Brève présentation/Prezantasyon tou kout :
Sekans sa a se pou 8e ane fondamantal. Nosyon ki dwe prezante ladan l koresponn ak 4e peryòd nan ane eskolè a. Li fèt sou 2 inite aprantisaj k ap divize an 6 seyans kote chak seyans ap dire 2 zè. Nan seyans sa yo, y ap etidye tout sa ki gen rapò ak diskou agimantif (esè, woman ak tèz, fab, kont agimantif, sekans agimantif nan yon woman elt). Chak sekans yo ap dire minimòn 2 zè. Pou chak sekans sa yo ap gen plizyè aktivite pedagojik k ap sèvi pou devlope konpetans ki vize yo. Seri aktivite sa yo ap mete aksan sou tou de(2) aspè lang lan : oral epi ekri. Konsa elèv yo ap kapab analize epi pwodui tout kalite diskou agimantatif. An menm tan travay analiz ak pwodiksyon divès kalite diskou agimantaif yo, elèv yo ap devlope tou konpetans sou gramè, vokabilè ak òtograf lang kreyòl la, nan sekans sa a.
Tolerans ak viv ansanm⚓
Présentation de la séquence et documents à télécharger⚓
Compétence(s) ciblée(s) / Kapasite elèv yo dwe genyen
Nan fen etid la, elèv yo dwe kapab :
Prezante opinyon yo sou divès tèm ak valè inivèsèl yon fason klè epi konvenk lòt moun.
Li, Konprann epi entèprete yon tèks agimantif kote y ap ka idantifye agiman, lide, ak opinyon ki prezante nan tèks sa.
Pwodui divès kalite tèks agimantaif.
Metrize leksik, gramè ak òtograf lang kreyòl.
Savoirs, savoir-faire, savoir-être/attitudes à acquérir / Konesans, kapasite, adaptasyon /atitid
Distenge divès tip diskou.
Konnen karakteristik diskou agimantatif yo.
Analize divès eleman ki karakterize yon agimantasyon.
Etidye yon sekans agimantatif nan yon èse, yon fab osinon nan yon ekstrè agimantatif yon woman.
Metrize règ gramatikal ak òtograf lang kreyòl la.
Defann yon pozisyon nan yon deba.
Pwodui yon tèks agimantatif, gras ak konpetans yo devlope nan kad etid nosyon teyorik yo, pou konbat osinon defann yon lide, yon opinyon.
Prérequis / Nivo elèv yo dwe genyen
Konpetans ki vize nan sekans sa a ap rive devlople avèk èd kèk konpetans elèv yo deja genyen sou nosyon yo te abòde nan 7e ane fondamantal ak nan premye, dezyèm epi twazyèm peryòd la ki koresponn ak premye jiska sizyèm inite apransitaj yo. Konsa elèv yo dwe mobilize konesans yo te genyen sou : Alfabè kreyòl ayisyen, sou fòmasyon mo yo, etid tip ak fòm fraz yo, etid adjektif yo…, sou elaborasyon yon paragraf, sou diferan nivo langaj yo (familye, kouran, soutni), konnen karakteristik tèks naratif ak enfòmatif, deskritif pou yo ka diferansye yo ak tèks agimantatif. Elèv yo dwe kapab rezime yon tèks. Yo dwe kapab byen sèvi ak siy ponktiyasyon yo konsa si yo ta ba yo yon tèks yo mande yo ponktye tèks sa a yo dwe kapab fè sa. Yo dwe konnen konektè lojik yo pou yo kapab mete koyerans ak koyezyon nan diskou y ap gen pou pwodui menmsi y ap gen pou apwofondi sou itilizayon konektè lojik yo nan sekans sa a.
Stratégie d’enseignement-apprentissage / Metòd ak estrateji aprantisaj
Pwofesè a dwe varye aktivite pedagojik yo pou l kapab mete plis anbyans nan kou a. Konsa li dwe limite tan l ap pran pou ekspoze majistral yo. Anvan menm li fè ekspoze pou l eksplike elèv yo kisa ki yon tèks agimantatif, l ap pwopoze yon tèks agimantatif epi mande yo idantifye diferan karakteristik tèks sa. Pou l fini, l ap fè yon ekspoze pandan 20 ak 30 minit pou l kapab sentetize diferan karakteristik diskou agimantatif la pou elèv yo. Anplis manyèl elèv yo ap itilize nan kad kou a, Pwofesè a ap pwopoze yo kèk ouvraj ak sit entènèt pou yo fè rechèch pou yo kapab ogmante konesans sou diskou agimantatif la. Pou travay sa a pi byen fèt, anseyan ap sèvi ak plizyè tip sipò : esktrè tèks, sipò odyo (li kapab pran ekstrè nan kèk pledwari) ak videyo konsa elèv yo ap kapab non sèlman li men tou tande diskou agimantatif epi gade videyo tou. Apre travay teyorik yo, elèv yo dwe kapab pran pozisyon nan yon deba epi defann pwòp lide pa yo.
Découpage en séances / Dekoupaj an seyans
Séance / Seyans (Titre et durée / Tit,Dire) | Thème, place dans la séquence et très brève description / Tèm, plas li nan sekans la ak yon ti deskripsyon sou li |
séance 1 / seyans 1 Definisyon ak karakteristik diskou agimantatif/etid sibòdone yo (2 zé) | Seyans sa a ap pèmèt elèv yo idantifye eleman ki karakterize tip diskou sa (Tèz, agiman, egzanp, konektè lojik…). Anseyan an ap pwopoze elèv yo yon ekstrè agimantaif li pran nan yon woman ak tèz osinon yon lòt fòm diskou agimantatif, l ap mande yo idantifye tematik otè a ap trete, pozisyon li sou tematik sa, agiman ak egzanp li itilize pou l kapab defann pozisyon li a. l ap komanse ak etid sibòdone yo (relativ, konpletiv, sikonstansyèl). |
séance 2 / seyans 2 Definisyon ak karakteristik diskou agimantatif/etidsibòdone yo(suit) (2 zé) | Nan seyans sa, elèv yo ap apwofondi sou eleman ki karakterize diskou agimantatif la (Tèz, agiman, egzanp, konektè lojik, oganizasyon tip diskou sa a…) / ansuit l ap finalize etid sibòdone yo. |
séance 3 / seyans 3 Etid yon ekstrè agimantatif (2 zé) | Nan seyans sa a, elèv yo ap fè konesans ak kèk fòm diskou agimantatif tankou piblisite, esè osinon yon ekstrè agimantatif nan yon woman oubyen yon pyès teyat. Men pwofesè a ap ap chwazi yon ekstrè nan youn nan fòm diskou agimantatif sa yo pou l analize ak elèv yo. Apre travay analiz la, anseyan kapab mande yo pwodui tèks agimantatif sou youn nan tèm sa yo : edikasyon pou tout moun, degradasyon anviwònman an, katastwòf natirèl yo ak pwopozisyon divès solisyon pou rezoud pwoblèm sa yo. |
séance 4 / seyans 4 Pwodiksyon oral/etid kontraksyon ak asimilasyon (2 zé) | Anseyan an ap pwopoze elèv yo divès tèm tankou onètete, demokrasi, tolerans, viv anssanm epi mande yo fè deba sou tèm sa yo, pou byen planifye travay la, li kapab delimite kèk sijè ki soti nan tèm sa yo. Apre deba a, l ap antre nan etid kontraksyon ak asimilasyon an. l ap defini ak yo kontraksyon epi wè kòman yo fè kontraksyon nan kreyòl ayisyen an. Pou asimilasyon an, apre definisyon nosyon an, l ap fè diferans ant asimilasyon entèn ak akstèn ; pwogresif ak regresif epi l ap bay egzanp pou chak tip asimilasyon sa yo. L ap mande elèv yo travay sou nosyon sa yo nan manyèl yo osinon nan lòt dokiman l ap pwopoze yo. |
séance 5 / seyans 5 Leksik – Gramè – ak òtograf (2 zé) | Seyans sa a, ap divize an de(2) tan : nan yon premye tan y ap etidye relasyon ant mo yo (sinonimi, omonimi, pawonimi, antonimi) epi nan yon dezyèm tan y ap etidye sans mo yo : denotasyon, konotasyon, polisemi. |
séance 6 / seyans 6 Leksik – Gramè – ak òtograf (2 zé) | Nan seyans sa, nan yon premye tan, y ap etidye, pou pati gramè a, vèb (Vèb tranzitif yo (dirèk, endirèk) ak vèb entranzitif yo epi vèb seryèl yo. Nan yon dezyèm tan, pou leksik ak vokabilè, y ap etidye figi estil yo. |
Support et matériel / Sipò
Mèt Lawouze Douvanjou / Gouverneur de la Rosée, Jacques ROUMAIN, Tradiksyon Clotaire SAINT-NATUS, ed. Henry Deschamps, Ayiti 2007 (ekstrè agimantatif) ;
https://www.youtube.com/watch?v=-kbB7IcIVRM (Pèlen Tèt, Franckétienne – Vèsyon odyo, Polidò ak Piram) ekstrè agimantatif) ;
Moso Chwazi Pawòl ki ekri an kreyòl Ayisyen / Anthologie de la littérature Créole Haïtienne, Jean-Claude BAJEUX, ed. Antilia, 1999 ;
Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, FEDEXY, Jockey Berde ;
Gramè kreyòl, 7e, 8e, 9e, Gerard-Marie Tardieu, 2013 ;
Chemen Konesans: Liv kreyòl 8e ane, Pierre Arnel Charles, 2019 ;
Kreyòl pale kreyòl ekri– 8e ak 9e Ane fondamantal, Wanda Pierre/Fleuanna Fleurival, 2021.
Modalités d’évaluation/Fason evalyasyon yo dwe fèt
Evaluation initiale (diagnostique) / Premye evalyasyon (dyagnostik) :
Evalyasyon dyagnostik la pèmèt yo gade nivo elèv yo anvan seyans yo kòmanse. Nan sans sa, pwofesè a dwe fè yon tès pou l gade nan ki nivo elèv yo ye, nan yon fason kote si yo gen kèk nosyon yo pa t byen asimile pou l kapab fè rapèl sou yo. Li kapab bay yon ti egzamen tou kout osinon li kapab fè sa a pandan prezantasyon elèv yo : li poze kèk kesyon k ap pèmèt li wè nan ki nivo yo ye.
Evaluation finale (bilan) et critères ou indicateurs de réussite / Evalyasyon final, ak kritè pou reyisi :
Kontrèman ak evalyasyon dyagnostik la, evalyasyon bilan an pèmèt anseyan gade nan fen seyans yo si elèv yo te asimile nosyon yo byen. Donk, li pèmèt anseyan gade eske elèv yo devlope konpetans li te vize yo. Evalyasyon sa a ap gade tout aspè nou abòde nan kou a. Konsa pou diskou agimantatif la, anseyan dwe gade eske elèv yo kapab idantifye yon tèks agimantatif epi diferansye l ak lòt tip tèks yo. Li dwe ba yo ekstrè fòm diskou (esè, fab) ki koresponn ak agimantatif pou yo analize. Elèv yo dwe kapab itantifye tout karakteristik yon fab epi idantifye diferan eleman ki karakterize yon sekans agimantatif. Pou pati vokabilè ak gramè a, pwofesè a ap poze kesyon sou nosyon li te obòde (konjonksyon kowòdinasyon/sibòdination ; vèb transzitif/vèb entranzitif, vèb seryèl, figigi retorik…) pou l verifye si elèv yo devlope tout bon vre konpetans li te vize yo.
Prolongements éventuels / Aktivite siplemantè
Pou divèsifye estrateji ansèyman yo epi fè elèv yo devlope plis enterè pou travay la, Pwofesè ap chwazi plizyè tèm ki gen rapò ak tematik inite aprantisaj la epi l ap divize klas la an plizyè gwoup epi gwoup yo ap fè deba sou tematik say o.
Pou ensite elèv yo pwodui, anseyan kapab pwopoze kèk sijè epi mande chak elèv, selon sansibilite, chwazi yon sijè pou l kapab pwodui yon fab, yon mini pyès teyat sou li.
Yon lòt kote, pwofesè a kapab mande elèv yo pwodui yon tèks sou egalite ant gason ak fanm, li kapab òganize deba ant elèv yo sou menm tèm sa.
Pou fini, Pwofesè kapab fè kèk travay pratik nan klas la. Li kapab voye elèv yo sou tablo pou ekri pwodui kèk fraz konplèks avèk kowòdinasyon epi sibòdinasyon. Li kapab mande elèv pwodui enonse pou chak figi estil li te abòde ak yo…
Différenciation et adaptation aux élèves à besoins éducatifs particuliers / Adaptasyon pou elèv ki gen de bezwen espesifik
Tout elèv yo pa gen menm kapital kiltirèl, yo pa soti nan menm anviwònman familyal sa ki fè klas yo pa janm fin omojèn nèt. Nan sans sa a, Pou kèk elèv ki gen kèk pwoblèm espesifik tankou sa ki gen andikap fizik osinon lòt pwoblèm, pwofesè a dwe ba yo yo atansyon espesyal men si ka a depase l, li dwe adrese l ak reponsab lekòl la.
Pou elèv ki gen yon pwoblèm patikilye (afektif, sosyal ou familyal), lekòl la dwe angaje kèk espesyalis tankou travayè sosyal osinon sikològ ki pou ede elèv sa yo sou plan sikolojik nan yon fason pou ede pwofesè jere ka sa yo pi byen.
Dèfwa gen kèk elèv ki konn neglije travay paske yo pa konn enterè sa y ap aprann nan. Pou eseye rezoud pwoblèm sa a, pwofesè a dwe non sèlman mete aktivite pou rann kou a pi atraktif men tou, li dwe montre elèv yo kòman ensèyman lang lan kapab itil yo nan lavi pratik yo. Li kapab, kòm egzanp, montre kòman metriz lang kapab ede yo defann lide yo pi byen, eksprime avèk plis fasilite epi sa a ap ede yo nan metye y ap gen pou aprann paske nenpòt metye w ap aprann nan w ap bezwen lang kòm zouti e amezi ou metrize lang lan pi pyen aprantisaj la ap pi fasil.
Mise au point pour l’enseignant / Konsèy pou anseyan an
Pwofesè a dwe divèsifye aktivite pedagojik (travay endividyèl, kolektif, an gwoup) li yo yon fason pou l rann ansèyman an pi atraktif. Li dwe tou mete yon klima nan klas la pou tout elèv yo kapab patisipe nan kou a paske patisipasyon tout elèv ap pèmèt kou a fèt pi byen epi l ap rive fè elèv yo devlope konpetans li vize a pi fasil.
Lekòl pa dwe rete sou plan teyorik sèlman. Konsa nan aktivite pedagojik l ap pwoze yo (travay an atelye, lekti tèks agimantatif, analliz kontni odyo ak videyo sou diskou agimantatif), Anseyan dwe mete aksan sou kèk pwoblèm (pwoblèm anviwònmantal, edikasyon, egalite fanm ak gason, dwa moun, demokrasi) sosyete a ap travèse. Li kapab fè elèv yo fè deba sou tèm tankou egalite fanm gason, respè dwa moun elt, lè l ap travay konpreyansyon oral, òganize pwosè fiktif elt.
Lekòl la gen pou objektif pou fòme yon sitwayen ki la pou sèvi peyi l. Konsa aktivite yo dwe pèmèt sans patriyotik elèv yo devlope. Nan sans sa a, nan sekans sa a, anseyan dwe pwopoze aktivite tankou pwodiksyon tèks sou angajman sitwayen, respè dwa moun, egalite fanm ak gason osinon òganize deba ant elèv yo sou tèm sa yo. Konsa tou, li kapab pwopoze yo pou pwodui pwòp zèv (egzanp yon pyès teyat kote y ap defann pwòp lide pa yo sou tèm sa yo : demokrasi, viv ansanm, tolerans…) pa yo sou tèm sa a aprè yo fin metrize nosyon teyorik yo.
Aktivite anseyan ap fè sou tèm ki gen rapò ak leksik, òtograf, vokabilè epi gramè yo dwe ede elèv yo metrize lang lan pi byen epi aprann yo pwodui ladan l konsa yo kapab vin devlope lanmou pou ekri nan lang lan sa ki ka fè yo vin tounen gwo ekriven sa k ap pèmèt gen plis pwodiksyon nan lang kreyòl la.
Séance / Seyans 1 aK 2 : Definisyon ak karakteristik diskou agimantatif/etid sibòdone yo⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, FEDEXY, Jockey Berde
Kreyòl pale kreyòl ekri– 8èm ak 9èm Ane fondamantal, Wanda Pierre/Fleuanna Fleurival, 2021
Chemen Konesans: Liv kreyòl 8e ane, Pierre Arnel Charles, 2019
Mèt Lawouze Douvanjou / Gouverneur de la Rosée, Jacques ROUMAIN, Tradiksyon Clotaire SAINT-NATUS, ed. Henry Deschamps, Ayiti 2007(ekstrè agimantatif)
Moso Chwazi Pawòl ki ekri an kreyòl Ayisyen / Anthologie de la littérature Créole Haïtienne, Jean-Claude BAJEUX, ed. Antilia, 1999
Gramè kreyòl, 7e, 8e, 9e, Gerard-Marie Tardieu, 2013
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps / Tan 1 Evalyasyon dyagnostik | 1 èdtan | Pou kòmanse kou a, Pwofesè a prepare yon tès pou l kapab wè nan ki nivo elèv yo ye osinon gade ki nivo konpetans yo genyen. Li poze yo kesyon sou gramè, òtograf, vokabilè ak leksik kreyòl la. Aprè sa, pou anseyan verifye kapasite elèv yo genyen sou kesyon agimantasyon li kapab mande yo pwodui yon tèks ki gen anviron 15 liy sou egalite fanm ak gason. | Tès la ap fèt selon prensip anseyan fikse. Eèv yo gen pou devwa respekte premsip sa yo. Aprè sa a, elèv yo ap kapab korije tès la sou tablo a avèk èd anseyan pou pèmèt yo kapab konble vid yo te genyen yo. |
Temps / Tan 2 Etid tèks agimantatif (konpreyansyon oral epi ekri) | 1 èdtan | Pwofesè ap distribye yon sekans agimantatif (li kapab chwazi ekstrè sa : Vyolans nan lekòl nou jwenn nan liv kreyòl pale kreyòl ekri, paj 23) bay elèv yo, l ap ba yo 10 –20 minit pou yo li epi byen konprann tèks sa. Aprè sa a l ap fè yo eksplike pou kisa esktrè sa se yon ekstrè agimantatif, mande yo idantiyde diferan eleman (tèz, agiman, egzanp…) nan agimantasyon an. | Pou travay la kapab fèt pi byen, selon kantite yo ye nan klas la, elèv yo ap rasanble an gwoup kat(4) moun pou idantifye diferan eleman (Pwofesè ap distribye yon sekans agimantatif (li kapab chwazi ekstrè sa : Vyolans nan lekòl nou jwenn nan liv kreyòl pale kreyòl ekri, paj 23) bay elèv yo, l ap ba yo 10 –20 minit pou yo li epi byen konprann tèks sa. Aprè sa a, l ap fè yo eksplike pou kisa esktrè sa se yon ekstrè agimantatif, mande yo idantiyde diferan eleman (tematik, tèz, agiman, egzanp…) nan esktrè a. |
Temps / Tan 3 Karakteteristik tèks agimantatif (suit)/ etid sibòdone yo | 1 èdtant | Anseyan pwopoze elèv yo yon dokiman ki genyen definisyon, karakarteristik epi òganizasyon tèks agimantif. Li dwe bay eksplikasyon sou eleman sa yo. Aprè aprantisaj nosyon teyorik sa yo, anseyan ap pwopoze yon ekstrè agimantatif nan yon woman epi mande yo eksplike pou kisa yo di ekstrè sa a se yon ekstrè agimamtatif. Apre sa a, l ap bay elèv yo yon lòt dokiman ki defini epi fè diferans ant diferan tip sibòdone (relativ, konpletiv, sikonstansyèe\l…) yo. | Gras ak dokiman anseyan an pwopoze osinon manyèl elèv yo genyen y ap aprann kisa yon tèks agimantatif ye, nan lekti dokiman sa yo, y ap kapab idantifye tout karakteristik yon diskou agimantatif. Elèv yo ap note nan kaye, kòm sentèz: definisyon: agiman, agimantasyon, egzanp. Ansuit l ap pwopoze yo yon lòt dokiman sou etid sibòdone yo: elèv yo ap li dokiman an epi idantifye karakteristik chak tip sibòdone yo konsa y ap kapab presize diferans ki genyen ant chak tip sibòdone sa yo |
Temps / Tan 4 Rapèl ak apwofondisman konpetans lan. | 1 èdtan | Nan seyans sa a pwofesè a ap prepare aktivite k ap pèmèt li verifye si elèv yo byen metrize nosyon teyorik yo. Li kapab pwopoze aktivite sa a an gwoup tankou pwopoze yo plizyè paragraf agimantatif epi mande yo idantifye tèz, agiman, ak egzanp pou chak agiman sa yo. | Elèv yo fòme gwoup yo, li paragraf yo epi idantifye tèz, agiman ak egzanp pou chak paragraf sa yo. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Aktivite an gwoup: Anseyan ap chwazi plizyè sijè ki gen rapò ak respè dwa moun epi egalite fanm ak gason epi l ap divize klas an an plizyè gwoup pou l mande chak gwoup pou yo ekri yon tèks agimantatif sou sijè yo te chwazi a. li kapab mande elèv yo fè deba nan klas sou menm sijè sa yo/ anseyan kapab òganize ak kèk pwosè fiktif tou ant elèv yo.
Anseyan an ap pwopoze plizyè tèm epi chak elèv ap chwazi yon tèm pou l kapab pwodui yon paragraf agimantif sou li, travay sa a dwe suiv tout prensip li te aprann sou fonksyònman tèks agimantatif la.
Trace écrite pour l’élève / Tras ekri pou elèv la
Diskou : Diskou se tout fòm kominikasyon oral osinon ekri. Tout diskou genyen yon entasyon kominikasyon. Se entansyon kominikasyon an k ap pèmèt yo idantifye tip diskou a savledi si li se yon diskou naratif, enfòmatif, enjonktik, eksplikatif osinon agimantatif. Kòman yo kapab defini yon diskou agimantatif ? Ki karaktistik tip diskou sa a ?
Diskou agimantatif : Yon diskou agimantatif se yon tip diskou kote entansyon kominikasyon an se defann osinon konbat yon lide (tèz, antitèz). Objektif diskou agimanatif la se montre byen fonde yon opinyon, konvenk, pwouve osinon pesyade yon reseptè sou yon sijè kelkonk. Kisa k ap pèmèt yo rekonèt yon tèks agimantatif ?
Karakteristik diskou agimantatif la : Yon diskou agimantatif toujou gen yon lide y ap defann osinon konbat sou yon sijè (tèm) kelkonk. Pou defann lide sa, yo sèvi ak yon seri pwosede yo rele agiman. Dwe gen egzanp pou ilistre epi kore agiman sa yo. Gen lòt eleman tankou figi estil yo ak konektè lojik yo ki enpòtan anpil nan tèks agimantatif la. Konektè lojik yo la pou mete koyezyon ak koyerans nan agimantasyon an. Selon objektif otè tèks agimantatif la, li kapap itilize twa pwosede diferan nan agimantasyon an (demonstrasyon, eksplikasyon agimantatif, refitasyon).
Pwosede agimantatif yo :
Demonstrasyon: Lè nan yon diskou agimantatif objektif la se montre (demnontre) byen fonde yon lide, yo rele pwosede sa a demontrasyon. Nan ka sa a otè tèks la vini ak agiman lojik pou l defann lide li a, li dwe sèvi ak yon vokabilè ki presi epi plis sèvi ak mo yo nan sans denote.
Eksplikasyon agimantatif : si objektif otè se enfliyanse yon destinatè pou l fè l chanje opinyon sou yon sijè kelkonk, yo rele pwosede sa a eksplikasyon agimantatif. Nan ka sa a, li itilize plizyè pwosede ekplikatif : tankou definisyon, ilistrasyon, li bay anpil egzanp…
Refitasyon : Lè objektif otè a se konbat yon lide pou l kapab defann pwòp lide pa li yo rele sa refitasyon. Nan ka sa li itilize pwosede tankou konsesyon, figi opozisyon…
Etid sibòdone yo :
Definisyon fraz konplèks : yon fraz konplèks se yon fraz ki genyen plizyè pwopozisyon. Selon tip lyen ki relye pwopozisyon yo : genyen fraz konplèks avèk jikstapozisyon, kowòdinasyon ak sibòdinasyon.
Diferan kategori fraz konplèks: Jan sa te di pi wo a, genyen plizyè kategori fraz konplèks selon tip lyen ki relye pwopozisyon. Seyans sa ap konsène sèlman etid fraz konplèks avèk kowòdinasyon ak sibòdinasyon men l ap plis konsantre sou sibòdone yo.
Fraz konplèks avèk kowòdinasyon : gen fraz konplèks avèk kowòdinasyon lè gen yon kowòdonan (men, e, ni, ou, donk…) ki relye pwopozisyon yo.
Fraz konplèks avèk sibòdinasyon : Gen fraz konplèks avèk sibòdinasyon lè genyen yon sibòdonan ki relye pwopozisyon yo. Genyen diferan tip lyen sibòdonan konsa genyen sibòdone relativ, konpletiv ak sikonstansyèl. Anseyan ap kapab apwofondi etid fraz konplèks yo ak elèv yo avèk Jockey Berde FEDEXY (Gramè deskriptif kreyòl ayisyen, p122-133).
Évaluation et régulation / Evalyasyon ak regilasyon
Depi kèk tan y ap pale sou ‘’zak vyolans’’ nan lekòl yo. Men kisa ki lakoz, ki eksplike zak vyolans sa yo ? Se koze sa ki okipe lespri anpil moun k ap travay nan domèn edikasyon an, ki pouse yo chèche solisyon ki kapab mete yon bout nan kalamite sa a.
Premyèman, demisyon paran yo nan edikasyon timoun yo, met sou chomaj, mizè ak maltretans nan fanmi yo favorize konpòtman vyolan nan lekòl la ak delekans jivenil.
Apresa vyolans lan pa limite a elèv yo sèlman, men li touche tout pèsonel lekòl la, sitou pwofesè yo. Vrèman vre, mank kominikasyon ant pwofesè ak elèv ka debouche sou gwo mo (vyolans vèbal), vye jès, epi anpil fwa sou (vyolans fizik, menm lè lalwa entèdi sa. Alòs, kijan nou vle timoun, jèn ki sibi vyolans pa repwodui zak sa yo tou sou lòt timoun ?
Anplis de sa, absans total oswa mank edikasyon demokratik lakay nou, ki t ap ka ankouraje kilti lapè ak dyalòg, souvan menmen elèv yo jwenn yon lòt mannyè pou yo mennen doleyans yo. Sa ki kite yon boulva kèk jèn ka eksplwate pou yo pa respekte règ yo, epi pwofite enpoze volonte pa yo. Konsa yo tounen pwovokatè, nou ka menm di : ‘’bandi, chimè’’.
Pou n fini, li enpòtan anpil pou tout reponsab etablisman eskolè yo, paran yo, ak pwofesè yo goumen ak fòs kont tout zak vyolans, epitou pran tout mezi pou retabli misyon lekòl la.
Wanda Pierre et Fleuanna Fleurival (2021), Kreyòl pale kreyòl ekri, Pòtoprens EDITHA, P 23
Kesyon sou tèks la (40 pwen) :
Prezante tèks la: Sous, Lide prensipal, Nati (jistifye repons ou an).
Daprè tèks la, kisa ki eskplike devlopman vyolans lan nan lekòl yo?
Daprè ou menm, ki mezi ki ta dwe pran pou konbat pwoblèm vyolans lan nan lekòl yo?
Pwodui yon enonse pou chak tip fraz konplèks sa yo : fraz konplèks avèk sibodone relativ, konpletiv, sikonstansyèl tan.
Pwodiksyon ekri :
Ekri yon tèks agimantatif pou montre fanm ak gason egal (20 liy maksimòn).
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Aktivite k ap pèmèt anseyan ede elèv ki pa byen devlope konpetans li te vize yo:
Anseyan kapab fòme gwoup espesifik pou elèv ki pa rive devlope konpetans li te vize yo. Li kapab mande direksyon lekòl la yon 30 minit siplenmantè pou l ka travay ak yo apa sinon li kapab ba yo travay pou yo fè lakay yo pou yo ka plis abitye ak nosyon yo. Li ka pran 5 minit nan kou a tou pou l bay gwoup elèv sa yo kèk eksplikason siplematè.
Anseyan kapab mande elèv ki plis avanse yo fè gwoup ak sa ki pa rive devlope konpetetans li te vize a aprè sa l ap verifye kòman yo evolye.
Pwofesè a kapab reprann kèk aktivite li te deja fè k ap pèmèt yo idantifye nosyon ki pa klè yo konsa pwofesè a ka pwofite ba yo plis eksplikasyon sou sa a.
Aprè pwofesè a fin fè tout aktivite sa yo k ap pèmèt tout elèv yo gen yon nivo ki akseptab, l ap fè yon lòt evalyasyon pou elèv sa yo sèlman pou verifye travay remedyasyon an epi asire l tout bon vre elèv yo rive devlope konpetans li te vize a.
Séance / Seyans 3 : Etid yon ekstrè tèks agimantatif⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Gramè kreyòl, Gerard-Marie Tardieu, 2013
Chemen Konesans: Liv kreyòl 8e ane, Pierre Arnel Charles, 2019
Mèt Lawouze Douvanjou / Gouverneur de la Rosée, Jacques ROUMAIN, Tradiksyon Clotaire SAINT-NATUS, ed. Henry Deschamps, Ayiti 2007(ekstrè agimantatif)
https://www.youtube.com/watch?v=-kbB7IcIVRM ((Pèlen Tèt, Franckétienne – Vèsyon odyo, Polidò ak Piram) ekstrè agimantatif)
Moso Chwazi Pawòl ki ekri an kreyòl Ayisyen / Anthologie de la littérature Créole Haïtienne, Jean-Claude BAJEUX, ed. Antilia, 1999
Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, FEDEXY, Jockey Berde
Gramè kreyòl, 7e, 8e, 9e, Gerard-Marie Tardieu, 2013
Kreyòl pale kreyòl ekri– 8èm ak 9èm Ane fondamantal, Wanda Pierre/Fleuanna Fleurival, 2021
Déroulement de la séance/Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps / Tan 1 Rapèl (Rapèl la dwe fèt ansanm ak yon tès evalyasyon) prezantasyon nosyon k ap obòde nan sekans II a. | 1 èdtan | Pou kòmanse kou a, Pwofesè a fè yon rapèl sou nosyon li te abòde nan sekans 1 an epi li prezante plan pou sekans sa a. li kapab pwofite konble kèk vid pou kèk elèv ki pa t fin byen asimile nosyon yo te abòde nan sekans I an. | Tout elèv dwe respekte prensip pwofesè fikse pou tès sa a kapab fèt. Aprè sa, ak èd Anseyan an, y ap kapab korije tès la sou tablo a. |
Temps / Tan 2 Analize yon estre teks: liberasyon fanm (ref. Pierre A. Charles, Chemen konesans, ed. 2021 p 167) | 1 èdtan | Pwofesè ap pwopoze elèv yo ekstrè tèks y ap analize a epi l ap pwopoze yo gri analiz pou yo idantifye tèm, tèz, agiman ak egzanp otè itilize pou defann tèz li a. | Elèv yo kapab note nan kaye yo eleman enpòtan nan tèks yo sot analize a. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Aktivite an gwoup: Pwofesè ap divize klas la an plizyè gwoup epi l ap mande chak gwoup ekri yon tèks agimantif sou youn nan tèm sa yo (edikasyon pou tout, degradasyon anviwònman, katastwòf natirèl ak pwopozisyon divès solisyon pou rezoud pwoblèm sa yo) apre yon elèv nan chak gwoup kapab li tèks gwoup li a pou klas la.
Anseyan an ap chwazi youn nan tèm ki pwopoze pi wo a pou l mande elèv yo fè deba, li kapab fè sa an gwoup (gwoup kont gwoup) osinon endividyèl (elèv kont elèv)
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Aktivite k ap pèmèt anseyan ede elèv ki pa byen devlope konpetans li te vize yo:
Anseyan kapab fòme gwoup espesifik pou elèv ki pa rive devlope konpetans li te vize yo. Li kapab mande direksyon lekòl la yon 30 minit siplemantè pou l ka travay ak yo apa osinon li kapab ba yo travay pou yo fè lakay yo konsa y ap plis abitye ak nosyon yo. Li ka pran 5 minit nan kou a tou pou l bay gwoup elèv sa yo kèk eksplikason siplemantè.
Anseyan kapab mande elèv ki plis avanse yo fè gwoup ak sa ki pa rive devlope konpetetans li te vize a aprè sa l ap verifye kòman yo evolye.
Pwofesè a kapab reprann kèk aktivite li te deja fè k ap pèmèt yo idantifye nosyon ki pa klè yo konsa pwofesè a ka pwofite ba yo plis eksplikasyon sou sa.
Séance / Seyans 4 : Etid vèb (tan 1) ak figi estil (tan2)⚓
Supports et matériel / Sipò ak materyèl
Gramè kreyòl, Gerard-Marie Tardieu, 2013
Mèt Lawouze Douvanjou / Gouverneur de la Rosée, Jacques ROUMAIN, Tradiksyon Clotaire SAINT-NATUS, ed. Henry Deschamps, Ayiti 2007(ekstrè agimantatif)
https://www.youtube.com/watch?v=-kbB7IcIVRM (Pèlen Tèt, Franckétienne – Vèsyon odyo, Polidò ak Piram) ekstrè agimantatif)
Moso Chwazi Pawòl ki ekri an kreyòl Ayisyen / Anthologie de la littérature Créole Haïtienne, Jean-Claude BAJEUX, ed. Antilia, 1999
Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an, FEDEXY, Jockey Berde
Gramè kreyòl, 7e, 8e, 9e, Gerard-Marie Tardieu, 2013
Chemen Konesans: Liv kreyòl 8e ane, Pierre Arnel Charles, 2019
Kreyòl pale kreyòl ekri– 8èm ak 9èm Ane fondamantal, Wanda Pierre/Fleuanna Fleurival, 2021
Déroulement de la séance / Dewoulman seyans la
Etape/Etap | Durée/Dire | Ce que fait l’enseignant/Sa anseyan an ap fè | Ce que fait l’élève/Sa elèv yo ap fè |
---|---|---|---|
Temps / Tan 1 Rapèl (Rapèl la dwe fèt ansann ak yon tès evalyasyon)/prezantasyon nosyon n ap abòde nan seyans V lan. | 1 èdtan | Pou kòmanse kou a, Pwofesè a fè yon rapèl sou nosyon li te abòde nan seyans v lan epi li prezante plan pou seyans sa a. li kapab pwofite konble kèk vid pou kèk elèv ki pa t fin byen asimile nosyon yo te abòde nan seyans V lan. Apresa sa l ap komanse ak etid vèb la kote l ap defini vèb tranzitif, fè diferans ant vèb tranzitif dirèk ak tranzitif endirèk/defini vèb seryèl. | Tout elèv dwe respekte prensip pwofesè a fikse pou tès sa a kapab fèt. Apre sa a, avèk èd pwopofesè a, elèv yo ap korije tès la sou tablo a. ansuit elèv yo ap note nan kaye yo definisyon ak eksplikasyon yo abòde ak anseyan sou vèb tranzitif/ entranzitif ak vèb seryèl. |
Temps / Tan 2 Definisyon figi estil ak prezantasyon diferan tip figi estil yo. | 1 èdtan | Anseyan ap defini ak elèv yo figi estil yo epi fè yon prezantation (eksplikasyon/egzanp) sou figi retorik yo itilize pi souvan yo. | Elèv yo ap note nan kaye yo definisyon figi estil ak eksplikasyon sou tout figi retorik anseyan abòde ak yo, yo kapab chache lòt figi retorik pou anrichi konesans yo. Elèv yo ap idantifye diferan figi estil nan kèk tèks literè (fab, diskou agimantatif, pwezi) pwofesè a ap pwopoze yo. |
Production attendue / Pwodiksyon elèv yo
Aktivite an gwoup: Pwofesè ap divize klas la an plizyè gwoup epi mande chak gwoup defini vèb tranzitif ; vèb entranzitif /fè diferans ant vèb tranzitif dirèk ak endirèk ; defini vèb seryèl epi bay kèk egzanp vèb seryèl.
Anseyan an ap mande elèv yo pwodui yon enonse pou chak tip figi estil li te abòde ak yo nan kou a.
Trace écrite pour l’élève / Tras ekri pou elèv la
Definisyon vèb: yon vèb se yon kategori mo (kategori mòfosentaks) ki endike swa yon aksyon osinon yon eta se sa yo rele pwosè vèb la. Gen diferan kategori vèb. Kou sa a ap etidye vèb tranzititif/ entranzitif ak vèb seryèl.
Diferans ant vèb tranzitif ak vèb entranzitif :
vèb tranzitif : yon vèb tranzitif se yon vèb ki admèt yon konpleman objè : li kapab yon konpleman objè dirèk (vèb tranzitif dirèk) ; li kapab yon konpleman objè endirèk (vèb tranzitif endirèk).
vèb entranzitif : yon vèb entranzititif se yon vèb ki pa admèt okenn konpleman objè sa vle di li pa aspte ni konpleman objè dirèk ni konpleman objè endirèk.
vèb seryèl, definisyon : yon vèb seryèl se plizyè vèb ki fonksyone tankou yon sèl. Pou pi klè gen vèb seryèl lè plizyè vèb nan yon enonse eksprime yon sèl lide. Gen plizyè kritè k ap pèmèt yo rekonèt yon vèb seryèl.
kritè pou rekonèt yon vèb seryèl : genyen twa(3) kritè prensipal ki pou reyini pou gen vèb seryèl :
dwe gen plizyè vèb ki eksprime yon sèl lide donk yo fonksyone tankou yon sèl vèb.
pa dwe gen okenn mòfèn ki relye vèb sa yo.
dwe gen yon sèl sijè pou vèb sa yo.
Egzanp:
Mari annik tande vwa manman l li pete kouri kite lòt timoun yo.
Manifestan yo kraze brize tout kote pase sou wout Nazon an.
Minis yo rale mennen vini sou kesyon ensekirite a.
Figi estil, definisyon : figi estil se yon seri pwosede yon lokitè itilize lè l ap pale osinon lè l ap ekri pou sa l ap di parèt pi bèl osinon pi konvenkan. Anseyan kapab etidye figi estil ak elèv yo nan liv Wanda Pierre/F leuanal Fleurival (Kreyòl pale kreyòl ekri, p26 ; 29 ; 46 ; 48)
Évaluation et régulation / Evalyasyon ak regilasyon
Anseyan ap pwopoze elèv yo yon tèks epi l ap poze kesyon sou tèks la.
Ansuit, y ap Suiv byen oryantasyon yo pou yo kapab reponn kesyon ki pi ba yo.
I. Defini vèb transitif/vèb entranzitif epi endike diferans ki genyen ant vèb tranzitif dirèk/vèb tranzitif endirèk.
II. Jwenn ki figi estil ki nan enonse ki pi ba yo:
Chèz la di li fatige yo chita twòp sou li ( ).
Manman Anita renmen l, Anita renmen manman l ( ).
Anit se yon mouton ( ).
Anita bèl menmjan ak manman l ( ).
Anita gen yon syèk depi li pa desann lavil ( ).
Éléments de remédiation / Eleman pou remedyasyon
Aktivite k ap pèmèt anseyan ede elèv ki pa byen devlope konpetans li te vize yo:
Anseyan kapab fòme gwoup espesifik pou elèv ki pa rive devlope konpetans li te vize yo. Li kapab mande direksyon lekòl la yon 30 minit siplemantè pou l ka travay ak yo apa osinon li kapab ba yo travay pou yo fè lakay yo konsa y ap plis abitye ak nosyon yo. Li ka pran 5 minit nan kou a tou pou l bay gwoup elèv sa yo kèk eksplikason siplemantè.
Anseyan kapab mande elèv ki plis avanse yo fè gwoup ak sa ki pa rive devlope konpetetans li te vize a aprè sa l ap verifye kòman yo evolye.
Pwofesè a kapab reprann kèk aktivite li te deja fè k ap pèmèt yo idantifye nosyon ki pa klè yo konsa pwofesè a ka pwofite ba yo plis eksplikasyon sou sa.