di Lea, Machè kitem diw yon bagay, papa ou pat montre nou chemen konsa. Se toujou chemen doktèl montre nou. Ou pa kapab gen kalite kolik saw genyen an se pouw met rad sou ou, wa jwenn moun mennen ou, wal wè deki prevyen. Koman ou fe ka gen kalite kolik sa a! si bagay sa a pranw nan nwit pitit kijan wap fè? Nou pa ka fè lòt wout maladi gen on sèl wout! sa ou fè moun pou moun te trouve ap fèw bagay... RET BRANCHE.
Bol kase
Joseph Zobel, « La rue Cases-Nègres », éditions Présence Africaine