Brève présentation / Prezantasyon tou kout :
Sekans sa a ki gen pou tit « Rasanblaj, tretman ak difizyon enfòmasyon » konsène diskou enfòmatif. Li baze sou inite aprantisaj 6 nan pwogram kreyòl 8èm Ane fondamantal la. Li genyen 6 seyans e yo chak dire 1 èdtan, sa ki fè yon total 6 èdtan pou tout sekans la. Konsa, divès aktivite ki ladan ap pèmèt elèv yo an mezi pou yo rasanble, trete epi difize yon enfòmasyon ; y ap rive byen sèvi ak divès zouti nan lang nan (sentaks, leksik, semantik…) pou yo òganize epi pataje yon enfòmasyon nan nenpòt sityasyon kominikasyon.
Enfòmasyon ak medya⚓
Présentation de la séquence et documents à télécharger⚓
Konpetans nou vize
Konprann yon mesaj lè n ap pale, yon tèks nou li epi eksprime panse nou lè n ap pale. (K1)
Li, konprann epi entèprete divès tip tèks. (K2)
Ekri divès kalite tèks avèk yon entansyon kominikasyon byen presi. (K3)
Savoirs, savoir-faire, savoir-être/attitudes à acquérir / Konesans, abilte, kapasite, adaptasyon /atitid
Kapab chèche epi rasanble enfòmasyon ki nesesè
Òganize epi analize enfòmasyon ki gen rapò ak yon sijè oswa yon kesyon yo poze
Kapab manipile eleman sentaks yo nan yon enfòmasyon epi distenge fraz gramatikal ak fraz ki pa gramatikal (agramatikal)
Analize eskèlèt yon fraz senp (F = GNS + GP…)
Metrize leksik lang nan ak sans eleman leksik yo nan yon enfòmasyon, konprann rezo leksikal ak rezo semantik yo
Konn fè kontraksyon epi konprann enpòtans li nan langaj pale
Dekouvri, prepare epi prezante ekspoze atik nan laprès
Prepare e prezante yon minipwojè konsènan ekriti yon jounal peryodik pou lekòl la
Prérequis / Konesans nesesè
Elèv la dwe konnen kisa yon tèks enfòmatif ye ak divès fòm tèks enfòmatif ki genyen. Li abitye ak zouti pou fè rechèch yo (telefòn, tablèt, òdinatè, entènèt, platfòm ak rezo sosyal …). Li ka pran nòt ki presi e ki enpòtan lè l ap koute yon mesaj oswa lè l ap li yon enfòmasyon. Nan peryòd sa a nan ane a, elèv la gen tan konnen kèk kategori gramatikal ki endispansab nan yon fraz (non, pwonon, detèminan, predika…) ak wòl konektè lojik yo. Li ka konstwi yon paragraf koyeran pou li eksprime yon ide senp e klè.
Stratégie d’enseignement-apprentissage / Estrateji aprantisaj
Nan sekans sa a ap gen travay an gwoup ak egzèsis endividyèl k ap pèmèt elèv la metrize teknik rechèch enfòmasyon yo. Divès similasyon ak travay an atelye yo ap favorize devlopman kapasite elèv 8èm Ane Fondamantal la genyen pou li chèche, triye, trete, rasanble enfòmasyon sou yon sijè ; konstwi yon tèks enfòmatif koyeran epi alèz pou li prepare e prezante ekspoze yon atik nan laprès devan nenpòt piblik li vize.
Découpage en séances
Séance/Seyans (Titre et durée/Tit,Dire) | Thème, place dans la séquence et très brève description / Dekoupaj an seyans |
séance 1 / Seyans 1 Analiz ak òganizasyon enfòmasyon (1 èdtan) | Seyans 1 an ap pèmèt elèv la chèche, rasanble, òganize enfòmasyon sou yon sijè presi. L ap rive analize enfòmasyon yo epi etabli rapò yo genyen ak konesans li te deja genyen sou karakteristik tèks enfomatif yo. |
séance 2 / Seyans 2 Manipilasyon sentaks (1 èdtan) | Nan seyans 2 a elèv la ap alèz pou li distenge yon fraz gramatikal ak yon fraz agramatikal. L ap vin pi byen konprann sentaks lang kreyòl la. L ap ka idantifye eleman ki konpoze yon fraz senp ak wòl yo nan konstriksyon yon enfòmasyon. |
séance 3 / Seyans 3 Rezo leksikal ak rezo semantik (1 èdtan) | Seyans 3 a ap favorize devlopman kapasite elèv la genyen pou li gwoupe divès chan leksikal ki genyen nan yon enfòmasyon epi dekouvri sans yo charye konsènan ide jeneral la, kit se nan yon tèks oral, kit se ekri. Elèv la ap an mezi pou li idantifye chan semantik divès tèm ki anplwaye nan plizyè kontèks. |
séance 4 / Seyans 4 Kontraksyon nan langaj pale (1 èdtan) | Nan seyans 4 la, aprenan an ap pi byen konprann wòl kontraksyon nan kominikasyon oral. L ap an mezi pou li distenge divès eleman leksikal ak gramatikal ki kapab kontrakte epi nan ki sikonstans eleman sa yo kontrakte nan yon enonse oral. |
séance 5 / Seyans 5 Ekriti ak ekspoze atik nan laprès (1 èdtan) | Seyans 5 la ap ede elèv la konnen divès karakteristik yon atik nan laprès. L ap dekouvri kèk jan ki gen rapò ak diskou jounalistik tankou : konferans ak kominike pou laprès. L ap an mezi pou li fè rechèch, prepare epi fè ekspoze sou yon atik nan laprès. |
séance 6/ Seyans 6 Mini pwojè (1 èdtan) | Nan seyans 6 la, aprenan yo ap mete tèt yo ansanm pou yo planifye yon mini pwojè konsènan preparasyon ak prezantasyon yon ribrik nan yon jounal peryodik twazyèm sik fondamantal lekòl yo a kreye. |
Support et matériel / Sipò
Kreyòl pou kominikasyon fòmèl, CHERY, Pierre-Michel
Gramè deskriptif kreyòl Ayisyen an, FEDEXY, Jockey Berde
Kou kreyòl 8èm Ane Fondamantal, TOUSSAINT, George
https://www.facebook.com/radioecoutefm/videos/448697967136070/
Modalités d’évaluation / Fason pou evalye elèv yo
Evaluation initiale (diagnostique) / Premye evalyasyon (dyagnostik) :
Nan kòmansman sekans la, pwofesè a ap teste sa elèv yo konnen deja, abilite yo sipoze genyen pou yo ka rive devlope divès konpetans nou vize nan sekans la. Kidonk, evalyasyon sa a ap chita sou sa ki nesesè yo ta dwe deja konnen sou kisa yon tèks enfòmatif ye, divès kalite tèks enfòmatif, rapèl sou kèk kategori gramatikal tankou : detèminan, pwonon, predika… sou teknik pou byen koute oswa byen li yon enfòmasyon epi sonje ide kle yo, respekte règ ekriti lang nan epi redije yon tèks enfòmatif byen kout ki respekte karakteristik ak règ ekriti yon enfòmasyon. Pwofesè a ap poze elèv la de ou twa kesyon tankou :
Ki wòl predika yo jwe nan fraz la ?
Site kèk detèminan ak kèk mpwonon ?
Ki ide ki degaje nan ti paragraf ou sot li oswa ou sot tande a ?
Site kèk nnan karakteristik yon tèks enfòmatif. Kesyon sa yo ak lòt ankò ap pèmèt anseyan an detekte pwen fò ak kèk feblès elèv yo genyen nan domèn nou sot site pi wo yo.
Evaluation finale (bilan) et critères/indicateurs de réussite / Evalyasyon final :
Nan fen sekans la, pwofesè a dwe evalye divès konesans, kapasite adaptasyon, abilite ak atitid elèv la rive devlope nan kad diskou enfòmatif la. Konsa, gras ak kèk itèm byen prepare (kesyon objektif, chwazi bon repons, konplete, asosye yon eleman ak sa ki koresponn avèk li…) ki gen rapò ak konpreyansyon e pwodiksyon oral, pwodiksyon ekri ak konesans sou gramè ak leksik lang nan, pwofesè a ap rive wè si elèv yo byen devlope konpetans li te vize nan kòmansman sekans la, nan ki nivo yo rive devlope yo.
Konsa, l ap konnen ki desizyon final pou l pran (si l ap pase nan lòt nivo konpetans oubyen si l ap fè remedyasyon pou elèv ki merite sa avan tout pwogresyon). Pou yon elèv reyisi sekans sa a, evalyasyon an dwe montre nan ki nivo li rive devlope divès konpetans ki te vize yo.
Kidonk, rezilta yo ap montre si K1, K2, K3 nan yon nivo trè devlope, devlope, akseptab, devlope tou piti oswa si yo pa devlope menm. Si rezilta evalyasyon an pwouve elèv la nan de dènye nivo yo, pwofesè a dwe fè remedyasyon pou li nan konpetans li gen fay la.
Prolongements éventuels / Aktivite an plis
Si pwofesè a jwenn ase tan li ka mete kèk lòt aktivite enteresan nan klas la kote li ka mande divès elèv pou yo vin prezante yon yon ekspoze enfòmatif sou medya ak enfòmasyon, agrikilti ak devlopman dirab. Nan aktivite sa a, pwofesè a ranje klas la tankou yon estidyo, yon sal nouvèl. Lè sa a, li pral fè elèv yo travay tenm vwa yo, pwononsyasyon yo, kapasite yo genyen pou yo fè yon lekti nan ton konvèsasyon san yo pa rabache ; li dwe ede yo metrize tèt yo an piblik.
Li ka pwopoze kèk lòt egzèsis pratik sou rezo leksikal ak rezo semantik nan yon enfòmasyon li te chwazi. Ansuit, li ka fè elèv yo fè kèk pratik sou fraz gramatikal, fraz agramatikal ak estrikti fraz senp.
Différenciation et adaptation aux élèves à besoins éducatifs particuliers / Adaptasyon pou elèv ki gen de bezwen apa
Byen souvan konn gen elèv ki pa ka suiv byen paske yo gen pwoblèm je. Genyen ki konn gen difikilte ki gen rapò ak milye y ap viv la oswa yon pwoblèm sante ki dire sou yo. Nan divès ka sa yo, elèv ki gen pwoblèm yo bezwen anpil atansyon. Si se yon pwoblèm fizik, pwofesè a ka fè plis repetisyon lè l ap bay esplikasyon sou diskou enfòmatif. Li mèt bay elèv sa yo fè plizyè egzèsis apa ki senp sou yon ti ekstrè enfòmasyon. Li ka poze yo kèk kesyon ki mande yon repons kout sou chak eleman ki genyen nan yon youn ou de tip tèks enfòmatif.
Pwofesè a ap chwazi kèk fraz senp byen kout ki gen yon enfòmasyon, epi l ap mande elèv ki gen bezwen apa yo kisa fraz sa yo vle di, ki mesaj yo chak jwenn pèsonèlman. Nan sityasyon konsa, sipò vizyèl yo ap itil anpil. Yo dwe klè, yo pa dwe piti yon fason pou tout elèv ka wè yo. Pou chak sipò odyo ou videyo, poze elèv ki nan kondisyon sante ki frajil yo kèk kesyon senp takou kil è, ki kote, kiyès, kòman aksyon yo rapòte nan atik sa a te rive, elatriye. Kesyon sa yo dwe fasilite konpreyansyon yo sou divès karakteristik yon atik nan laprès genyen.
Pwofesè a ka fè plizyè jwèt kesyon/repons, devinèt sou nosyon ki konsènè chan leksikal ak semantik yon domèn. Pou pwoblèm afektif ki konplike yo, pwofesè a dwe fè direksyon lekòl la konn sa. Si posib, lekòl la dwe pran dispozisyon pou yon sikològ ede timoun sa yo, oswa fè yon klas espesyal k ap pèmèt yo aprann byen suivan demach ki koresponn ak kondisyon sante fizik ak mantal yo.
Mise au point pour l’enseignant/ Kèk konsèy pou anseyan an
Travay la dwe chita sou patisipasyon elèv. Pa dwe gen elèv pasif nan kèlkeswa kondisyon an. Fas ak yon sityasyon pwoblèm, pwofesè a dwe gide ak ankouraje elèv yo pou yo mobilize konesans yo genyen, kapasite adaptasyon yo ak divès abilite yo pou yo ka rezoud li. Se konsa y ap rive devlope konpetans ki gen rapò ak enfòmasyon yo.
Pwofesè a dwe fè bon jan rechèch sou diskou enfòmatif ak jan tèks enfòmatif yo òganize (atik jounal, nòt enfòmasyon, ekspoze, kominike pou laprès, konferans pou laprès, elatriye) pou li ka ede elèv yo metrize tèm nan, kèk metòd ak teknik k ap favorize yon atmosfè agreyab pou pwosesis ansèyman/aprantisaj la. L ap alèz pou li jere klas li lè li prepare aktivite yo ak divès materyèl l ap gen bezwen alavans. Menmsi lekòl la ta manke ekipman, depi pwofesè a byen prepare kou a epi li fè rechèch sou tèm klas la pral travay yo, elèv yo ap reyisi.
Pwofesè a kapab fè kèk aktivite ki koresponn ak kèk bezwen ki parèt enpòtan nan yon moman espesyal. Pa egzanp, li ka mande lekòl la pou mennen elèv yo vizite lokal Akademi Kreyòl la oswa yon lòt enstitisyon k ap travay pou valorize lang ak kilti kreyòl ayisyen an (Fakilte Lengwistik Aplike… selon zòn lekòl la sitye) nan okazyon jounen entènasyonal lang kreyòl. Sa ap pèmèt elèv yo byen enfòme sou travay enstitisyon sa a ap founi. Nan yon aktivite konsa, pwofesè a dwe ankouraje elèv yo pran bonjan nòt pou yo ka pwodui yon tèks enfòmatif sou vizit la. Yon aktivite konsa, pwofesè a ka chwazi fè li nan kad yon mini pwojè oswa yon aktivite aprantisaj espesyal an akò ak direksyon lekòl la.
Si gen dokiman ki fèk parèt nan moman pwofesè a ap fè kou a, li dwe analize yo avèk swen pou li wè si yo respekte pwogram Ministè Edikasyon Nasyonal la, si yo konfòm ak ‘apwòch pa konpetans la’ e si yo respekte nivo konpetans yon timoun ki nan 8èm Ane Fondamantal an mezi pou li egzèse. Si tout kritè sa yo respekekte, pwofesè a lib pou li sèvi ak dokiman sa yo si direksyon lekòl l ap travay la dakò ak pwopozisyon li fè yo sou sa.
Séance/Seyans 1 : Analiz ak òganizasyon enfòmasyon⚓
Supports et matériel/Sipò ak materyèl
Kou Kreyòl 8èm Ane Fondamantal, TOUSSAINT, Georges
Aparèy pou anrejistre son ak imaj (telefòn, mayetofòn)
Déroulement de la séance/Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps/Tan 1 Rechèch, analiz ak konstriksyon enfòmasyon | 15 minit ou mwens | Anseyan an ap sèvi ak tèks fokal ki nan anèks la oswa nenpòt lòt tèks pou l ede elèv yo dekouvri kèk teknik pou yo chèche ide kle ak enfòmasyon, analize yo, triye yo epi klase yo suivan nivo enpòtans yo. L ap ede yo konprann enpòtans kesyon sa yo : Kiyès, kisa, ki bò, ki jan, ki lè, poukisa nan chèche ak trete enfòmasyon. | Elèv yo ap li tèks la pou yo byen konprann li. Y ap reponn kesyon pwofesè a poze yo sou kisa tèks la pale, kiyès sa konsène, ki enfòmasyon ki parèt pi enpòtan, ki lè sa te fèt, kòman, poukisa… Ansuit, yo suiv esplikasyon pwofesè a bay sou fason yo dwe sèvi ak kesyon kominikasyon yo pou chèche, klase, triye ak trete yon enfòmasyon. |
Temps/Tan 2 Poze kesyon pou chèche enfòmasyon | 15 minit ou mwens | Anseyan an chwazi de (2) tèm Ki gen rapò ak kilti ou sosyte (koupdimonn, festival mizik, teyat, fèt nasyonal…). Li esplike yon lòt fwa fason elèv yo dwe sèvi ak kesyon kominikasyon yo pou yo mennen bonjan ankèt. Li chwazi kèk elèv pou fè yon similasyon ankèt pandan l ap ede yo byen konprann teknik yo. | Elèv pwofesè a te chwazi yo ap byen sèvi ak kesyon kominikasyon yo pou yo jwenn divès enfòmasyon nesesè sou avènman y ap mennen ankèt la. Yo dwe byen note ou anrejistre repons yo yon fason pou yo ka triye enfòmasyon ki enpòtan k ap pèmèt yo rekonstitye evènman an. Anfen, yon elèv pami yo ap li rezilta ankèt la pou klas la. |
Temps/Tan 3 Respè lòd lojik enfòmasyon yo | 10 minit | Anseyan an ap prezante an dezòd kèk enfòmasyon li pran nan tèks Gwo aksidan sou wout Kenskòf ki nan anèks la, epi l ap mande elèv yo pou yo mete yo nan lòd lojik e koyeran. Li dwe bay klas la esplikasyon sou prezantasyon enfòmasyon yo soti nan sa ki pi enpòtan pou rive nan sa ki enpòtan yo (chema piramid tèt anba). | Elèv yo ap ranje enfòmasyon yo nan lòd, suivan enpòtans yo nan evènman an. Yo dwe respekte chema piramid tèt anba a pou rekonstwi tèks la yon fason lojik e koyeran. Anfen, y ap renmèt pwofesè a travay sa a nan lè ki te rezève pou sa, yon fason pou li ka bay apresyasyon li. Si yo gen kesyon sou pwen ki pa parèt twò klè, yo dwe poze yo. |
Temps/Tan 4 Prezantasyon ekspoze – Rapèl eleman enpòtan yo | 20 minit | Pwofesè a mande elèv ki te mennen ankèt yo korije tèks yo ekri a yon fason pou l respekte divès teknik yo sot travay yo. Li dwe fè youn ou de elèv pami yo prezante ekspoze sou travay yo fè a. Anfen, l ap fè yon sentèz sou tout sa ki te fèt nan kou a. | Elèv anseyan an chwazi yo dwe korije tèks yo te ekri anrapò ak sijè oswa evènman yo te mennen ankèt sou li a. Youn ou de elèv ap li travay la pandan rès klas la ap suiv avèk atansyon. Yo dwe pran nòt ki nesesè pandan pwofesè a ap fè sentèz sou travay yo sot fè a. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Elèv nan klas la pral mennen ankèt, rasanble epi triye enfòmasyon ki egzat, san patipri sou yon evènman sosyal ou kiltirèl ki fèk rive oswa sou yon fè divè (aksidan, gwo dife, sityasyon katastwòf, inondasyon…). Yo dwe byen sèvi ak enfòmasyon sa yo pou ekri yon tèks enfòmatif koyeran ki respekte divès prensip nan ekriti atik nan laprès yo.
Chak elèv ap ekri yon fè divè sou yon evènman ki rive nan anviwònman kote l ap viv la. Ansuit, pwofesè a ap chwazi youn li twouve ki respekte prensip yo, l ap mande elèv ki reyalize travay sa a vin prezante li devan klas la.
Trace écrite pour l’élève / Tras ekri pou elèv la
Kesyon kominikasyon yo : Pou nou jwenn enfòmasyon sou yon evènman ki te rive, yon fè divè, genyen sis kesyon nou dwe poze selon enfòmasyon n ap chèche a : kiyès, kisa, ki bò, ki lè, ki jan, poukisa. Divès kesyon sa yo ap ede nou konnen pèsonaj ki enplike yo, konsènan ki evènman y ap pale oubyen kisa ki te fèt, ki kote sa te rive, a ki lè sa te fèt, kisa ki te lakoz sa rive, kòman sa te fè rive.
Chema piramid tèt anba a : Se yon chema kominikasyon ki prezante lòd ide yo dwe ranje nan yon enfòmasyon oswa yon atik nan laprès. Selon chema sa a, se enfòmasyon ki pi enpòtan yo ki dwe parèt anvan, ansuit sa ki enpòtan yo. Sa ki pa twò enpòtan yo dwe parèt an dènye si sa nesesè.
Ankèt : Yon ankèt koresponn ak demach n ap antreprann pou nou rive dekouvri laverite sou yon evènman, konnen sa ki te fèt la byenke nou pa t prezan nan moman an. Sa pèmèt nou pote eklèsisman sou kèk ide ki chaje ak erè moun ap pataje sou sa ki rive a tout pandan n ap bay yon enfòmasyon ki san fòs kote e ki egzat.
Ekriti atik jounal : Objektif yon atik nan laprès se bay enfòmasyon klè pou piblik la ka konnen sa k ap pase bò kote li, nan anviwònman li oubyen lòt kote nan lemonn. Pou sa, otè a dwe prezante enfòmasyon an yon fason senp, klè e egzat. Fraz yo pa dwe ni twò long ni konplike. Tèks la dwe ekri nan twazyèm pèsòn. Li dwe respekte chema piramid tèt anba a. Li enpòtan pou tèks la reponn divès kesyon kominikasyon yo.
Évaluation / Evalyasyon
Gen yon gwo aksidan moto ki fèt bò lakay ou nan semèn sa a. Yon moun lakay ou ki te asiste sèn nan vin rakonte sa li sot viv la. Sèvi ak sis kesyon kominikasyon yo (kiyès, kisa, ki kote, ki lè, kòman, poukisa) pou kapab jwenn enfòmasyon egzat sou aksidan sa a. Anrejistre ti ankèt sa a sou telefòn ou oswa ekri repons li ba w yo.
Koute enfòmasyon ou sot anrejistre konsènan aksidan an oswa byen li nòt ou te pran yo. Ansuit, triye enfòmasyon ki klè, egzat ki vrèman gen rapò ak aksidan an. Ranje yo selon enpòtans yo nan fè a (soti nan sa ki pi enpòtan, pase nan sa ki enpòtan pou rive nan sa ki mwens enpòtan yo).
Sèvi ak eleman pi wo yo pou w ekri yon tèks enfòmatif koyeran kote fè yo respekte yon pwogresyon ki konfòm ak chema piramid tèt anba a.
Byen li tèks la pou klas la lè pwofesè a chwazi w.
Éléments de remédiation/Eleman pou remedyasyon
Aprè koreksyon evalyasyon an, si gen elèv ki ta nan yon nivo ki pa akseptab, sa vle di ki pa devlope ditou oubyen ki devlope yon tikras nan konpetans ki konsène ankèt pou jwenn enfòmasyon, triye epi trete enfòmasyon yo jwenn yo pou pwodui yon tèks enfòmatif… anseyan an dwe fè kèk aktivite pou ede elèv ki nan kategori sa a atenn yon nivo ki akseptab omwen.
Pou sa, li kapab fè youn ou de (2) lòt aktivite. Pa egzanp, gen yon gwo eskonbrit ki pete nan yon seremoni maryaj kote yon dam debake ak senk pitit, li deklare se pou mesye k ap marye a timoun yo ye, men misye pa vle pran swen yo. Bouyay pete, gwo chirepit, maryaj la pa fèt ankò.
Ede elèv yo sèvi ak sis kesyon pou yo mande enfòmasyon nan yon ankèt y ap mennen pou yo ka rive konnen ki moun ki t ap marye lè sa a (non moun yo), kisa madanm ak senk pitit la fè, ki reyaksyon moun ki te la yo, ki kote maryaj la t ap fèt ak ki lè, ki reyaksyon lamarye a, kòman sa pase, poukisa… Fè yo note repons yo sou yon fèy papye.
Raple elèv yo sa nou te di sou sis kesyon ankèt yo nan tras ekri a.
Ede yo triye enfòmasyon ki gen rapò ak evènman an epi ranje yo yon fason koyeran ki respekte chema piramid tèt anba a pou ekri yon fè divè.
Poze yo kèk kesyon pou wè si yo rive sonje nan ki lòd yo dwe klase enfòmasyon yo nan yon tèks. Pouse yo bay esplikasyon sou sa yo konprann konsènan chema piramid tèt anba a ak fason yon enfòmasyon dwe prezante, sa ki dwe genyen ladan, elatriye.
Séance/Seyans 2 : Manipilasyon sentaks⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Gramè Kreyòl, Berrouët-Oriol (disponib sou google)
Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, FEDEXY, Jockey Berde
Tablo - kànva
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps/Tan 1 Rapèl sou definsyon yon fraz - Diferans ant fraz oral ak fraz ekri | 10 minit | Anseyan an chwazi kèk egzanp nan Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an ki nan anèks la pou li montre elèv yo fason fraz la ka transfòme. Li sèvi ak tras ekri ki nan seyans sa a pou li raple elèv yo kisa yon fraz ye epi ede yo byen konprann ki diferans ki genyen ant fraz oral ak fraz ekri. Li poze yo kèk kesyon tankou : kisa yon fraz ye ? Ki diferans ou fè ant fraz oral ak fraz ekri… | Elèv yo suiv esplikasyon pwofesè a. Yo li egzanp ki nan anèks la ak tras ekri a. Yo reponn kesyon li poze yo suivan sa yo konprann sou kisa yon fraz ye oubyen sou diferans ki genyen ant fraz oral ak fraz ekri. Yo koute epi konprann pwosede transfòmasyon fraz yo. Yo poze pwofesè a kèk lòt kesyon, si sa nesesè, pou yo ka pi byen konprann toujou. |
Temps/Tan 2 Diferans ant fraz gramatikal ak fraz agramatikal - Egzanp | 15 minit ou mwens | Pwofesè a chwazi de (2) egzanp nan tras ekri a pou li esplike kisa yon fraz gramatikal ye ak kisa yon fraz agramatikal ye. Li mande chak elèv jwenn senk egzanp fraz gramatikal ak senk egzanp fraz agramatikal, ekri yo epi esplike poukisa. | Elèv yo suiv epi yo pran nòt sou kisa yon fraz gramatikal ak yon fraz agramatikal ye. Ansuit, yo chak reflechi epi yo ekri senk fraz gramatikal ak senk fraz agramatikal pandan y ap esplike poukisa tèl fraz gramatikal, tèl lòt fraz agramatikal. |
Temps/Tan 3 Kèk eleman ki endispansab nan yon fraz senp – manipilasyon sentaks | 25 minit ou mwens | Pwofesè a poze klas la yon kesyon: Kisa yon fraz senp ye? Li chwazi youn ou de elèv ki leve men pou reponn. Li sèvi ak pati nan Gramè deskriptif la ki nan anèks la pou li montre elèv yo fè manipilasyon sentaks. Li ede yo dekouvri e konprann fonksyònman eleman ki gen nan yon fraz senp ak wòl yo. Li esplike yo tras ekri a. | Elèv pwofesè a chwazi yo ap reponn kesyon an youn apre lòt. Ansuit, kèk lòt elèv ap fè egzèsis sou trablo a sou manipilasyon ak reprezantasyon grafik fraz senp yo. Aprè koreksyon, y ap suiv esplikasyon pwofesè a avèk atansyon konsènan divès eleman ki gen nan yon fraz senp ak wòl yo ranpli nan fraz la. Y ap pran nòt nan kaye yo si sa nesesè. |
Temps/Tan 4 Sèvi ak fraz senp pou bay enfòmasyon | 10 minit ou mwens | Pwofesè a ranje klas la an kat gwoup epi li bay yo chak yon tèm (lekòl, espò, aksidan, konfi…). Li mande yo pou yo ekri yon paragraf ki gen omwen sis a uit fraz pou yo prezante yon enfòmasyon sou tèm yo jwenn nan. | Elèv yo ap byen reflechi sou tèm yo jwenn nan epi yo chak ap bay ide pa yo nan gwoup yo ye a. Yon elèv nan chak gwoup ap ekri fraz yo. Ansuit, y ap konstwi yon paragraf koyeran ki prezante yon enfòmasyon sou tèm nan. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Elèv yo ap sèvi ak plizyè tip fraz senp pou yo ekri tèks ki byen kout pou bay enfòmasyon sou yon tèm oswa yon sijè presi.
Elèv yo dwe prezante yon tèks oral ki genyen plizyè tip fraz senp kote tout klas la ap apresye fason ton vwa a chanje suivan chak tip fraz ki nan tèks la. Y ap fè yon lekti ki respekte ton konvèsasyon, ki natirèl e ki fè moun anvi koute.
Trace écrite pour l’élève/tras ekri pou elèv la
Definisyon fraz :
Yon fraz se yon ansansan mo ki plase youn apre lòt, ki byen ranje nan lòd suivan règ lang nan epi ki gen sans.
Egzanp : Elèv yo ap ekri leson an.
Diferans ant fraz oral ak fraz ekri :
a) Pou nou rekonèt fraz oral yo, nou dwe suiv chanjman ton vwa a (entonasyon an) ak poz nou obsève. Se ton vwa a ak poz la k ap fè nou wè si se yon deklarasyon, yon kesyon, yon lòd oswa yon esklamasyon.
b) Tandiske, pou fraz ekri yo, nou rive distenge yo paske yo kòmanse ak yon lèt majiskil (yon gwo lèt), pou yo fini ak yon siy ponktyasyon (. ? !).
Fraz gramatikal ak fraz agramatikal :
Yon fraz gramatikal se yon fraz ki respekte règ ajansman mo yo nan lang nan, li suiv règ ki egziste nan gramè a. Fraz la gramatikal lè moun ki pale lang nan natif natal konsidere li kòm yon fraz ki posib. Atansyon, fraz la kapab gramatikal epoutan sa pa vle di li kòrèk.
Egzanp :
Poul la manje mayi a. (Fraz sa a gramatikal e li kòrèk)
Foumi an manje elefan an. (Fraz sa a gramatikal, poutan li pa kòrèk sou plan semantik)
Yon fraz agramatikal se lè pa gen okenn règ nan lang nan ki koresponn ak fason li konstwi a. Li pa respekte règ ajansman mo yo nan lang nan. Atansyon, fraz la kapab agramatikal poutan li gen sans pou lokitè lang nan.
Egzanp :
Kay la ak dlo anvayi. Fraz sa a pa gramatikal paske lokitè lang nan t ap di li konsa. Yo t ap di pito : Kay la anvayi ak dlo.
Mesye sa yo pou mwen ap travay. Se yon fraz agramatikal, petèt li gen yon sans. Men lokitè yo t ap di pito : Mesye sa yo ap travay pou mwen.
Konstityan fraz senp :
An jeneral, yon fraz senp genyen yon Gwoup Nominal Sijè (GNS) ak yon Gwoup Predika (GP) ki konpoze li. F = GNS + GP
Egzanp : Papa mwen (GNS) wouze flè yo (GP).
Men kèk fwa, konn gen yon ekspansyon ki ajoute sou de (2) pati endispansab ki nan fraz senp la. Li ka plase adwat ou agoch fraz la e li pa endispansab. Li kapab swa yon Gwoup Prepozisyonèl (GPrep) swa yon Gwoup Advèbyal (GAdv). F = GNS + GP + GPrep / F = GPrep + GNS + GP oubyen
F = GNS + GP + GAdv / F = GAdv + GNS + GP
Egzanp
Timoun yo ap jwe foutbòl sou teren an. (F = GNS + GP + GPrep)
Sou teren an, timoun yo ap jwe foutbòl. (F = GPrep + GNS + GP)
Mesye sa yo fè jaden lwen lakay yo. (F = GNS + GP + GAdv)
Lwen lakay yo, mesye sa yo fè jaden. (F = GAdv + GNS + GP)
Nan chak gwoup pi wo yo nou jwenn yon seri eleman tankou : Non, Detèminan, Adjektif Kalifikatif…
Lè yon eleman nan fraz la oswa yon gwoup mo ranpli fonksyon sijè, li se yon GNS. Lè yon eleman oswa yon gwoup mo nan fraz la ranpli fonksyon konpleman, li se yon GNK. Gwoup Nominal Konpleman an (GNK) fè pati GP a, li plase aprè predika a.
Évaluation / Evalyasyon
Sèvi ak konesans ou genyen sou sa yon fraz ye pou konplete enonse pi ba yo ak eleman (mo) ki nesesè yo :
a) Lè n ap pale se __________________ ak ________________ ki pèmèt nou distenge fraz yo. Alòske, lè n ap ekri fraz yo toujou kòmanse ak ______________________ pou yo fini ak yon ___________________________.
b) Yon fraz senp genyen ________________________________ ak _______________________ ki konpoze li. Men kèk fwa, li konn gen yon __________________________ ki ajoute sou li.
Ekri de (2) Fraz gramatikal ki kòrèk ak de (2) fraz gramatikal ki pa kòrèk. Esplike rezon ki fè de (2) premye yo kòrèk epi de (2) lòt yo pa kòrèk.
Ekri de (2) fraz agramatikal ki pa gen sans ak de (2) fraz agramatikal ki gen sans.
Souliye divès gwoup ki genyen nan fraz senp pi ba yo, epi ekri non yo chak anba yo (GNS, GP, GAdv, GPrep) :
a) Sou wout la, mwen rannkontre matant mwen.
b) Yon gwo bèf manje jaden mwen an.
c) Maryo ak zanmi li yo ap jwe mab toupre teren an.
d) Chen an mòde chat la.
e) Isit la, elèv yo respekte tout moun.
Men yon fraz senp: Bon zanmi mwen an fè yon gwo aksidan. Reyekri chak gwoup ki nan fraz la apa, endike non yo chak. Ansuit, endike kategori gramatikal divès eleman ki nan chak gwoup yo (Non, detèminan, adjektif kalifikatif, prepozisyon, elatriye)
Transfòme fraz nominal pi ba yo an fraz vèbal :
a) Ouvèti lekòl la tipa tipa ane sa a.
b) Enpòtans pwoteksyon anviwònman an.
Reprezante fraz sa a sou fòm pyebwa : Poul yo manje mayi a.
Ranplase mo ki souliye nan fraz piba yo ak pwonon ki koresponn nan :
a) Mari di li pa renmen vye jwèt sa a.
b) Mwen menm ak sè m nan renmen chante anpil.
Jwenn yon ajou (yon ekspansyon) pou chak fraz piba yo :
a) Mwen te etidye leson istwa a _______________________________________.
b) ______________________________, tout elèv yo fè bèl mwayèn.
Ekri yon tèks enfòmatif sou enpòtans pyebwa yo genyen nan anviwònman nou. Tèks la dwe kout, ide yo koyeran epi fraz ki konpoze li yo se fraz senp sèlman yo ye. Byen li tèks sa a yon fason pou w respekte ton konvèsasyon devan klas la (si se ou pwofesè a chwazi pou sa). Fòk lekti a fè klas la anvi suiv ; li vrèman enteresan.
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Aprè pwofesè a fin korije travay pi wo a, li idantifye elèv ki pa devlope ditou konpetans konsènan wòl fraz senp yo nan yon enfòmasyon, diferans ant fraz gramatikal ak fraz agramatikal, ant fraz oral ak fraz ekri oubyen ki pa twò byen konprann yo. Pou sa, li mete yo nan yon gwoup apa epi li esplike chak eleman konpetans klas la sot travay nan seyans la yon fason klè epi li poze yo kesyon pou li wè si yo konprann.
Li dwe fè gwoup sa travay sou youn ou de (2) lòt aktivite ki byen senp sou eleman ki nan yon fraz senp, sou fraz gramatikal ak fraz agramatikal. Li kapab ba yo kèk lòt aktivite pou yo fè lakay yo ak bon jan esplikasyon sou divès eleman yo te travay nan seyans la. Konsa, y ap rive devlope nivo konpetans yo te vize a.
Séance/Seyans 3 : Rezo (chan) leksikal ak rezo semantik nan yon enfòmasyon⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Kou kreyòl 8èm AF, TOUSSAINT, Georges
Tablo, òdinatè, aparèy pwojeksyon
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps/Tan 1 Rapèl sou fraz yo | 10 minit oubyen mwens | Anseyan an fè yon rapèl sou definisyon fraz, diferans ant fraz oral ak fraz ekri, fraz gramatikal ak fraz agramatikal. Li esplike an brèf divès gwoup ak kategori eleman ki konpoze yon fraz senp. | Elèv yo suiv rapèl pwofesè a avèk atansyon. Yo leve men pou yo poze kesyon ki gen rapò ak nosyon yo sot suiv rapèl sou li a, epi yo koute repons pwofesè a pandan y ap note sa ki parèt enpòtan yo pa t gen tan note yo. |
Temps/Tan 2 Chan (rezo) leksikal | 20 minit oubyen mwens | Anseyan fè elèv yo koute e/ou gade ekstrè tèks vwadlamerik (VOA) ki nan anèks la epi li mande yo jwenn kèk mo ki koresponn ak de (2) tèm li chwazi ladan. Li esplike kisa yon chan leksikal ye ak diferans ki genyen ant chan leksikal ak mo ki nan menm fanmi. Li bay kèk tèm (laprès, transpò piblik, elvaj bèt…) pou yo ekri chan leksikal yo. | Elèv yo idantifye tout mo ou gwoup mo ki gen rapò ak 2 tèm y ap travay sou yo nan tèks la. Yo ekri 2 lis tèm sa yo nan kaye yo.Yo suiv esplikasyon pwofesè a konsènan chan leksikal ak mo ki nan menm fanmi. Si gen yon eleman ki pa parèt twò klè nan esplikasyon pwofesè a, yo leve men pou yo poze kesyon sou li. Yo byen obsève koreksyon pwofesè a pote pou yo pa komèt menm erè yo (si te gen erè). |
Temps/Tan 3 Chan (rezo) semantik | 20 minit oubyen mwens | Anseyan an pataje yon tèks enfòmatif ak elèv yo. Li fè yo eseye distenge mo ki gen yon sèl sans ak sa ki gen plizyè sans yo. Li sèvi ak bon jan egzanp pou li esplike kisa chan semantik la ye. Li ba yo plizyè mo polisemik pou yo endike chan semantik yo chak. Li korije travay la. | Elèv yo byen li tèks la pandan y ap note mo ki gen yon sèl sans yo nan yon kolòn epi sa ki gen plizyè sans yo nan yon lòt kolòn. Yo suiv esplikasyon pwofesè a bay sou chan semantik e yo note sa ki enpòtan yo. Yo fè egzèsis pwofesè a bay sou chan semantik. Yo poze kesyon nesesè. |
Temps/Tan 4 Mo jenerik ak rapèl sou seyans la | 10 minit oubyen mwens | Anseyan an ekri twa ou kat gwoup mo sou tablo a. Li mande elèv yo jwenn yon tèm ki ka ranplase yo chak. Li bay esplikasyon ki klè konsènan mo jenerik. Li mande elèv yo etabli diferans ant mo jenerik ak chan leksikal. Anfen, li fè yon rapèl jeneral sou tout sa yo sot wè yo. | Elèv yo byen li chak gwoup mo epi yo ekri yon tèm ki koresponn ak yo chak. Yo suiv esplikasyon pwofesè a avèk atansyon. Si yo pa twò klè, yo leve men yo pou yo poze kesyon. Yo ekri diferans ki egziste ant mo jenerik ak chan leksikal. Anfen, yo suiv epi byen note rapèl jeneral la. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Chak elèv dwe gwoupe divès tèm pou fòme yon menm chan leksikal. Yo dwe rapwoche plizyè chan leksikal pou ekri yon tèks enfòmatif koyeran sou yon sijè byen presi.
Yo chak dwe kapab jwenn chan semantik yon tèm suivan kontèks diferan lokitè yo itilize li.
Yo dwe sèvi ak mo jenerik yo pou jwenn tèm ki nan yon rezo leksikal. Y ap sèvi ak tèm sa yo pou yo ekri yon tèks enfòmatif sou yon fè oswa yon evènman k ap pase nan moman an.
Trace écrite pour l’élève / Tras ekri pou elèv la
Rezo (chan) leksikal :
Yon chan leksikal se yon ansanm mo ki koresponn ak yon menm tèm, ki fè pati yon menm domèn. Li gwoupe yon seri non, adjektif ak vèb oswa lokisyon ki gen rapò youn ak lòt grasa yon sans komen. Nou pa dwe konfonn chan leksikal ak mo ki nan menm fanmi (mo derive).
Egzanp : Chan leksikal « lanmou » se : Pasyon, tandrès, bote, adorasyon, admirasyon, romans, santimantal, karès, kè…
Chan leksikal « lekòl » se : Elèv, pwofesè, klas, disiplin, direksyon, paran, inifòm, egzamen, koreksyon, rekreyasyon, kanè, bilten, liv, enstriman, mwayèn…
Mo ki nan menm fanmi : Mo ki nan menm fanmi yo se yon seri mo derive ki gen yon radikal ou mo rasin, prefiks ak sifiks. Y opa menm ak yon chan leksikal. Men kèk egzanp mo nan menm fanmi :
a) Klas: Klase, klasik klasman, reklase, deklase, klasifikasyon…
b) Bak: anbake, anbakasyon, debake, debakman…
c) Chouk: dechouke, dechoukay, chouke…
Rezo (chan) semantik :
Yon chan semantik koresponn ak ansanm siyifikasyon yon menm mo oswa gwoup mo kapab genyen suivan kontèks yo anplwaye li a. Pa egzanp, lè n ap chèche sans mo nan yon diksyonè, sa konn rive nou jwenn mo ki gen plizyè definisyon pou yo. Ansanm definisyon sa yo fòme chan semantik mo a.
Egzanp : Si nou pran yon mo tankou ‘mèt’, n ap remake li genyen plizyè siyifikasyon :
a) Pwofesè lekòl ;
b) Moun ki posede yon bagay ;
c) Inite ki sèvi pou mezire ;
d) Oksilyè ki eksprime pèmisyon.
Divès siyifikasyon sa yo konstitye chan semantik mo mèt la.
Mo jenerik :
Yon mo jenerik se yon tèm ki ka ranplase nenpòt mo ou gwoup mo ki fè pati yon rezo leksikal. Lè yo gwoupe divès tèm ki gen rapò sans youn ak lòt, mo ki ka ranplase tout tèm yo se mo jenerik la.
Egzanp : Men yon gwoup tèm : Kamyon, taksi, bis, baskil, konntenè, kamyonèt, taptap… Mo jenerik ki koreponn ak gwoup sa a se : machin ou otomobil.
Pou gwoup tèm sa a : règ, ekè, rapòtè, konpa, kreyon, gòm pou efase… mo jenerik la se enstriman jewometri.
Évaluation / Evalyasyon
Ekri yon chan leksikal ki koresponn ak chak tèm pi ba a:
a) Foutbòl
b) Aksidan moto
c) Plaj
d) Sinema
e) Jwèt kiltirèl
2 – Ekri chan semantik ki koresponn ak chak tèm pi ba a:
a) Kou
b) Règ
c) Mi
d) Liv
e) Klou
f) Bouton
g) Bann
Jwenn mo jenerik ki koresponn ak chak gwoup tèm pi ba a:
a) Djèt prive – Boyin – Vòl – Dyèt – Ayewoplàn… ______________________________________
b) Televizyon – tab – chèz – fijidè – fou – kaban… _____________________________________
Chwazi youn pami tèks enfòmatif ki nan anèks la, jwenn de (2) chan leksikal ladan epi gwoupe tèm ki nan yo chak an de (2) kolòn.
Men kèk tèm : medya – laprès – koripsyon – pwogrè – sekirite. Ekri yon rezo leksikal pou yo chak ansuit sèvi ak mo ki nan rezo leksikal sa yo pou konstwi yon tèks enfòmatif koyeran e ki pa twò long. Anfen, si pwofesè a mande sa, li tèks la pou klas la yon fason klè, byen pwononse mo yo epi li nan ton konvèsasyon pou fè tout klas la anvi suiv sa w ap li a.
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Aprè koreksyon evalyasyon an, fòme yon gwoup espesyal ak elèv ki pa nan yon nivo akseptab yo. Esplike yo kisa yon chan leksikal ye avèk bon jan egzanp ki gen rapò ak eleman ki nan anviwònman yo ye nan moman an (klas la). Bay kèk lòt tèm nou pa t travay nan klas la, mande yo pou yo jwenn chan leksikal ki koresponn ak tèm sa yo. Poze yo chak kèk kesyon pou wè si yo rive konprann epi bay kèk esplikasyon anplis ki vrèman senp sou tras ekri a.
Ansuit, pwopoze yo yon lis tèm ki genyen mo polisemik sèlman. Mande yo chwazi senk mo nan lis la epi bay chan semantik yo. Poze yo kesyon youn apre lòt pou wè si yo byen konprann nosyon chan semantik la epi ba yo kèk esplikasyon anplis sou sa.
Ede yo sonje chan leksikal pa menm ak mo ki soti nan menm fanmi. Ede yo etabli diferans ant chan leksikal ak mo jenerik.
Anfen, ba yo yon ti tès byen senp sou chan leksikal, chan semantik ak mo jenerik yo pou wè nan ki nivo konpetans lan ye si li devlope anpil, devlope oubyen akseptab.
Séance/Seyans 4 : Kontraksyon nan langaj pale⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Kou kreyòl 8èm Ane Fondamantal, TOUSSAINT, Georges
Tablo, Kànva
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps/Tan 1 Rapèl sou rezo leksikal ak semantik | 5 minit ou mwens | Anseyan an chwazi youn ou de elèv pou fè yon rapèl byen kout sou chan leksikal ak chan semantik. Li bay kèk esplikasyon byen senp pou l asire li elèv yo byen metrize tèm sa yo. | Elèv pwofesè a chwazi yo esplike sa yo te aprann sou chan leksikal ak chan semantik yon fason ki senp e kout. Tout klas la suiv avèk atansyon epi note eleman yo pa t gen tan pran yo. Yo poze kesyon si sa nesesè pou yo konprann plis. |
Temps/Tan 2 Kontraksyon eleman leksikal | 20 minit ou mwens | Pwofesè a divize klas la an kat gwoup, li bay yo chak youn tèks ki nan anèks la (Gwo aksidan sou wout kenskòf, fokal). Li mande yo idantifye kèk mo ki nan fòm kout ak kèk lòt yo ka mete sou yon fòm kout. Li esplike yo ak bon jan egzanp kisa eleman leksikal yo ye, kisa ki ka kontrakte pami yo, ki fason ak kilè sa ka fèt. | Elèv ki nan chak gwoup ap li tèks ki nan men yo a byen epi y ap idantifye mo ki ekri sou fòm kout yo ak sa ki kapab ekri sou fòm kout yo. Yo suiv esplikasyon pwofesè a bay sou eleman leksikal ki kontrakte yo. Yo pran nòt ki enpòtan epi yo poze kesyon k ap ede yo pi byen konprann |
Temps/Tan 3 Kontraksyon eleman gramatikal | 25 minit ou mwens | Pwofesè a sèvi ak tras ekri a pou li esplike kisa yon eleman gramatikal ye epi li bay kèk egzanp. Li mande elèv yo idantifye divès eleman gramatikal ki kontrakte nan tèks ki nan men yo a. Li dwe montre yo kilè eleman sa yo kontrakte. Li dispoze byen reponn kesyon klas la poze sou pwen sa a. | Yo suiv avèk atansyon esplikasyon pwofesè a bay sou eleman gramatikal yo epi yo note sa ki enpòtan yo. Yo idantifye eleman gramatikal ki kontrakte nan tèks la. Yo suiv pou yo ka konn kilè ak kijan eleman sa yo kontrakte. Yo dwe poze kesyon ki nesesè pou yo pi byen konprann. |
Temps/Tan 4 Enpòtans Kontraksyon nan kominikasyon oral | 10 minit ou mwens | Pwofesè a esplike elèv yo kèk diferans ki genyen ant kominikasyon oral ak kominikasyon ekri. Li montre yo wòl kontraksyon nan ekonomi lagaj pale a. Li bay chak gwoup yon ti ekstrè tèks enfòmatif byen kout pou yo mete sou fòm kontrake epi vin li l devan klas la. Li fè yon rapèl sou kontraksyon an jeneral. | Elèv yo suiv esplikasyon pwofesè a pandan y ap note sa ki nesesè sou wòl kontraksyon nan kominikasyon oral. Yo poze kesyon pou yo pi byen konprann. Chak gwoup mete eleman ki ka kontrakte nan tèks ki nan men yo a sou fòm kout. Yo li travay la si pwofesè a chwazi gwoup yo a. Yo byen suiv dènye rapèl pwofesè a fè sou wòl kontraksyon. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Ekri yon tèks enfòmatif ki gen kèk kontraksyon ki nesesè. Li pa dwe genyen tout kontraksyon nou te ka fè lè n ap pale sèlman.
Li yon tèks enfòmatif ki genyen plizyè kontraksyon ki akseptab nan kominikasyon oral.
Trace écrite pour l’élève / Tras ekri pou elèv la
Kontraksyon :
Kontraksyon oubyen « fòm kout » se yon fenomèn nan langaj pale kote yon mo pèdi youn oubyen plizyè nan son li yo. Li vin pwononse yon fason ki pi kout pandan li kenbe menm sans li te genyen avan an. Kontraksyon an fè pati divès eleman ki konsène ekonomi moun fè lè y ap pale se sa ki fè li pa bon pou nou fè li lè n ap ekri si sa pa vrèman nesesè.
Kòman kontraksyon fèt :
Nou sot siyale pi wo a se sitou lè n ap pale nou ka fè kontraksyon. Men, si nou dwe fè kontraksyon lè n ap ekri, gen kèk prensip ki enpòtan pou nou respekte :
I – Mo ki kontrakte a pa dwe kole ni ak mo ki vini avan li ni ak sa ki vini aprè li.
Egzanp : Men yon fraz : Mwen pa ap janm sispann lite pou mwen kapab reyisi. Si n ap mete fraz sa a sou fòm kontrakte, nou pa dwe ekri li fason ki vin apre a : M pap janm sispann lite poum ka reyisi. Men nou dwe ekri li suivan prensip nou sot wè a, konsa : M p ap janm sispann lite pou m ka reyisi.
II – Yo pa sèvi ak apostwòf ni nan kòmansman ni nan fen mo ki kontrakte a, se sèlman espas la ki sèvi pou separe mo yo. Anfèt, pa gen apostwòf (‘) nan kreyòl ayisyen an.
Egzanp : Nou pa dwe ekri fòm kontrakte ki vin apre a konsa : M’ p’ap janm sispann lite pou’m ka reyisi. Nou dwe respekte prensip la lè nou ekri li konsa : M p ap janm sispann lite pou m ka reyisi.
Kèk eleman leksikal ki kontrakte :
Nou rele eleman leksikal yon mo nou jwen nan antre diksyonè lang nan. Pami eleman sa yo nou jwenn adjektif kalifikatif, vèb, non yo…
Men kèk eleman leksikal ki kontrakte ak fason kontraksyon an fèt:
Genyen --- Gen Vini --- Vin Fini --- Fin Soti --- Sot Pote --- Pot Konnen --- Konn Gade --- Gad Met --- Met Ale --- Al Rete --- Ret Bay --- Ba Kapab --- Ka/kab Prale --- Pral Wete --- Wet
Egzanp: M vin sot pot kòb la ba l talè a.
Kèk eleman gramatikal ki kontrakte:
Yon eleman gramatikal se yon mo nou jwenn nan gramè a. Se sèlman gramè a ki pèmèt nou konnen wòl mo sa a nan lang nan. Pami eleman sa yo nou jwenn divès detèminan yo, konjonksyon yo, pwonon yo, prepozisyon yo…
Men kèk eleman gramatikal ki kontrakte ak fason kontraksyon an fèt :
Mwen --- M Nou --- N Te --- T Mwen an --- m nan
Ou -------- W Yo ----- Y Pa --- P ou a --------- w la
Li ---------- L Ki ------ K Te ap --- T ap li a ---------- l la …
Egzanp: N ap manje kounye a, men talè a n t ap travay.
Lè eleman gramatikal yo ka kontrakte :
Tout eleman gramatikal nou site pi wo yo kapab kontrakte sitou lè gen yon vwayèl ki vin aprè yo nan mitan fraz la. Se sèl eleman ‘mwen’ an ki kontrakte nenpòt kote menmsi li pa gen okenn vwayèl ki plase aprè li, sof lè li plase nan fen fraz la li pa ka kontrakte.
Évaluation et régulation / Evalyasyon ak regilasyon
Ekri fraz pi ba yo sou fòm kontrakte depi sa posib :
a) Mwen vini soti gade atis ki te ap chante nan fèt Janklod la.
b) Pote liv la prete mwen.
c) An nou ale gade yon bèl fim nan sinema a.
d) Li mete liv yo nan plas yo.
e) Yo achte tout sa li te pote pou vann yo.
f) Li te fè devwa kreyòl la
g) Nou antre nan jaden papa mwen an san li pa te bay nou pèmisyon.
h) Ou ap fè dezòd se sa ki fè mwen fache kont ou.
Ekri fòm kout eleman gramatikal sa yo :
a) Pa mwen an ------------------------------ Pa mwen yo -------------------------------------------
b) Pa ou a ------------------------------------- Pa ou yo ------------------------------------------------
c) Pa li a --------------------------------------- Pali yo ---------------------------------------------------
d) Pa nou an ---------------------------------- Pa nou yo ----------------------------------------------
e) Pa yo a ------------------------------------- Pa yo ----------------------------------------------------
Ekri yon tèks enfòmatif ki gen twa paragraf pou esplike yon fè ki pase jodi a nan lekòl la. Dwe gen kèk fraz ki kontrakte paske sa nesesè. Evite kontraksyon ki pa enpòtan yo nan tèks la.
Byen li tèks ou ekri a an silans. Lè pwofesè a chwazi w, vin li l pou klas la yon fason ki respekte teknik pou li klè, nan yon volim vwa k ap pèmèt tout moun byen tande. Respekte prensip varyasyon nan ton vwa a pandan w ap fè kontraksyon kote sa nesesè.
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Aprè koreksyon evalyasyon an, anseyan an idantifye tout elèv ki nan nivo ki pa devlope ditou oswa ki devlope yon tikras pou sa ki gen rapò ak kontraksyon. Li poze yo kèk kesyon ki byen senp e ki klè tankou :
Kisa kontraksyon vle di daprè ou menm ?
Kisa yon eleman leksikal ye?
Kisa ki yon eleman gramatikal?
Ki wòl kontraksyon lè mou nap pale ak lè y ap ekri?
Kèlkeswa repons elèv la bay, pwofesè a dwe esplike chak eleman ki gen rapò ak kesyon sa yo. Li dwe asire l elèv yo byen konprann fwa sa a.
Anseyan dwe bay kèk lòt esplikasyon byen senp sou tras ekri a. Apre sa, li dwe poze elèv ki pa byen konprann yo kèk kesyon sou eleman sa yo.
Bay elèv ki nan kategori sa a de (2) ou twa (3) lòt egzèsis sou kontraksyon eleman leksikal ak eleman gramatikal yo. Yon fason pou yo ka plis abitye ak eleman ki ka kontrakte yo ak sa ki pa kapab yo.
Pwopoze yo yon tèm ou pa t deja travay sou li pou yo ekri yon tèks enfòmatif ki gen kèk kontraksyon nesesè. Esplike yo ki lè yon moun dwe fè kontraksyon. Fè kèk rapèl sou ki eleman ki ka kontrakte, kì jan ak ki lè sa dwe fèt.
Séance/Seyans 5 : Ekriti ak ekspoze atik nan laprès⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps/Tan 1 Rapèl ak prezantasyon | 10 minit ou mwens | Anseyan an fè yon rapèl sou kisa kontraksyon an ye, ki wòl li nan kominikasyon oral ak divès kalite eleman ki ka kontrakte. Ansuit, li sèvi ak tras ekri ki nan seyans 1 an pou fè yon rapèl sou rechèch, klasman ak ekriti yon atik. | Elèv yo suiv epi yo note sa ki nesesè. Yo kapab poze pwofesè a kèk kesyon sou sa yo panse ki enpòtan pou yo ka rive konprann fason pou yo ekri yon atik nan laprès epi prezante yon ekspoze sou li. |
Temps/Tan 2 Lekti ak dekouvèt | 10 minit ou mwens | Anseyan an ranje klas la an plizyè gwoup. Li bay chak gwoup menm ekstrè tèks fokal la. Li poze yo kesyon sou kilè tèks la ekri, sou kisa enfòmasyon an chita, konsènan kiyès yo pale, kisa ki te rive e ki lè, nan ki lòd ide yo ye… | Chak gwoup elèv travay sou ekstrè tèks la. Yo byen li l epi yo reponn kesyon pwofesè a te poze yo sou yon fèy kaye. Kou lè a rive, yon elèv nan gwoup la li repons la devan klas la lè pwofesè a chwazi gwoup li a. |
Temps/Tan 3 Travay pratik | 20 minit ou mwens | Anseyan an esplike elèv yo fason pou yo prepare epi prezante yon ekspoze (salitasyon lizaj, mete li nan kontèks li, preparasyon plan, klasman ide yo suivan enpòtans yo, pawòl konklizyon…). Li mande elèv yo prepare yon ekspoze sou yon aktivite ki fèt swa nan lekòl la, nan yon sant kiltirèl, yon asosyasyon jèn… Enfòmasyon yo dwe endike kilès, kisa, ki kote, ki lè evènman an te rive e li dwe itil piblik yo sible a. | Chak gwoup dekouvri ki tèm li jwenn nan moso papye a. Li reflechi sou tèm nan. Chak elèv bay pwennvi pa li epi yo dakò sou ide yo pral devlope nan ekspoze a. Yo fè yon plan pou ide yo ka koyeran epi respekte lòd lojik yo suivan chema piramid tèt anba a. Yo ekri ekspoze a jan yo te aprann li dwe fèt la. Yo korije tout fot gramè, òtograf, prezantasyon… epi yon elèv nan gwoup la ekri tèks la sou yon fèy pwòp. |
Temps/Tan 4 Ekspoze ak rapèl | 15 minit ou mwens | Anseyan an mande chak gwoup vin prezante ekspoze sou atik li te ekri a youn apre lòt (anviwon 2 a 3 minit pou chak gwoup). Li fè yon rapèl sou divès eleman ki karakterize yon atik nan laprès ak fason pou yo prepare yon ekspoze. | Chak gwoup prezante ekspoze sou tèm yo travay la devan klas la youn apre lòt. Ansuit, elèv yo suiv avèk atansyon rapèl pwofesè a ap fè konsènan eleman ki karakterize yon atik nan laprès ak fason pou yo prepare epi prezante yon ekspoze. Yo notè sa ki enpòtan yo pa t gen tan pran yo. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Ou se pòtpawòl yon Asosyasyon kiltirèl jèn. Ekri yon atik nan laprès ki prezante enfòmasyon sou kisa asosyasyon sa a ye, nan ki domèn li vize akonpaye jèn yo, kilè li te kreye, ki kote li sitye, nan ki bi li te kreye, kòman yon jèn ka vin fè pati asosyasyon an, ki avantaj l ap jwenn… Fòk atik la prezante logo asosyasyon an, yon tit, yon foto ki koresponn ak ide kle ou pral devlope, ansuit kontni an dwe egzat, koyeran e li ekri nan yon nivo langaj kouran pou piblik la ka byen pwofite enfòmasyon w bay yo.
Ou se prezidan klas 8èm ane a, prepare epi prezante yon ekspoze pou bay kèk enfòmasyon sou yon kokenchenn konkou òtograf klas la ap òganize nan fen katriyèm peryòd la. Enfòmasyon yo dwe pèmèt tout moun ki enterese yo konnen : Kiyès k ap òganize konkou a, ki kote l ap fèt, kiyès ki ka patisipe, kèk prensip patisipan yo dwe respekte, ki prim ki rezève pou premye, dezyèm twazyèm ak katriyèm loreya konkou a, elatriye. Li dwe respekte divès karakteristik yon bon enfòmasyon genyen ak fason yon ekspoze dwe prezante.
Trace écrite pour l’élève / Tras ekri pou elèv la
Preparasyon ak prezantasyon yon ekspoze
Pou prepare yon ekspoze, nou dwe byen metrize tèm nou pral enfòme entèlokitè yo sou li a. Sa ap pèmèt nou chèchè, rasanble, triye ide nou pral prezante yo. N ap an mezi pou nou byen fè plan an.
Li enpòtan pou nou prezante salitasyon lizaj yo lè nou fèk kòmanse. Ansuit, nou mete evènman an nan kontèks li pou nou entwodui. Ide yo dwe egzat, sa k ap mande pou nou fè bon jan rechèch sou enfòmasyon nou pral bay piblik la.
Plan an dwe byen prepare suivan lòd enpòtans enfòmasyon nou pral bay yo. Byen analize plan pou nou wè si anchènman ide yo kòrèk ak si gen yon pwen ki enpòtan nou bliye mete… Byen devlope ide yo suivan plan an sou fèy bwouyon. Korije ide yo, fraz yo lè sa nesesè.
Anfen, prepare yon bon konklizyon ki gen yon rapèl sou ide ki sot devlope yo epi remèsiman piblik la. Lè w fin fè tout travay sa yo sou bwouyon, ou kapab mete yo sou fèy pwòp si pa gen okenn lòt fot pou korije.
Nan prezantasyon ekspoze a, ou dwe jere tout malèz, estrès ki ta vle parèt nan vwa w, oswa ki ka fè w tranble devan piblik la. Pou sa, w ap bezwen respire bon kou lè, fè kèk bon egzèsis pwononsyasyon ak memorizasyon premye fraz yo anvan w kòmanse prezantasyon an. Ou dwe gen yon entonasyon ki montre se nan yon konvèsasyon w ye ak piblik la. Ou dwe kal.
Kominike pou laprès
Kominike pou laprès la se yon zouti pou transmèt enfòmasyon ki gen yon fòm dokiman tou kout. Li sèvi pou enfòme jounalis yo sou yon aktyalite oswa yon evènman ki gen pou wè ak lavi yon antrepriz, yon enstitisyon, yon gwoup, yon mak (pou lanse yon pwodui, pou avèti antre an fonksyon nan yon responsablite, yon anivèsè, pou enfòme laprès sou yon akò ak yon lòt sosyete, elatriye). Li pèmèt enstitisyon konsène a jwenn yon kouvèti laprès ki pi laj posib epi ki gratis. Li pèmèt plis moun posib jwenn enfòmasyon sou fè a, evènman an, enstitisyon an oubyen mak la…
Konferans pou laprès
Yon konferans pou laprès se yon evènman kote politisyen, pati politik, òganizasyon, antrepriz, elatriye envite plizyè medya pou yo vin tande yon deklarasyon, poze youn ou plizyè entèvenan kesyon an dirèk epi transmèt yo yon dosye ak/ou yon kominike pou laprès.
Pou òganize yon evènman konsa, sa mande anpil preparasyon enpòtan (idantifikasyon envite yo, preparasyon kontni an, jesyon envite yo), atache nan laprès ak/ou yon ajans kominikasyon ki travay espesyalman nan relasyon ak laprès pran evènman sa a an chaj.
Enpòtans konferans pou laprès la :
Konferans pou laprès la se yon zouti enpòtan pou atire atansyon medya yo, grasa zouti sa a responsab kanpay ak pwomosyon yo prezante bay medya yo sijè ki enterese yo. Konsa, mesaj la jwenn yon kouvèti ki pi laj nan medya yo.
Évaluation et régulation / Evalyasyon ak regilasyon
Sèvi ak tèks fokal ki nan anèks la pou reponn kesyon piba yo :
a) Idantifye kiyès ki emetè a.
b) Ki kote ak ki lè kominike pou laprès la soti?
c) Ki enfòmasyon ki pi enpòtan nan tèks la ?
d) Ki enfòmasyon ki pa twò enpòtan ?
e) Kòman otè a prezante konklizyon an?
f) Èske w remake chema pyramid tèt anba a respekte nan tèks la?
Ou se responsab enfòmasyon nan yon koperativ pou transpò. Ekri yon atik nan laprès pou enfòme piblik la sou yon nouvo sèvis enstitisyon an pral ofri nan kèk jou ankò. Enfòmasyon yo dwe presize non koperativ la, ki kote li sitye, ki nouvo sèvis li pral ofri a, kilè sa ap fèt, kijan yon moun ka benefisye li, ki kote li vize, elatriye.
Prezante yon ekspoze devan klas la sou atik ou te ekri pou prezante nouvo sèvis koperativ transpòa. Ton vwa w dwe montre se konvèse w ap konvèse ak piblik la. Ou dwe pale avèk asirans ak klate, yon fason pou konvenk entèlokitè yo.
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Aprè koreksyon evalyasyon an, anseyan idantifye elèv ki pa rive nan yon nivo akseptab, sa vle di konpetans la pa twò devlope oswa li pa devlope menm. Nan ka sa a, li dwe gwoupe elèv sa yo pou li fè kèk lòt aktivite apa pou yo :
a) Esplike yon lòt fwa ankò kisa ki karakterize yon atik nan laprès. Sèvi avèk tras ekri a pou poze yo kèk lòt kesyon konesans ak konpreyansyon sa ki enpòtan nan yon atik nan laprès (tit, logo enstitisyon an, foto ki koresponn ak ide ki nan atik la, kiyès, kisa, ki kote, kil è, kòman…).
b) Chwazi atik Yon aksidan sou wout Kenskòf ki nan anèks la oswa yon atik jounal ou pran sou entènèt. Mande chak elèv nan gwoup la pou li idantifye non enstitisyon oswa moun ki bay enfòmasyon an (ekspeditè a), ki kote li ekri, ki lè ak ki ide esansyèl otè a vle fè pase a. Èske ide yo koyeran, elatriye.
Montre elèv yo divès eleman enpòtan ki dwe genyen nan yon ekspoze ak yon atik nan laprès. Mete yo alèz pou yo mande esplikasyon, poze kesyon pou yo ka pi byen konprann. Anfen, bay chak elèv nan gwoup la yon sijè (sou yon aktivite klas la te fè, yon evènman lekòl la pral òganize, yon lye espesyal klas la te vizite…) pou li ekri yon atik nan laprès sou li. Ansuit, pou li prezante ekspoze a devan klas la.
Séance/Seyans 6 : Preparasyon ak reyalizasyon yon mini pwojè⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Tras ekri pou elèv yo ki nan seyans 1 ak seyans 5
Mayetofòn oswa telefòn ki ka anrejistre yon ankèt
Òdinatè ak enprimant
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps/Tan 1 Esplikasyon | 20 minit ou mwens | Anseyan prezante elèv yo yon pwojè kote twazyèm sik fondamantal la pral ekri yon jounal k ap soti chak trimès. Li esplike yo divès eleman ki gen nan yon jounal peryodik tankou : Non jounal la, Nimewo, dat li parèt, atik yo, piblisite, paj yo… Li pale yo sou atik y ap gen pou yo ekri nan jounal la pou trimès sa a. | Elèv yo suiv esplikasyon anseyan an epi yo poze li kesyon ki nesesè pou yo ka byen konprann divès eleman ki konpoze yon jounal peryodik. Yo mande pwofesè a enfòmasyon konsènan ribrik yo gen pou yo travay pou reyalize yon atik pou trimès la. |
Temps/Tan 2 Travay an atelye | 25 minit ou mwens | Anseyan an òganize klas la an kat gwoup. Aprè li fin esplike yo byen sou ki ribrik y ap ekri atik la (Kilti, espò, fè divè, visit yo te fè nan Akademi Kreyòl la oubyen yon lòt aktivite yo te reyalize…), li bay chak gwoup tach pa yo: menen ankèt, triye enfòmasyon, jwenn imaj ki koresponn ak tèm nan, òganize epi ekri atik la. | Elèv yo suiv esplikasyon pwofesè a bay sou ribrik klas la chwazi a. Chak gwoup byen konprann ki travay li pral fè nan reyalizasyon mini pwojè sa a. Yo byen òganize epi planifye travay chak elèv ap gen pou li fè nan gwoup li ye a. |
Temps/Tan 3 Lòt konsiy | 10 minit ou mwens | Anseyan an bay konsiy sou dat limit pou ankèt la fini, ki lè pou yo fin triye, trete, klase enfòmasyon yo, ki gwoup k ap gen pou li fè travay final la e ki lè li dwe fè pwofesè a jwenn li pou li kapab bay responsab jounal la atik klas 8èm Ane a ekri a. | Chak gwoup dwe fè efò pou li respekte konsiy ki gen rapò ak patisipasyon pa li nan reyalizasyon atik jounal sa a ki pral sòti nan jounal Twazyèm Sik la pou trimès la. Elèv yo dwe respekte dat limit yo genyen pou yo renmèt yon travay kòrèk, san fot, ki respekte règ ekriti atik jounal yo. |
Temps/Tan 4 Dènye rapèl | 5 minit ou mwens | Anseyan an fè sentèz divès eleman ki dwe genyen nan yon jounal ak yon atik nan laprès. Li ka chwazi yon atik nan jounal Bon Nouvèl oswa yon lòt jounal pou elèv yo ka pi byen konprann travay yo pral reyalize a. | Elèv yo suiv esplikasyon anseyan an, yo verifye tras ekri yo. Yo obsève fason jounal pwofèsè a ba yo kòm modèl la prezante, kòman ribrik yo ak atik yo prezante. Yo pa dwe ezite poze kesyon pou yo jwenn lòt esplikasyon nesesè. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Chak gwoup ap ekri yon atik jounal sou yon ribrik klas la chwazi (kilti, espò, vizit…) epi prezante li devan klas la lè mini pwojè a fin reyalize.
Trace écrite pour l’élève / Tras ekri pou elèv la
Jounal peryodik
Se yon revi ki parèt regilyèman suivan yon peryòd (yon semèn, de semèn… yon mwa, de mwa, twa mwa…). Li gen plizyè ribrik (espò, politik, sosyete, ekonomi…). Chak atik prezante enfòmasyon yo yon fason klè nan yon rejis lang ki pèmèt lektè yo byen pwofite enfòmasyon an.
Prezantasyon
Sou premye paj jounal la, nou jwenn non li, nimewo li, logo jounal la ak pi gwo tit ki domine aktyalite a, dat li parèt la. Chak lòt paj gen yon antèt ki prezante non jounal la, logo a, nimewo ak paj la. Epi anba, nou jwenn ribrik yo. Kapab gen youn ou de atik pou chak ribrik.
Atik jounal yo
Chak atik nan jounal la parèt anba yon ribrik ki koresponn avèk li. Tousuit aprè ribrik la, nou jwenn grantit atik la ak yon imaj ou foto ki gen rapò ak enfòmasyon li prezante a. Ansuit, nou jwenn chapo esplikatif la ki se yon avangou byen kout sou kèk enfòmasyon lektè yo pral jwenn nan atik la (kiyès, kisa, ki kote, ki lè…). Gran tit la, chapo esplikatif la ak foto a se sikui kout tout atik jounal.
Genyen yon sikui long: se devlopman atik la pwen pa pwen kote otè a bay enfòmasyon yo an detay. Li ka genyen plizyè soutit selon kantite enfòmasyon otè a vle pataje ak lektè li yo. Jan nou te aprann sa nan seyans 1 ak seyans 5 la, dwe gen ankèt ki mennen sou kiyès, kisa, ki kote, ki lè, kòman, poukisa… yon fason pou enfòmasyon yo ka egzat. Ide yo dwe devlope yon fason lojik, koyeran, klè suivan chema pyramid tèt anba a.
Otè a dwe metrize règ gramè ak òtograf lang nan. Tèks la dwe ekri nan yon nivo lang kouran yon fason pou tout entèlokitè yo ka resevwa enfòmasyon an san blokaj. Fraz yo pa dwe twò konplike ni twò long. Otè a dwe byen chwazi figi estil ak egzanp k ap pèmèt kominikasyon an pase pi klè.
Otè a dwe siyen nan fen atik la (non, siyati, imèl li ak dat li ekri atik la).
Annexes⚓
1 - Kominike pou laprès
Pòtoprens, Ayiti 19 dawout 2021.-
Fondasyon Konesans ak Libète (Fondation Connaissance et Liberté), FOKAL, vle eksprime rekonesans li pou gwo vag solidarite aprè katastwòf tranblemanntè mayitid 7.2 ki te frape Gran Sid peyi Dayiti nan dat 14 dawout 2021 an, plis gwo lapli ki te vin ap tonbe touswit aprè, pandan pasaj tanpèt twopikal Grace la.
FOKAL rekonèt jefò Ayisyen ki nan peyi a, tankou sa k nan dyaspora a, ap fè nan tèt ansanm pou òganize èd la, pou lanse apèl solidarite epi kolekte lajan, pandan yo byen sonje leson nou aprann de dezas imanitè ki pase deja yo. Travay sa jwenn sipò kèk òganizasyon entènasyonal, asosiyasyon rejyonal, kòporasyon, gwo biznis tankou ti biznis, ak moun ki vle soutni jefò k ap fèt nan lide pou soulaje popilasyon an fas ak konsekans tranblemanntè a ak tanpèt twopikal ki te pase aprè l la.
FOKAL te lanse, yon jou aprè katastwòf la, yon kanpay pou kolekte lajan, atravè Ayiti Demen, yon estrikti ki la pou kolekte lajan pou FOKAL nan peyi Etazini. Pou kounye a, FOKAL gentan kolekte plis pase sanswasanndimil (170 000) dola ameriken, ki pral jwenn òganizasyon lokal yo.
Pou n pi klè, lajan ki kolekte yo pral jwenn anviwon yon ventèn asosiyasyon peyizan, òganizasyon fanm ak ti antrepriz sosyal, non sèlman yo se premye aktè sou teren an nan jan de sikonstans sa yo, men tou yo se pi bon ajan pou ranfòse rezo ak sikwi lokal yo, pran swen kominote yo epi detèmine yon pledwaye lokal ak yon estrateji pou rekanpe ekonomi an.
Aktyèlman, FOKAL ap idantifye ansanm ak òganizasyon sa yo ki nan zòn ki touche yo e ki se patnè l depi yon bon bout tan, kisa yo bezwen egzakteman pou l ka pote yon sipò finansye prese prese pou yo. FOKAL ap prezante tou nan yon tan ki pa twò long, tout enfòmasyon ki nesesè sou kontèks la, ak yon estimasyon sou dega ak pèt tranblemanntè a koze yo.
Nan yon dezyèm tan, FOKAL pral pote yon asistans bay òganizasyon sa yo, yon fason pou ede yo relanse aktivite yo jan sa te ye anvan, epi rejwenn kapasite pou yo rekòmanse pwodwi.
Yon lòt kote, FOKAL pral mennen yon pledwaye pou aktè sa yo ka rive jwenn lòt sèvis, espesyalman nan sa k gen pou wè ak trètman dlo.
Fondasyon Konesans ak Libète, ki kreye nan lane 1995, se yon fondasyon nasyonal ayisyen ki gen rekonesans nasyonal ak entènasyonal epi ki jwenn sipò Open Society Foundations, yon rezo mondyal fondasyon ak inisyativ. Fondasyon an sipòte kominote lokal yo ak òganizasyon sosyete sivil la nan tout peyi a nan plizyè sektè aktivite, tankou edikasyon, atizay ak kilti, devlòpman dirab.
Aprè pasaj siklòn Matthew an 2016, FOKAL te rive pote sipò l byen rapid bay ti peyizan yo, trè souvan yo majinalize, pwodiktè kakawo yo, pwodwi letye yo ak ti antrepriz agrikòl yo.
Pou plis enfòmasyon ak mizajou sou sa n ap fè : https://ademen.org/fokal-haiti-relief-fund/
2 – Tèks enfòmatif – Fè divè
Li tire nan liv Kou kreyòl 8èm Ane Fondamantal, Georges TOUSSAINT